Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 14

Se pou nou onèt nan tout bagay

Se pou nou onèt nan tout bagay

“Nou vle konpòte nou yon fason ki dwat nan tout bagay.” — EBRE 13:18.

1, 2. Poukisa Jewova kontan lè li wè n ap fè efò pou nou rete onèt? Bay yon egzanp.

YON manman ap soti nan yon magazen ansanm ak pitit gason l. Bridsoukou, timoun nan kanpe. Sou figi l, ou ka wè li kontrarye. Li gen yon ti jwèt nan men l, yon ti jwèt li te pran nan magazen an, men li te bliye mete l nan plas li oswa li te bliye mande manman l achte l pou li. Li santi l boulvèse e li rele manman l pou l ede l. Manman an kalme l, li mennen l tounen nan magazen an pou l ka remete jwèt la nan plas li e pou l mande eskiz. Pandan pitit li ap fè sa, manman an santi kè l kontan e li santi l fyè. Poukisa?

2 Youn nan bagay ki fè kè paran yo kontan anpil se lè yo wè pitit yo konprann jan li enpòtan pou yo onèt. Epitou, sa fè kè Papa nou ki nan syèl la kontan anpil tou, li menm ki se “Bondye verite a”. (Sòm 31:5.) Lè l ap gade jan n ap pwogrese pou n vin gen pi bon relasyon avè l, sa fè l plezi pou l wè n ap lite pou nou rete onèt. Piske nou vle fè l plezi e nou vle rete nan lanmou l, nou gen menm santiman ak apot Pòl ki te ekri: “Nou vle konpòte nou yon fason ki dwat nan tout bagay.” ​(Ebre 13:18). Annou konsidere kat domèn enpòtan nan lavi a kote nou ka twouve li difisil anpil pafwa pou nou onèt. Apre sa, nou pral egzamine kèk byenfè n ap jwenn lè nou onèt.

SE POU NOU ONÈT AK TÈT NOU

3-5. a) Ki jan Pawòl Bondye a avèti nou konsènan danje ki genyen pou nou twonpe tèt nou? b) Ki sa k ap ede nou pou nou onèt ak tèt nou?

3 Premye defi pou nou leve se aprann onèt ak tèt nou. Piske nou enpafè, li vrèman fasil pou nou twonpe tèt nou. Pa egzanp, Jezi te di kretyen Lawodise yo yo t ap twonpe tèt yo paske yo te panse yo rich, alòske, anrapò ak relasyon yo avèk Bondye, yo te ‘pòv, yo te avèg e yo te toutouni’. Yo te vrèman nan yon move eta (Revelasyon 3:17). Lefètke yo t ap twonpe tèt yo, sa te mete yo nan yon sitiyasyon ki pi danjere toujou.

4 Nou ka sonje avètisman sa a disip Jak te bay la tou lè l te di: “Si yon moun panse l ap adore Bondye, epoutan li pa bride lang li, se twonpe l ap twonpe tèt li, e adorasyon l ap bay la pa gen valè.” ​(Jak 1:26). Si nou ta panse Jewova ap aksepte adorasyon n ap ba li a malgre nou mal itilize lang nou, se tèt nou sèlman nou t ap twonpe. Adorasyon n ap bay Jewova a t ap san valè, e se t ap pou granmesi n ap sèvi l. Ki sa k ka anpeche nou tonbe nan yon move sitiyasyon konsa?

5 Nan vèsè anvan yo, Jak konpare laverite ki nan Pawòl Bondye a ak yon glas. Li konseye nou pou nou gade nan lwa pafè Bondye a e pou nou fè chanjman nou wè ki nesesè. (Li Jak 1:23-25.) Bib la ka ede nou pou nou onèt ak tèt nou e li ka ede nou wè ki sa nou dwe fè pou nou fè chanjman ki nesesè yo (Lamantasyon 3:40; Aje 1:5). Anplis de sa, nou ka priye Jewova e nou ka mande l pou l egzamine nou, pou l ede nou wè gwo defo nou gen lakay nou e pou l ede nou pote chanjman (Sòm 139:23, 24). Lè nou pa onèt, se yon pwoblèm sa ye, e nou bezwen wè pwoblèm sa a menm jan ak Papa nou ki nan syèl la. Pwovèb 3:32 di: “Jewova pa vle wè moun k ap fè sa k pa sa, men, li bon zanmi ak moun ki dwat.” Jewova ka ede nou vin wè bagay yo menm jan avè l, li ka ede nou wè tèt nou jan li menm li wè nou. Nou ka sonje Pòl te di: “Nou vle konpòte nou yon fason ki dwat.” Nou pap ka vin pafè kounye a, men se ak tout kè nou nou vle rete onèt, e nou fè anpil efò pou sa.

