Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 16

Se pou nou opoze ni ak Dyab la ni ak manèv li yo

Se pou nou opoze ni ak Dyab la ni ak manèv li yo

“Opoze ak Dyab la, e l ap kouri.” — JAK 4:7.

1, 2. Kiyès ki gen kè kontan lè gen batèm k ap fèt?

SI W gen plizyè ane depi w ap sèvi Jewova, siman ou deja tande plizyè diskou batèm nan asanble ki fèt yo. Sepandan, kèlkeswa kantite tan ou genyen depi w ap asiste evènman sa yo, lè moun ki chita nan premye ranje anfas estrad la kanpe pou yo prezante tèt yo kòm moun ki pral batize, petèt ou konn santi sa gen efè sou ou. Nan moman sa a, moun ki nan asistans lan konn santi yo kontan, e yo konn menm bat bravo. Petèt dlo konn koule nan je w lè w wè gen yon lòt gwoup moun ankò ki pran pozisyon pou Jewova. Èske nan moman sa yo nou pa santi nou kontan?

2 Menmsi nou gendwa asiste batèm plizyè fwa chak ane nan zòn kote n ap viv la, zanj yo gen privilèj pou yo asiste evènman sa a pi souvan pase nou lontan. Èske w imajine jan zanj yo dwe gen “kè kontan nan syèl la” lè y ap gade plizyè milye moun sou tout tè a k ap vin fè pati òganizasyon Jewova a chak semèn (Lik 15:7, 10)? Pa gen dout nan sa, zanj yo kontan anpil lè yo wè sa! — Aje 2:7.

DYAB LA AP “SIKILE TANKOU YON LYON K AP GWONDE”

3. Poukisa Satan ap sikile “tankou yon lyon k ap gwonde”, e ki sa li vle fè?

3 Sepandan, gen lòt kreyati espirityèl ki an kòlè anpil nan moman moun yo ap batize. Satan ansanm ak demon l yo fache anpil lè yo wè yon pakèt moun vire do bay monn kòwonpi sa a. Se nòmal pou yo fache piske Satan te fè kwè pa gen okenn moun k ap sèvi Jewova ak tout kè yo e li te fè kwè lèzòm pap rete fidèl lè yo anba gwo eprèv. (Li Jòb 2:4, 5.) Chak fwa gen yon moun ki vwe lavi l bay Jewova, li pwouve Satan se yon mantè. Se kòmsi, chak semèn pandan tout ane a, Satan resevwa plizyè milye kalòt. Donk, nou pa menm bezwen mande poukisa l ap ‘sikile tankou yon lyon k ap gwonde, k ap chèche devore yon moun’. (1 Pyè 5:8.) “Lyon” sa a vle devore nou, li vle deteryore relasyon nou genyen ak Bondye oswa menm detwi l nèt. — Sòm 7:1, 2; 2 Timote 3:12.

Chak fwa yon moun vwe lavi l bay Bondye e li batize, li pwouve Satan se yon mantè.

4, 5. a) Ki de bagay enpòtan ki montre Jewova limite enfliyans Satan? b) Ki asirans kretyen yo genyen?

4 Byenke nou anfas yon advèsè ki fewòs anpil, nou pa bezwen kite laperèz anvayi nou. Poukisa? Paske, Jewova limite enfliyans “lyon” sa a k ap “gwonde” a gen sou nou. Gen de bagay ki montre sa. Ki de bagay sa yo? Toudabò, pwofesi Bondye yo pa janm pa reyalize. Jewova te predi gen “yon gwo foul” vrè kretyen ki pral chape nan “gwo tribilasyon” ki gen pou vini an (Revelasyon 7:9, 14). Kidonk, menm Satan konnen li pap janm ka rive detounen tout moun nèt ki nan pèp Bondye a.

