Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske moun sa a ap bon pou mwen?

Èske moun sa a ap bon pou mwen?

CHAPIT 3

Èske moun sa a ap bon pou mwen?

Pran yon ti tan pou w fè ti tès ki annapre a:

Ki kalite, kounye a, ou twouve ki nesesè pou yon moun genyen pou w marye avè l? Nan lis ki pi ba a, mete ti siy tcheke a bò kote kat bagay ou santi ki pi enpòtan yo.

□ Bèl aparans □ Gen bon relasyon ak Bondye.

□ Janti □ Moun ka fè l konfyans.

□ Anpil moun konnen l. □ Gen bon konduit.

□ Komik □ Gen objektif epi travay pou l atenn yo.

Èske sa pa t janm rive w lè w te pi piti pou w fè foli pou yon moun? Nan lis ki pi wo a, mete siy × bò kot sa w te twouve ki te pi atire w lakay moun sa a nan epòk la.

PA GEN anyen ki mal nan youn nan sa nou site pi wo yo. Yo chak enteresan nan fason pa yo. Men, siman w t ap dakò pou w di lè w te fè foli lè w te piti a, se plis bagay ki sipèfisyèl yo ki te atire w lakay moun nan, bagay tankou sa ki sou bò goch nan lis la.

Men, plis w ap grandi, se plis ou sèvi ak kapasite w genyen pou w rezone a pou w egzamine bagay ki pi enpòtan, tankou sa ki nan paj ki sou bò dwat la. Pa egzanp, ou ka vin rann ou kont pi bèl fi sou katye a se pa li menm ou plis ka fè konfyans, oswa tigason moun plis ap pale de li nan klas la se pa tigason ki gen pi bon moralite a. Si w pa twò jèn, siman ou pap sèlman gade sou aparans lè w ap reponn kesyon: “Èske moun sa a ap bon pou mwen?”

Dabò chèche konn tèt ou

Anvan w konnen si yon moun ap bon pou ou, ou bezwen byen konn tèt ou. Pou nou ka ede w pi byen konn tèt ou, reponn kesyon ki vin apre yo:

Ki pwen fò mwen? ․․․․․

Ki pwen fèb mwen? ․․․․․

Ki sa m bezwen ni nan domèn afektif ni nan domèn espirityèl? ․․․․․

Li pa fasil pou w aprann konn tèt ou, men lè w poze tèt ou kesyon tankou kesyon ki pi wo yo, ou ka aprann konn tèt ou pi byen. Plis ou konn tèt ou se plis w ap pi byen pare pou w jwenn yon moun k ap ede w travay pou amelyore pwen fò w yo olye pou l fè pwen fèb ou gen lakay ou yo vin pi fò *. E si w panse w jwenn moun w ap chèche a?

Èske m dwe chwazi nenpòt moun?

“Èske m ka aprann konnen w pi byen?” Yon kesyon konsa ka mete w malalèz oswa ka fè w kontan anpil, tou depan de moun ki mande w sa. Ann sipoze ou ta di wi. Tank tan ap pase, ki jan w ka fè konnen si mennaj ou se bon moun pou w marye a?

Ann imajine ou ta vle achte yon nouvo pè soulye. W al nan yon magazen, e w tonbe sou youn ou renmen. Ou eseye l, men malerezman li twò piti pou ou. Ki sa w ap fè? Èske w ap achte l kanmenm oubyen w ap chèche yon lòt? Li klè, pi bon bagay ou te ka fè se depoze soulye a epi chèche lòt. Sa pa fè sans pou w t ap mache ak yon soulye ki twò piti pou ou!

Se menm bagay la tou lè w ap chwazi yon moun pou w marye. Tank tan ap pase, se tank w ap wè plizyè moun ki pa menm sèks avè w ki enterese w. Men, se pa tout k ap fè yon bon mari oswa yon bon madanm pou ou. Anfèt, ou vle yon moun ki ale avè w, yon moun pèsonalite nou ale ansanm e ki gen menm objektif avè w (Jenèz 2:18; Matye 19:4-6). Èske w jwenn yon moun konsa? Si se wi, ki jan w ka fè konnen si moun sa a bon pou ou?

Pa rete sou aparans

Pou n reponn dènye kesyon sa a, gade ki moun mennaj ou an ye toutbon. Men, atansyon! Ou ka gen tandans wè sa w vle wè sèlman. Donk, pran tan w. Eseye dekouvri ki moun mennaj ou an ye toutbon. Sa ap mande pou w fè efò. Men, sa pa dwe fè w sezi. Poukisa? Ann pran yon egzanp: Imajine w vle achte yon machin. Ki kalite bagay ou t ap chèche konnen sou machin sa a? Èske se sèlman po machin nan ki t ap enterese w? Èske li pa t ap pi bon pou w chèche konn plis bagay, petèt chèche konnen nan ki kondisyon motè a ye?