SE POU NOU ONÈT NAN FANMI NOU

Lè nou onèt, sa ede nou evite fè aksyon nou ta ka gen tandans kache.

6. Poukisa moun marye yo dwe onèt youn ak lòt, e ki danje yo evite lè yo aji konsa?

6 Nan yon fanmi ki kretyen, moun yo dwe onèt youn ak lòt. Se sa k fè ni mari ni madanm dwe santi yo alèz pou yo pale youn ak lòt e yo dwe di youn lòt laverite. Pa gen plas nan maryaj kretyen yo pou yon seri pratik ki pa bon e ki pa pwòp. Pa egzanp, flète ak yon lòt moun, devlope relasyon santimantal ak lòt moun sou Entènèt an kachèt, oswa gade pònografi sou kèlkeswa fòm nan. Gen kèk moun ki marye ki konn aji konsa toutpandan yo kache sa pou moun yo marye avè l la. Lè yo fè sa, yo montre yo pa onèt. Remake ki sa wa David, yon wa ki te fidèl te di: “Mwen pa mele ak moun k ap twonpe moun, e mwen pa pran pa ak moun k ap kache sa yo ye.” ​(Sòm 26:4). Si w marye, pinga w janm fè anyen w ap oblije kache pou moun ou marye avè l la!

7, 8. Ki egzanp biblik ki ka ede timoun yo wè jan li enpòtan pou yo onèt?

7 Lè paran yo ap anseye pitit yo enpòtans pou yo onèt, li bon pou yo sèvi ak egzanp ki nan Bib la. Pou yo montre konsekans sa genyen lè yon moun pa onèt, yo ka sèvi ak egzanp Akan ki te vòlè e ki t ap eseye kache vòl li te fè a. Yo ka sèvi tou ak egzanp Geyazi ki te bay manti pou l te ka jwenn avantaj ekonomik ak egzanp Jida ki te vòlè e ki te bay gwo manti sou Jezi avèk mechanste pou malè ka rive l. — Jozye 6:17-19; 7:11-25; 2 Wa 5:14-16, 20-27; Matye 26:14, 15; Jan 12:6.

8 Kòm egzanp moun ki te onèt, yo ka pran egzanp Jakòb ki te konseye pitit li yo pou yo pote lajan yo te jwenn nan sak yo tounen paske li te panse petèt se yon erè ki te fè yo mete lajan an nan sak yo. Yo ka sèvi ak egzanp Jefte, ak egzanp pitit fi l la ki te respekte ve papa l te fè a, byenke sa te mande pou l fè gwo sakrifis. Yo ka sèvi ak egzanp Jezi ki te idantifye tèt li san l pa pè, devan yon foul moun vyolan ki te vin dèyè l, e ki te fè sa nonsèlman pou l reyalize pwofesi yo ki te gen rapò avèk li, men tou pou l pwoteje zanmi l yo (Jenèz 43:12; Jij 11:30-40; Jan 18:3-11). Egzanp sa yo ka bay paran yo yon ide sou richès ki gen nan Pawòl Bondye a ki ka ede yo montre pitit yo jan li enpòtan pou yo onèt.