5 Dezyèm bagay ki montre aklè Bondye limite enfliyans Satan se yon pawòl enpòtan youn nan sèvitè Bondye nan tan lontan yo te di, anpalan de pwofèt Azarya. Men sa l te di wa Aza: “Jewova ap avèk nou toutotan nou rete avèk li.” ​(2 Kwonik 15:2; li 1 Korentyen 10:13.) Gen anpil egzanp nan Bib la ki montre nan tan lontan Satan pa t janm reyisi devore moun k ap sèvi Bondye fidèlman yo e ki rete pwòch ak Bondye (Ebre 11:4-40). Jodi a, yon kretyen ki rete pwòch ak Bondye ap anmezi pou l opoze ak Dyab la e pou l ranpòte laviktwa sou li. Anfèt, Pawòl Bondye a ban nou asirans sa a, li di: “Opoze ak Dyab la, e l ap kouri kite nou.” — Jak 4:7.

“NOU NAN YON KONBA [...] KONT ESPRI MECHAN YO”

6. Ki jan Satan atake chak kretyen an patikilye?

6 Satan pa ka ranpòte laviktwa sou nou antanke gwoup nan gè l ap mennen kont nou pou l kraze relasyon nou ak Bondye a. Men, li ka ranpòte laviktwa sou nou chak an patikilye si nou bese vijilans nou. Satan konnen li ka reyisi devore nou si li rive febli relasyon nou genyen ak Jewova a. Ki jan l eseye fè sa? Li atake nou avèk fòs, li atake nou chak apa, e li itilize yon seri metòd anba anba. Annou egzamine twa prensipal estrateji sa yo.

7. Poukisa Satan ap atake pèp Jewova a avèk fòs?

7 Atak li fè avèk fòs. Men sa apot Jan te di: “Lemonnantye anba pouvwa Mechan an.” ​(1 Jan 5:19). Nan pawòl sa yo, gen yon avètisman pou tout vrè kretyen. Piske Satan deja devore tout moun nan monn nan ki san respè pou Bondye, kounye a, li vize moun ki chape anba men l yo, anpalan de pèp Jewova a, e l ap ogmante atak l ap fè sou yo (Miche 4:1; Jan 15:19; Revelasyon 12:12, 17). Li an kòlè anpil paske li konnen tan li rete a kout. Se sa k fè l ap fè plis presyon sou pèp Bondye a. Jodi a, n ap fè fas ak dènye kanpay l ap mennen avèk raj pou l chèche detwi relasyon nou avèk Bondye.

8. Ki sa apot Pòl te vle di lè li te di nou gen “yon konba” n ap mennen kont espri mechan yo?

8 Nou nan yon konba. Men yon avètisman Pòl te bay kretyen parèy li yo: “Nou nan yon konba [“lit”, nòt] [...] kont espri mechan yo ki nan syèl la.” ​(Efezyen 6:12). Poukisa Pòl te itilize mo “konba” a? Se paske mo sa a fè referans ak yon konba kò a kò, kote de advèsè met men. Kidonk, lè Pòl te itilize mo sa a, li te vle fè konnen se nou chak pèsonèlman ki dwe goumen kont espri mechan yo. Kit n ap viv nan peyi kote moun kwè nan espri mechan, kit nou pap viv nan yon peyi konsa, nou pa dwe janm bliye lè nou vwe lavi nou bay Jewova, nan yon sans, se nan yon konba nou antre. Depi yon kretyen vwe lavi l bay Bondye, li tou antre nan konba sa a. Nou pa menm bezwen mande poukisa Pòl te wè li nesesè pou l ankouraje kretyen nan vil Efèz yo an twa fwa pou yo “kenbe fèm”! — Efezyen 6:11, 13, 14.

9. a) Poukisa Satan ak demon l yo itilize divès kalite “manèv”? b) Poukisa Satan ap chèche kòwonp fason nou panse, e ki sa nou ka fè pou nou reziste kont efò l ap fè yo? (Gade kare ki gen tit: “ Fè atansyon ak riz Dyab la!”) c) Ki pyèj nou pral egzamine kounye a?