Chèche yon moun pou marye pi enpòtan pase chèche yon machin. Poutan, gen anpil moun ki renmen se sèlman aparans yo gade. Yo konsantre sou pwen yo antann yo sou yo ak moun nan, tankou: ‘Nou renmen menm mizik.’ ‘Nou renmen fè menm bagay.’ ‘Nou toujou dakò sou tout bagay.’ Jan nou te di pi wo a, si se toutbon ou pa twò jèn, ou pap rete sou aparans. W ap wè li enpòtan pou w rive konnen “moun [li] ye nan fon kè [l]” la. — 1 Pyè 3:4; Efezyen 3:16.

Pa egzanp, olye w ret konsantre sou tout sa nou dakò sou yo, li t ap pi bon pou w chèche wè ki sa nou pa dakò sou yo. Sa vle di gade ki jan moun nan regle pwoblèm li genyen: Èske li ensiste pou bagay yo fèt jan l vle, petèt menm li fè “kòlè san kontwòl” oswa li ‘joure’? (Galat 5:19, 20; Kolosyen 3:8.) Oubyen, èske moun sa a montre li rezonab, li dispoze sede pou l ka fè lapè si sa pap deranje okenn prensip? — Jak 3:17.

Yon lòt bagay pou n gade: Èske li fè yon jan pou l fè w fè sa l vle? Èske li vle kontwole tout bagay oswa èske l twò jalou? Èske l bezwen konnen tout sa w ap fè? Men sa Nicole di: “Mwen tande istwa moun ki renmen ki fè kont paske youn nan yo pa ka sipòte pou lòt la pa toujou di l egzakteman ki kote l ye. M panse se yon move siy.” — 1 Korentyen 13:4.

Mòd pwoblèm sa yo sitou gen rapò ak pèsonalite moun nan ansanm ak fason l aji. Men, li enpòtan tou pou w chèche konnen ki jan lòt moun wè mennaj ou. Li ka bon pou w pale ak moun ki gen yon bon ti tan depi yo konnen l, pa egzanp moun ki gen matirite nan kongregasyon an. Konsa, w ap wè si se yon moun yo “pale an byen” de li. — Travay 16:1, 2.

Li t ap bon pou w ekri kèk bagay ou remake nan fason mennaj ou an ranpli kondisyon nou te pale pi wo yo.

Pèsonalite ․․․․․

Konduit ․․․․․

Jan lòt moun wè l ․․․․․

Epitou, si w se yon fi, li t ap bon si w gade kare ki nan paj 39 la ki rele: “ Èske l ap fè yon bon mari pou mwen?” E si w se yon gason, li t ap bon si w gade kare ki nan paj 40 lan ki rele: “ Èske l ap fè yon bon madanm pou mwen?” Kesyon yo poze yo ap ede w wè si mennaj ou an ap fè yon bon mari oswa yon bon madanm pou ou.

E si apre w fin egzamine kesyon an, ou rann ou kont moun sa a pap bon pou ou? Nan ka sa a, gen yon kesyon enpòtan pou w reflechi sou li:

Èske nou dwe kite?

Pafwa, lè de moun kite se konn pi bon bagay yo fè. Ann pran egzanp sa k te rive yon jèn fi ki Jill. Li di: “Okòmansman, mwen te kontan lefètke mennaj mwen te toujou ap enkyete pou konnen kote m ye, sa m ap fè e ak kiyès mwen ye. Men, bagay la te vin rive nan yon pwen kote m pa t ka pase tan ak okenn lòt moun. Li te menm fè jalouzi lè m te pase tan ak fanmi m, sitou si se avèk papa m. Lè m te kraze renmen an, mwen santi se tankou yon gwo chay ki te sot sou do m!”

Sarah te fè yon eksperyans prèske menm jan an. Li te kòmanse remake John, mennaj li an, te konn pale rèd, li te egzijan e li te malelve. Sarah di: “Gen yon lè, li te gen twazèdtan reta. Lè l vin chèche m nan se manman m ki t al ouvè pòt la. Li pase sou manman m san l pa salye l, epi li di m: ‘Ann ale. Nou an reta.’ Li pa t di li an reta, men li di nou an reta. Li ta dwe eskize l oswa esplike sa k fè l an reta a. Epitou, li te dwe montre plis respè pou manman m!” Natirèlman, yon sèl move aksyon oswa yon sèl defo yon moun gen lakay li pa vle di relasyon an pap mache pou sa (Sòm 130:3). Men, lè Sarah te vin rann li kont aksyon malelve John te fè a te fè pati pèsonalite l, se pa t yon senp erè, li te deside kraze renmen an.