9. Ki sa paran yo pa dwe fè si yo vle ankouraje pitit yo pou yo onèt, e poukisa li enpòtan pou yo menm yo onèt?

9 Lè paran yo anseye pitit yo konsa, yo menm tou yo gen yon gwo obligasyon. Men sa apot Pòl te di: “W ap anseye lòt moun, epi w pa anseye tèt ou? Ou menm k ap preche: ‘Pa vòlè’, w ap vòlè?” ​(Women 2:21). Gen kèk paran ki lage pitit yo nan konfizyon akoz yo anseye yo pou yo onèt, alòske yo menm yo pa onèt. Yo ka chèche bay eskiz pou ti vòl yo fè oswa yo ka chèche bay eskiz pou pawòl yo di pou twonpe moun. Yo ka di: “Ah, mèt biznis la deja konnen moun ap pran bagay sa yo” oubyen: “Se yon vyepti manti, sa pa anyen.” Men an reyalite, tout vòl se vòl, kèlkeswa valè sa moun nan vòlè a genyen, e tout manti se manti, kèlkeswa manti a, kit se gwo manti, kit se ti manti *. (Li Lik 16:10.) Lè yon paran ipokrit, pitit li ap wè sa byen vit, e sa ka ba yo anpil pwoblèm (Efezyen 6:4). Sepandan, lè timoun yo aprann pou yo onèt paske paran yo ba yo bon egzanp, sa ka fè yo grandi pou yo vin moun ki onèt nan monn sa a ki malonèt. — Pwovèb 22:6.

SE POU NOU ONÈT NAN KONGREGASYON AN

10. Ki sa nou pa dwe janm bliye toutpandan nou vle montre nou onèt lè n ap pale ak frè n ak sè n yo?

10 Lè nou frekante konpayon kretyen nou yo, sa ban nou okazyon pou nou montre nou onèt. Jan nou te aprann sa nan chapit 12 la, nou dwe veye sou fason nou sèvi ak kapasite nou genyen pou nou pale a ki se yon kado Bondye ban nou, sitou lè n ap pale ak frè ak sè nou yo nan kongregasyon an. Konvèsasyon n ap fè chak jou ka tounen tripotay, e yo ka menm tounen medizans. Si n ap repete yon bagay nou pa ka verifye, nou ka patisipe nan gaye manti. Kidonk, li pi bon pou nou kontwole lang nou (Pwovèb 10:19). Yon lòt bò, nou ka konnen yon bagay se verite, men sa pa vle di nou oblije pale l. Pa egzanp, se kapab yon bagay ki pa konsène nou, oswa sa t ap montre nou pa gen konpasyon si n pale de bagay sa a (1 Tesalonisyen 4:11). Gen kèk moun ki pale mal ak moun, men, pou yo bay tèt yo eskiz pou fason yo pale a, yo ka di yo te onèt ak moun nan. Sepandan, nou ta dwe toujou pale byen ak lòt moun. — Li Kolosyen 4:6.

11, 12. a) Nan ki sans kèk moun ki fè peche grav konn agrave sitiyasyon yo? b) Ki manti konsa Satan bay konsènan peche grav, e ki jan nou ka konbat manti sa yo? c) Ki jan nou ka montre nou onèt ak òganizasyon Jewova a?

11 Li enpòtan pou nou onèt sitou ak moun ki pran latèt nan kongregasyon an. Gen kèk kretyen ki konn fè yon peche grav e ki agrave sitiyasyon an lè yo eseye kache peche yo fè a e yo bay ansyen yo manti lè ansyen yo poze yo kesyon sou peche a. Frè ak sè sa yo konn menm ap mennen yon vi doub. Yo pretann y ap sèvi Jewova toutpandan yo kontinye ap pratike yon peche ki grav. Anfèt, yon moun k ap mennen yon vi konsa, se nan manti l ap viv (Sòm 12:2). Gen lòt moun ki konn di ansyen yo mwatye verite e yo kache enfòmasyon ki pi enpòtan yo (Travay 5:1-11). Byen souvan, yo aji konsa paske yo kwè nan manti Satan ap simaye yo. — Gade kare ki gen tit: “ Kèk manti Satan bay anrapò ak peche grav.

12 Li enpòtan tou pou nou onèt ak òganizasyon Jewova a lè n ap reponn kesyon alekri. Pa egzanp, lè n ap ranpli fich rapò nou, nou dwe fè atansyon pou tout sa nou ekri yo egzak. Menm jan an tou, lè n ap ranpli yon aplikasyon pou yon fòm sèvis, nou ta dwe toujou bay laverite sou eta sante nou oswa sou nenpòt lòt aspè nan lavi nou. — Li Pwovèb 6:16-19.