9 Pyèj anba anba. Pòl konseye kretyen yo pou yo kenbe fèm kont pil “manèv” Dyab la ap fè yo (Efezyen 6:11). Mo Pòl te itilize lè yo tradui l ki bay “manèv” la se opliryèl li ye. Espri mechan yo pa itilize yon sèl pyèj pou yo twonpe moun, men yo itilize divès kalite pyèj anba anba, e yo gen rezon yo pou sa. Gen kèk kretyen ki konn kenbe fèm kont yon kalite eprèv, men ki bay legen lè y ap fè fas ak yon lòt kalite eprèv. Se sa k fè Dyab la ak demon l yo ap obsève konpòtman nou chak avèk anpil atansyon pou yo ka wè pwen fèb nou. Yonfwa yo fin konnen nou gen yon pwen fèb ki kapab fè nou pèdi bon relasyon nou ak Bondye, yo jwe sou li. Men, erezman nou anmezi pou nou idantifye anpil nan metòd Dyab la itilize yo, paske Bib la pale de yo (2 Korentyen 2:11). Nan youn nan chapit anvan yo, nou te pale de kèk pyèj Satan itilize, tankou materyalis, move frekantasyon ak imoralite seksyèl. Kounye a, ann egzamine yon lòt pyèj li itilize: pratik ki gen rapò ak movèzespri.

PRATIKE BAGAY KI GEN RAPÒ AK MOVÈZESPRI SE YON ZAK TRAYIZON

10. a) Ki sa pratik ki gen rapò ak movèzespri yo ye? b) Ki jan Jewova konsidere pratik ki gen rapò ak movèzespri yo, e ki jan ou menm ou konsidere yo?

10 Lè yon moun pratike bagay ki gen rapò ak movèzespri, li mete tèt li an kontak dirèk avèk espri mechan yo. Divinasyon, fè wanga, mare moun ak maji ak envoke mò se kèk nan pratik ki gen rapò ak movèzespri. Kòm nou konnen sa trè byen, Jewova konsidere pratik ki gen rapò ak movèzespri yo kòm “vye bagay”. (Detewonòm 18:10-12; Revelasyon 21:8.) Piske nou menm tou nou dwe “gen degoutans pou sa ki mal”, nou pa ka imajine pou nou ta chèche pran kontak ak fòs espirityèl mechan yo (Women 12:9). Ala yon gwo zak trayizon sa t ap ye kont Jewova, Papa nou ki nan syèl la!

11. Poukisa se t ap yon gwo viktwa pou Satan si l ta rive fè nou pratike bagay ki gen rapò ak movèzespri? Bay yon egzanp.

11 Rezon ki fè Satan detèmine pou l fè kèk nan nou pratike bagay ki gen rapò ak movèzespri yo, se paske li konnen yon moun ki tonbe nan bagay sa yo se trayi li trayi Jewova. Chak fwa li reyisi fè yon kretyen tonbe nan pratik ki gen rapò ak movèzespri, li ranpòte yon gwo viktwa. Poukisa? Ann pran yon egzanp: Si yo ta rive fè yon sòlda kite lame pa l pou l vin fè pati lame ènmi an, èske kòmandan k ap dirije lame ènmi an pa t ap kontan? Li ta ka menm prezante sòlda sa a an piblik pou l pase kòmandan lame kote sòlda a soti a nan rizib. Menm jan an tou, si yon kretyen ta lage kò l nan pratike bagay ki gen rapò ak movèzespri, li t ap montre li kite Jewova volontèman e li mete tèt li anba pouvwa Satan. Imajine ki jan sa t ap fè kè Satan kontan pou l ta prezante moun sa a an piblik kòm byen pa l li rive genyen nan lagè! Èske gen youn nan nou ki ta renmen kite Dyab la ranpòte yon viktwa konsa? Jamè! Nou pa moun ki trèt.

SATAN SOULVE YON SERI KESYON POU L MET DOUT NAN LESPRI NOU

12. Ki metòd Satan itilize pou l enfliyanse pwennvi nou genyen sou pratik ki gen rapò ak movèzespri yo?

12 Toutotan nou rayi pratik ki gen rapò ak movèzespri, Satan pap rive itilize yo kont nou. Se sa k fè li vle fè nou chanje fason nou panse. Ki jan l chèche fè sa? Li chèche fason pou l lage nou nan konfizyon jis nan pwen pou kèk nan nou ta vin panse “sa k bon an pa bon e [...] sa k pa bon an bon”. (Ezayi 5:20.) Pou Satan atenn objektif sa a, souvan, li sèvi ak youn nan metòd l ap itilize depi lontan: Li soulve kesyon pou l mete dout nan lespri moun.