Bon, e si, menm jan ak Jill ak Sarah, moun ou renmen avè l la pap fè yon bon mari oswa yon bon madanm pou ou? Nan ka sa a, pa fèmen je w sou sa w wè a! Menmsi li ka difisil pou w aksepte sa, li ka pi bon pou w kraze renmen an. Pwovèb 22:3 di: “Moun ki gen lespri a wè danje a, li kache.” Si, pa egzanp, mennaj ou an bay youn oswa plizyè nan siy avètisman nou jwenn nan paj 39 ak 40 lan, li ta bon pou w kraze renmen an, amwenske pwoblèm nan rezoud. Se vre, li ka pa fasil pou w kraze renmen an. Men, maryaj la dwe dire pou lavi. Li pi bon pou w gen lapenn pandan yon ti tan olye w fè tout rès vi w ap soufri paske w te mal chwazi moun pou marye a!

Kòman pou m di l sa?

Ki jan w ta dwe di l sa? Premye bagay pou w fè se chwazi ki kote e ki jan w vle pale avè l. Ki jan w ta renmen yon moun trete w nan yon sitiyasyon konsa (Matye 7:12)? Èske w t ap renmen pou yon moun di w yon bagay konsa devan lòt moun? Nou pa kwè sa. Li pa t ap bon pou w fè sa ni nan telefòn, ni nan mesaj, ni nan imel, amwenske sikonstans yo ta mande sa. Li t ap pi bon pou w chwazi yon lè ak yon kote k ap pèmèt nou pale sou sijè enpòtan sa a.

Ki sa w dwe di lè moman an rive pou w pale? Apot Pòl te ankouraje kretyen yo pou yo “di pwochen [yo] laverite”. (Efezyen 4:25.) Li pi bon pou w fè sa avèk tak, men se pou w fèm. Di l aklè rezon ki fè w santi renmen an pap ka kontinye. Ou pa bezwen ap di l yon lis defo li genyen oswa tonbe ap kritike l. Anfèt, olye w di “ou pa fè sa” oswa “ou pa janm fè sa”, li t ap pi bon pou w di jan w santi w, pa egzanp ou te ka di: “Mwen bezwen yon moun ki...” oswa “Mwen santi renmen an dwe kraze paske...”

Se pa moman pou w gen de lide oswa pou w kite lòt moun fè w chanje desizyon w te pran an. Sonje ou te deside kraze renmen an paske w te gen bonjan rezon pou sa. Donk, pran prekosyon pou w pa kite moun ou fèk kite a pran w sou plan pou l fè w chanje lide. Men sa yon jèn fi ki rele Lori di: “Apre m te fin kite ak mennaj mwen, li te toujou fè kòmsi li deprime. M panse li te fè sa pou m te ka pran pitye pou li. Sa te fè m mal, men mwen pa t kite fason l aji fè m chanje lide.” Menm jan ak Lori, ou bezwen konnen sa w vle epi kenbe desizyon w pran an. Se pou non w vle di non. — Jak 5:12.

Apre renmen an fin kraze

Pinga w sezi si w wè ou fache anpil apre sa. Ou ka menm santi w menm jan ak youn nan moun ki te ekri liv Sòm yo: “Mwen nan lapenn e mwen kagou anpil, tout lajounen m ap mache tou tris.” (Sòm 38:6). Gen kèk zanmi ak tout bon entansyon yo ki ka eseye ankouraje w bay moun nan yon lòt chans. Atansyon! Se ou k ap gen pou w sibi konsekans desizyon w pran an, se pa zanmi w yo. Donk, pa pè rete fèm sou desizyon w, menmsi w tris pou sa k pase a.

Ou mèt gen konfyans, lapenn ou an ap pase yon lè. Annatandan, pou w fè fas ak sitiyasyon an, li ta bon pou w fè yon seri bagay pozitif tankou:

Pale ak yon moun ou fè konfyans sou sa w santi * (Pwovèb 15:22). Priye Jewova sou sa (Sòm 55:22). Bay tèt ou okipasyon (1 Korentyen 15:58). Pa izole tèt ou (Pwovèb 18:1)! Tousuit apre renmen an fin kraze, rekòmanse pase tan ak moun ki ka ankouraje w. Fè efò pou w reflechi sou bagay ki pozitif. — Filipyen 4:8.

Yon lè, ou ka byen jwenn yon lòt mennaj. Sandout lè sa a, w ap wè bagay yo yon fason ki pi ekilibre. Petèt lè sa a tou, lè w poze tèt ou kesyon “Èske moun sa a ap bon pou mwen?”, repons w ap jwenn nan se pral wi!

LI PLIS BAGAY SOU SIJÈ SA A NAN VOLIM 1, CHAPIT 31.