13. Ki sa nou ka fè pou nou rete onèt ak frè n ak sè n yo nan kesyon travay?

13 Nan kesyon biznis tou, nou dwe onèt ak kwayan parèy nou yo. Pafwa, konn gen kretyen ki achte machandiz nan men frè ak sè yo oswa ki konn vann yo machandiz. Yo dwe fè atansyon pou yo pa mele kesyon ki gen rapò ak biznis ak adorasyon y ap bay Jewova a, kit se nan Sal Wayòm nan, kit se nan ministè a. Pafwa, yon kretyen ka gen yon biznis epi gen yon kwayan parèy li k ap travay pou li. Si nou gen frè oubyen sè k ap travay pou nou, nou dwe veye pou nou trete yo byen. Pa egzanp, nou dwe peye yo alè, nou dwe peye yo kantite kòb nou te antann nou sou li a, e nou dwe ba yo avantaj nou te pwomèt yo, oswa avantaj lalwa prevwa pou nou ba yo (1 Timote 5:18; Jak 5:1-4). Konsa tou, si n ap travay pou yon frè oswa yon sè, nou pa dwe pran nan kantite lè li peye nou pou li a (2 Tesalonisyen 3:10). Nou pa dwe atann pou l trete nou yon fason espesyal paske nou toule de Temwen Jewova, kòmkwa li dwe ban nou konje ak lòt avantaj li pa bay lòt anplwaye yo. — Efezyen 6:5-8.

14. Lè de kretyen angaje yo nan yon biznis ansanm, ki prekosyon ki saj yo dwe pran, e poukisa?

14 Men, e si de kretyen ap fè biznis ansanm, petèt yo fè yon envestisman ansanm oubyen youn prete lòt kòb? Bib la bay yon konsèy ki itil anpil: mete tout bagay pa ekri! Pa egzanp, lè pwofèt Jeremi t ap achte yon teren, li te mete tout bagay pa ekri nan yon dokiman, li te rekopye dokiman sa a, e li te byen konsève toule de yon kote pou l te ka jwenn yo lè l bezwen yo. (Jeremi 32:9-12; gade Jenèz 23:16-20 tou.) Lè n ap fè biznis ak kwayan parèy nou e nou mete tout detay pa ekri san nou pa bliye siyen dokiman nou ekri a devan lòt moun ki sèvi kòm temwen, sa pa vle di se konfyans nou pa fè kwayan parèy nou yo. Okontrè, sa ede nou evite malantandi, desepsyon e menm pwoblèm ki ka lakòz divizyon. Se sa k fè tout kretyen k ap fè biznis ansanm ta dwe toujou sonje, kèlkeswa biznis y ap fè a, sa pa dwe janm twouble lapè oswa kraze inite ki gen nan kongregasyon an *. — 1 Korentyen 6:1-8.

SE POU NOU ONÈT NAN MONN NAN

15. Ki jan Jewova konsidere pratik malonèt nan biznis, e ki jan kretyen yo konsidere kesyon sa a?

15 Antanke kretyen, se pa nan kongregasyon an sèlman pou nou onèt. Apot Pòl di: “Nou vle konpòte nou yon fason ki dwat nan tout bagay.” ​(Ebre 13:18). Nan kesyon biznis, Kreyatè nou an vrèman vle pou nou onèt. Nan liv Pwovèb la sèlman, ekspresyon fo balans lan parèt plizyè fwa (Pwovèb 11:1; 20:10, 23). Nan tan lontan, moun yo te konn sèvi ak balans ak pwa lè y ap achte e y ap vann pou yo peze machandiz e pou yo peze kòb yo te konn sèvi pou achte machandiz yo. Machann ki pa t onèt yo te konn sèvi ak de kalite pwa e yo te konn sèvi ak yon balans ki pa egzak pou yo twonpe kliyan yo e pou yo vòlè yo *. Jewova rayi sa! Pou nou rete nan lanmou Bondye, nan kesyon biznis, nou dwe veye pou nou pa malonèt.

16, 17. Ki kalite aksyon malonèt ki kouran nan monn nan jodi a, e ki sa vrè kretyen yo detèmine pou yo fè?