13. Ki jan Satan te itilize metòd soulve kesyon pou l kreye dout nan lespri moun nan?

13 Remake jan Satan te itilize metòd sa a nan tan lontan. Nan jaden Edenn, li te mande Èv: “Èske se vre Bondye di nou pa dwe manje fwi nan okenn pyebwa ki nan jaden an?” Nan epòk Jòb la, nan yon reyinyon ki t ap fèt nan syèl la ak tout zanj yo, Satan te soulve yon lòt kesyon: “Èske se pou granmesi Jòb gen lakrentif pou Bondye?” Nan kòmansman ministè Jezi sou tè a, Satan te bay Jezi yon defi. Li te di l: “Si w se yon pitit Bondye, di wòch sa yo pou yo tounen pen.” Ou imajine sa, pou Satan tante Jezi, li te oze met pawòl Jewova an dout, yon pawòl Jewova te di sis semèn anvan sa: “Men Pitit Gason m nan, pitit mwen renmen anpil la.” — Jenèz 3:1; Jòb 1:9; Matye 3:17; 4:3.

14. a) Ki jan Satan sèvi ak manèv li a pou l eseye fè moun pa fin sèten si pratik ki makònen ak movèzespri yo pa bon? b) Ki sa nou pral egzamine kounye a?

14 Jodi a, Satan itilize yon manèv ki sanble ak metòd nou sot pale de li a pou l eseye fè moun yo pa fin sèten si pratik ki gen rapò ak movèzespri yo pa bon. Malerezman, li reyisi simen dout nan lespri kèk kwayan. Genyen ki konn ap mande tèt yo si se tout pratik ki gen rapò ak movèzespri ki pa bon vre (2 Korentyen 11:3). Ki sa nou ka fè pou nou ede moun sa yo chanje fason yo panse? Ki sa nou ka fè pou nou asire nou nou pa pran nan manèv Satan yo? Pou nou reponn kesyon sa yo, annou egzamine de domèn nan lavi a Satan kontamine ak pratik ki gen rapò ak movèzespri san moun yo pa rann yo kont. De domèn sa yo se divètisman ak swen sante.

LI EKSPLWATE DEZI NOU AK BEZWEN NOU

15. a) Ki jan anpil moun nan zòn Ewòp ak nan zòn Amerik dinò konsidere pratik ki gen rapò ak movèzespri yo? b) Ki jan kèk kretyen kite pwennvi monn nan genyen sou pratik ki gen rapò ak movèzespri enfliyanse yo?

15 Jodi a, sitou nan zòn Ewòp ak nan zòn Amerik dinò, gen anpil moun ki pa panse gen anyen ki mal nan pratik mistik yo, nan fè wanga ak nan divès lòt pratik ki gen rapò ak movèzespri. Kit se nan fim, nan liv, nan pwogram yo pase nan televizyon, nan jwèt videyo, yo prezante pratik sa yo kòm bagay ki amizan, bagay moun entèlijan pratike e kòm bagay ki san danje. Gen kèk fim ak kèk liv ki prezante istwa ki baze sou pratik mistik ki gen anpil siksè. Li klè, demon yo reyisi fè moun konsidere pratik mistik kòm yon bagay ki san danje. Èske tandans sa a deja enfliyanse kèk kretyen? Wi, li deja enfliyanse fason kèk kretyen panse. Ki jan de rezònman yo konn fè? Ann pran egzanp yon kretyen ki te fin gade yon fim ki gen pratik ki gen rapò ak movèzespri ladan l. Men sa l te di: “Mwen te gade fim nan, men se pa pratike mwen te pratike bagay ki gen rapò ak movèzespri.” Poukisa yon rezònman konsa danjere?

