Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

APENDIS

Fraksyon san ak kèk teknik yo konn itilize lè y ap fè operasyon

Fraksyon san ak kèk teknik yo konn itilize lè y ap fè operasyon

Fraksyon san. Fraksyon san yo se yon seri pwodui yo retire nan kat konpozan de baz ki gen nan san an. Konpozan de baz sa yo se globil wouj, globil blan, plakèt ak plasma. Pa egzanp, globil wouj yo gen yon pwoteyin ladan yo ki rele emoglobin. Yo sèvi ak pwodui yo pran nan emoglobin moun oubyen nan emoglobin bèt pou yo trete moun ki fè gwo anemi oubyen moun ki pèdi anpil san.

Plasma a, ki gen 90 pousan dlo, gen yon pakèt òmòn ladan l, li gen sèl, anzim ak lòt eleman, tankou mineral ak sik. Anplis de sa, plasma a gen yon seri eleman ladan l ki ka fè san an kowagile ak yon seri antikò ki konbat maladi, li gen kèk pwoteyin, tankou albimin. Dèfwa, si gen risk pou yon moun pran yon sèten maladi, doktè gendwa preskri l piki gamaglobilin. Se nan plasma moun ki deja pwoteje kont maladi a yo pran pwodui sa a. Globil blan yo pwodui yon seri pwoteyin, tankou entèfewon ak entèlekin. Yo itilize pwoteyin sa yo pou yo trete yon seri enfeksyon viris lakòz e pou yo trete kèk kansè.

Èske kretyen yo ka aksepte tretman kote y ap itilize fraksyon san? Labib pa bay detay presi sou sa, donk se chak kretyen ki dwe sèvi ak konsyans li pou l pran pwòp desizyon l devan Bondye. Gen kèk kretyen ki gendwa refize tout fraksyon san yo nèt. Kretyen sa yo ka fè yon rezònman konsa, yo ka di, nan lwa Bondye te bay Izrayelit yo, li te fè konnen lè yo retire san nan yon bèt yo dwe “vide l atè”. (Detewonòm 12:22-24.) Gen lòt kretyen, toutpandan yo refize pran san okonplè e yo refize pran konpozan de baz yo, ki ka aksepte tretman kote yo itilize fraksyon san. Yo ka fè rezònman sa a, yo ka di, fraksyon yo retire nan san an pa reprezante lavi kreyati yo te retire san an nan li a.

Lè n ap pran desizyon anrapò ak fraksyon san yo, men kèk kesyon pou nou poze tèt nou: ‘Èske m byen konprann, lefètke m refize tout fraksyon san yo, sa vle di mwen pap aksepte yon seri medikaman ki gen pwodui sa yo ladan yo, tankou medikaman ki konbat kèk maladi oubyen ki ede san an kowagile lè yon moun gen yon emoraji? Èske m ka esplike yon doktè poukisa mwen refize oubyen mwen aksepte itilize youn oubyen kèk fraksyon san?’

Kèk teknik yo konn itilize lè y ap fè operasyon. Gen yon teknik ki rele emodilisyon e gen yon lòt ki rele rekiperasyon san k ap koule. Men sa yo fè lè yo itilize teknik emodilisyon an: Yo devye yon pati nan san an, yo fè l sot nan kò moun k ap sibi operasyon an, e yo ranplase l ak yon likid. Apre operasyon an, yo fè san an retounen nan kò a. Lè yo itilize teknik rekiperasyon san k ap koule a, pandan operasyon an, yo rekipere san ki soti kote yo fann moun nan oswa ki tonbe anndan moun nan, yo netwaye san an oubyen yo filtre l, epi apre sa, yo fè l retounen nan kò moun nan. Etandone metòd yo itilize pou yo aplike teknik sa yo ka varye selon doktè a, yon kretyen dwe mande doktè l ki metòd li gen entansyon itilize.

Lè n ap pran desizyon anrapò ak teknik sa yo, se pou nou mande tèt nou: ‘Si y ap fè yon pati nan san m sot nan kò m, e li menm posib pou san sa a sispann sikile pou yon ti tan, èske konsyans mwen ap pèmèt mwen toujou konsidere san sa a kòm yon pati nan mwen, sa ki fè yo pa oblije “vide l atè”? (Detewonòm. 12:23, 24.) Èske konsyans mwen ki fòme grasa Labib t ap twouble si pandan yon tretman medikal yo ta retire yon pati nan san m, yo ta melanje l ak yon medikaman e yo ta fè l retounen nan kò m? Èske mwen rann mwen kont si m fè chwa pou m refize tout tretman medikal kote pwòp san m enplike, sa vle di mwen refize pou yo itilize san m pou yo ta fè egzamen, mwen refize tretman tankou dyaliz e mwen pa aksepte yo itilize aparèy yo rele kè poumon an sou mwen?’

Se chak kretyen ki dwe deside ki fason l ap kite yo itilize san l lè y ap fè l yon operasyon. Se menm bagay la tou pou egzamen yo fè ak san e pou yon seri tretman kote yo pran yon ti kantite nan san yon moun, petèt yo melanje l ak yon medikaman epi apre sa yo enjekte l nan kò moun nan ankò.