16 Lefètke se Satan k ap dirije monn nan, sa pa etonan pou nou wè zak malonèt gaye tout kote konsa. Chak jou, nou ka twouve nou nan sitiyasyon kote nou jwenn tantasyon pou nou aji yon fason ki malonèt. Souvan, lè moun ap chèche travay, yo bay manti nan kourikoulòm vite yo konsènan kalifikasyon ak eksperyans yo genyen. Gen lòt moun ki gen abitid bay repons ki pa vre pou yo ka jwenn sa yo vle a lè y ap ranpli yon seri fòmilè, tankou fòmilè pou imigrasyon, pou taks, pou asirans, ak lòt kalite fòmilè. Gen anpil etidyan ki konn pran poul nan egzamen y ap fè nan lekòl yo. Lè pou yo fè redaksyon oswa disètasyon, yo konn ale sou Entènèt, yo kopye travay yon lòt moun te deja fè e yo prezante travay sa a kòm travay pa yo. Gen lòt moun, lè yo annafè ak ofisyèl nan gouvènman ki kòwonpi, yo pwopoze yo lajan pa anba pou yo ka jwenn sa yo vle a. Anfèt, nou pa ta ka atann pou moun yo gen yon lòt konpòtman nan yon monn kote pifò moun ‘renmen pwòp tèt yo, yo renmen lajan [...], yo pa renmen sa ki byen’. — 2 Timote 3:1-5.

17 Vrè kretyen yo detèmine pou yo pa fè okenn nan bagay sa yo. Sa ki konn fè li difisil pou yon moun rete onèt pafwa, se paske moun ki malonèt yo sanble reyisi, e nan monn n ap viv jodi a, sanble se afè moun sa yo k ap mache (Sòm 73:1-8). Yon lòt bò, gen kretyen ki gen pwoblèm ekonomik paske yo vle rete onèt “nan tout bagay”. Èske sa vo lapèn pou yo aji konsa? Wi, sa vo lapèn! Poukisa? Ki benediksyon yo jwenn lè yo rete onèt?

BYENFÈ MOUN JWENN LÈ YO ONÈT

18. Poukisa lè yon moun gen repitasyon moun ki onèt, sa gen anpil valè?

18 Pa gen anpil bagay nan monn nan ki gen plis valè pase bon repitasyon yon moun genyen lè li onèt e moun ka fè l konfyans. (Gade kare ki gen tit: “ Èske m toujou onèt?”) Nenpòt moun ka vin gen yon repitasyon konsa. Sa pa depann de talan nou, richès nou, bote nou, aparans nou, klas sosyal nou oswa lòt bagay nou pa gen kontwòl sou yo. Toutfwa, anpil moun pa gen bon repitasyon, yon bagay ki gen anpil valè. Se yon bagay ki ra (Miche 7:2). Gen moun ki ka pase w nan rizib paske w onèt, men gen lòt moun k ap apresye sa, k ap respekte w poutèt sa e k ap fè w konfyans. Gen anpil Temwen Jewova ki menm jwenn avantaj ekonomik lefètke yo onèt. Yo konn reyisi kenbe travay yo, alòske anplwaye ki malonèt konn pèdi travay yo, oubyen, yo konn jwenn travay lè gen patwon k ap chèche moun ki onèt pou yo bay travay.

19. Lè nou onèt, ki efè sa gen sou konsyans nou ak sou relasyon nou genyen ak Jewova?

19 Menmsi sa pa t rive w pèsonèlman, w ap jwenn plis byenfè toujou paske w onèt. W ap gen yon konsyans ki klè, e sa se yon gwo byenfè. Pòl te ekri: “Nou gen konviksyon konsyans nou klè.” ​(Ebre 13:18). Anplis de sa, Papa nou ki nan syèl la pap manke pa remake bon repitasyon w genyen an, li menm ki renmen moun ki onèt. (Li Sòm 15:1, 2; Pwovèb 22:1.) Wi, lè nou onèt, sa ede nou rete nan lanmou Bondye, e nou pap chèche pi gwo rekonpans pase sa. Kounye a, annou egzamine yon lòt sijè ki gen rapò ak kesyon onètete a: fason Jewova konsidere travay.

^ § 9 Nan kongregasyon an, si yon moun gen abitid bay manti kri sou lòt moun nan move entansyon, ansyen yo ka rele moun nan devan yon komite disiplin.

^ § 14 Pou nou konnen sa nou dwe fè lè nou rankontre pwoblèm nan kesyon fè biznis ansanm, gade Apendis la, nan atik ki gen tit: “Fason pou nou rezoud pwoblèm nan kesyon biznis.”

^ § 15 Yo te konn sèvi ak yon kalite pwa pou yo achte e yo te gen yon lòt kalite pou yo vann. Yo te sèvi ak pwa sa yo nan avantaj pa yo. Yo te konn sèvi tou ak yon balans ki te gen yon bò ki pi long oswa ki pi lou. Konsa, yo te ka twonpe kliyan yo e yo te ka vòlè yo sou chak sa yo vin achte.