16. Poukisa li danjere pou nou chwazi divètisman ki gen pratik mistik ladan l?

16 Byenke lè n ap gade bagay ki gen rapò ak movèzespri se pa pratike n ap pratike bagay sa yo, men sa pa vle di, lè n gade yo, pa gen danje nan sa. Poukisa nou di sa? Reflechi sou sa: Pawòl Bondye a ede nou konprann ni Satan, ni demon l yo pa gen kapasite pou yo li panse nou *. Konsa, jan nou te mansyone sa pi wo a, pou espri mechan yo rive konnen sa ki nan panse nou e pou yo rive detekte si gen yon bagay ki febli relasyon nou ak Bondye, yo oblije byen suiv sa n ap fè, san wete chwa nou fè nan domèn divètisman. Lè yon kretyen montre li renmen fim oubyen liv ki pale de medyòm, de maji, de demon k ap antre nan moun oswa de lòt sijè ki gen rapò ak pratik ki makònen ak movèzespri, se yon mesaj li voye bay demon yo. Konsa, li fè yo konnen pwen fèb li! E lè demon yo wè sa, yo ka sèvi ak pwen fèb sa a kretyen an genyen an pou yo atake l plis toujou jiskaske yo ranpòte laviktwa sou li. Anfèt, gen kèk moun ki vin enterese nan pratik ki gen rapò ak movèzespri akoz yo te konn chwazi divètisman ki gen pratik mistik ladan yo, e finalman moun sa yo tonbe nan pratik ki gen rapò ak movèzespri. — Li Galat 6:7.

Lè w malad, pa ezite chèche èd Jewova.

17. Nan ki pyèj anba anba Satan ka pran moun ki malad e ki dezespere yo?

17 Se pa sèlman dezi nou genyen pou nou divèti nou Satan eksplwate, men tou li eksplwate bezwen nou genyen pou nou pran swen sante nou. Ki jan li fè sa? Yon kretyen sante l ap deteryore malgre li fè anpil efò pou l jwenn tretman ka pèdi espwa (Mak 5:25, 26). Satan ak demon l yo ka eksplwate sitiyasyon sa a. Demon yo ka mete tantasyon devan yon moun ki malad e ki dezespere pou l ta chèche tretman ki fèt ak “maji” oswa ak pratik ki gen rapò ak movèzespri (Ezayi 1:13). Si moun nan ta pran nan tantasyon sa a, sa t ap nui relasyon l ak Bondye. Nan ki sans?

18. Ki metòd pou detekte maladi oswa ki tretman yon kretyen dwe rejte, e poukisa?

18 Jewova te bay Izrayelit ki te konn itilize “maji” yo avètisman sa a: “Lè n ouvè men nou, mwen bare je m pou m pa wè nou. Malgre n ap fè anpil priyè, mwen pap koute nou.” ​(Ezayi 1:15). Nòmalman, nou toujou fè tout sa n kapab pou nou evite tout bagay ki ka bloke priyè nou e ki ka lakòz nou pa jwenn èd Jewova, alewè pou lè nou malad (Sòm 41:3). Se sa k fè si yon kretyen rann li kont yon metòd yo itilize pou detekte maladi oswa yon tretman pou maladi ta sanble gen rapò ak movèzespri, li dwe rejte metòd sa a oswa tretman sa a * (Matye 6:13). Si li aji konsa, li mèt sèten Jewova ap soutni l. — Gade kare ki gen tit: “ Èske se yon pratik ki gen rapò ak movèzespri toutbonvre?

LÈ ISTWA SOU DEMON SE BAGAY KI KOURAN

19. a) Ki jan Satan twonpe anpil moun anrapò ak pouvwa l genyen? b) Ki istwa vrè kretyen yo dwe evite rakonte?

19 Alòske gen anpil moun nan zòn Ewòp ak nan zòn Amerik dinò ki minimize pouvwa Satan genyen, nan kèk lòt kote nan monn nan moun yo fè lekontrè. Nan zòn sa yo, Satan twonpe anpil moun lè li fè yo kwè li gen plis pouvwa pase sa l genyen an reyalite. Gen kèk nan moun sa yo ki toujou pè pou espri mechan yo pa fè yo mal. Istwa sou gwo aksyon demon yo fè gaye toupatou nan zòn sa yo. Moun pran plezi pou yo rakonte istwa sa yo, e moun k ap koute istwa sa yo pran plezi pou yo koute yo. Èske nou ta dwe rakonte moun istwa sa yo? Non, yon sèvitè vrè Dye a ap evite fè sa pou de rezon enpòtan.

20. Ki jan yon moun ka fè piblisite pou Satan san li pa menm rann li kont?

20 Premyèman, lè yon moun ap plede rakonte istwa sou gwo bagay demon yo reyalize, se enterè Satan l ap defann. Sa k fè nou di sa? Pawòl Bondye a montre se vre Satan kapab fè aksyon ki pisan, men tou li fè nou konnen Satan itilize “siy [...] ki chita sou manti” ak “blòf”. (2 Tesalonisyen 2:9, 10.) Piske Satan se pi gwo blofè a, li konnen ki jan pou l enfliyanse lespri moun ki gen panchan pou pratik ki gen rapò ak movèzespri yo e li konnen ki jan pou l fè yo kwè bagay ki pa laverite. Moun sa yo gendwa kwè yo te wè yon seri bagay oswa yo te tande yon seri bagay, e yo gendwa ap di moun se toutbon yo te wè oswa yo te tande bagay sa yo. Avèk letan, ofiramezi moun ap rakonte istwa sa yo, yo mete pase genyen ladan yo. Si yon kretyen ta gaye jan de istwa sa yo, li t ap fè volonte Satan, “papa manti” a. Se pou Satan kretyen sa a t ava fè piblisite. — Jan 8:44; 2 Timote 2:16.

21. Nan konvèsasyon nou, sou ki sa nou dwe pale?

21 Dezyèmman, menmsi yon kretyen te konn gen kontak avèk espri mechan anvan li te vin kretyen, li dwe evite plede rakonte kwayan parèy li istwa ki gen rapò ak espri sa yo. Poukisa? Men avètisman nou jwenn: “Fikse je nou sou Jezi, li menm ki se Gid prensipal k ap dirije lafwa nou e ki se Sila a k ap fè lafwa nou vin pafè.” ​(Ebre 12:2). Wi, nou dwe konsantre nou sou Kris, pa sou Satan. Li bon pou nou note, lè Jezi te sou tè a, li pa t konn pran plezi rakonte disip li yo istwa konsènan espri mechan yo, byenke li te ka di yo anpil bagay konsènan sa Satan ka fè ak sa li pa ka fè. Olye de sa, Jezi te konsantre sou mesaj Wayòm nan. Kidonk, pou nou imite Jezi ak apot li yo, nan konvèsasyon nou, nou dwe pale sou “bagay estrawòdinè Bondye fè”. — Travay 2:11; Lik 8:1; Women 1:11, 12.

22. Ki sa nou ka fè k ap kontinye fè gen “kè kontan nan syèl la”?

22 Se vre Satan itilize divès manèv, sa ki gen ladan yo pratik ki gen rapò ak movèzespri, pou l eseye detwi relasyon nou ak Jewova. Sepandan, si nou rayi sa ki mal e nou rete atache ak sa ki byen, nou pap bay Dyab la okazyon pou l febli detèminasyon nou pran pou nou rejte tout kalite pratik ki gen rapò ak movèzespri. (Li Efezyen 4:27.) Imajine jan pral gen “kè kontan nan syèl la” si nou kontinye “kenbe fèm kont manèv Dyab la” jiskaske li pa egziste ankò! — Lik 15:7; Efezyen 6:11.

^ § 16 Non yo itilize pou dekri Satan yo (Opozan, Medizan, Blofè, Tantatè, Mantè) pa fè konprann li gen kapasite pou l wè sa k nan kè nou ak sa k nan panse nou. Sepandan, yo dekri Jewova kòm Sila a ki “wè sa k nan kè moun” nan e yo dekri Jezi kòm moun ki “egzamine panse ki pwofon e ki egzamine kè” a. — Pwovèb 17:3; Revelasyon 2:23.

^ § 18 Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade atik ki gen tit “Une thérapeutique appropriée?” ki nan Toudegad 15 desanm 1994, paj 19-22 (fransè) ak atik ki gen tit “D’après la Bible... Vos choix en matière de traitement médical: ont-ils de l’importance?” ki nan Réveillez-vous! 8 janvye 2001.