NAN LÒT CHAPIT LA:

Lè w renmen, ki jan w ka konnen limit nou dwe genyen lè n ap demontre afeksyon youn pou lòt?

[Nòt anba paj]

^ § 17 Ou ka aprann konn tèt ou pi byen lè w gade kesyon ki nan chapit 1 anba soutit “Èske w pare pou w marye?

^ § 45 Paran w oswa lòt granmoun, tankou ansyen yo, kapab ede w. Ou ka menm rann ou kont yo te fè menm eksperyans lan lè yo te jèn.

VÈSÈ KLE

“Menm yon timoun, aksyon l fè montre kiyès li ye, yo montre si konduit li pwòp e si konduit li dwat.” — Pwovèb 20:11.

MEN YON IDE

Fè aktivite k ap ede youn konn kalite lòt:

● Etidye Pawòl Bondye a ansanm.

● Suiv fason youn lòt patisipe nan reyinyon kongregasyon an ak nan travay predikasyon an.

● Patisipe nan netwayaj Sal Wayòm nan ansanm ak nan pwojè konstriksyon.

ÈSKE W TE KONNEN?

Gen rechèch ki fèt ki toutan ap montre lè de moun ki pa nan menm relijyon marye yo gen plis chans pou yo divòse.

SA M KONTE FÈ

Men sa m ap fè si m enterese ak yon moun ki pa nan menm relijyon avè m ․․․․․

Men sa m ap fè pou m ka konnen ki kalite moun mennaj mwen an ye ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

Ki kalite ou genyen k ap itil nan maryaj la?

Ki jan de kalite w ap chèche jwenn lakay yon moun ou vle marye avè l?

Ki pwoblèm ou ka vin genyen si w marye ak yon moun ki pa nan menm relijyon avè w?

Ki jan w ka rive konnen kèk bagay sou mennaj ou, tankou pèsonalite l, konduit li ak jan moun wè l?

[Antrefilè nan paj 37]

“Fason mennaj ou trete moun lakay li se konsa li pral trete w tou.” — Tony.

[Kare nan paj 34]

‘Pa mete tèt ou anba jouk miwomiba’

“Pa mete tèt nou anba menm jouk ak moun ki pa kwayan, piske jouk sa a t ap miwomiba.” Petèt prensip biblik sa a nou jwenn nan 2 Korentyen 6:14 la kapab fè sans pou ou. Poutan, ou ka twouve yon moun ki pa kwayan atire w. Sa k fè sa? Pafwa se jis yon atirans fizik. Mark, yon jèn gason, di: “Gen yon tifi mwen te konn toujou wè nan kou jimnastik mwen an. Li te konn fè efò pou l pale avè m. Li te fasil pou m vin zanmi l.”

Si w konn tèt ou e si w gen konfyans prensip ou genyen yo bon, si w gen ase matirite pou w pa kite santiman mennen w, w ap konn sa pou w fè. W ap konnen, kèlkeswa bèl, atiran oswa dwat moun sa a ka parèt, li pap ka fè w vin gen yon pi bon relasyon ak Bondye. — Jak 4:4.

Natirèlman, si w vin renmen ak moun nan, li pap fasil pou w kraze sa. Se sa yon jèn fi ki rele Cindy te vin rann li kont, li di: “Mwen te kriye chak jou. Mwen te toujou ap panse ak tigason an, menm lè m nan reyinyon. Mwen te tèlman renmen l mwen te di tèt mwen pito m mouri tan pou m kite l.” Men, yon ti tan apre, Cindy te vin wè konsèy manman l te ba li pou l pa renmen ak moun ki pa kwayan se yon bon konsèy. Li di: “Se yon bon bagay lefètke mwen te kite avè l. Mwen gen konfyans Jewova ap fè m jwenn sa m bezwen.”

Èske w nan yon sitiyasyon ki sanble ak pa Cindy a? Si se sa, ou pa oblije fè fas avè l poukont ou! Ou ka pale ak paran w sou sa. Se sa Jim te fè lè l te vin rann li kont li te enterese nan yon jèn fi nan lekòl li. Li di: “Finalman, mwen te mande paran m ede m. Se yon bagay enpòtan ki te ede m fè fas ak santiman m yo.” Ansyen yo nan kongregasyon an ka ede w tou. Li t ap bon pou w pale ak youn ladan yo sou sitiyasyon w ap viv la. — Ezayi 32:1, 2.

[Kare/Foto nan paj 39]

 Fich aktivite

Èske l ap fè yon bon mari pou mwen?

Sa ki enpòtan pou m konnen sou li

□ Ki jan li sèvi ak otorite li genyen? — Matye 20:25, 26.

□ Ki objektif li genyen? — 1 Timote 4:15.

□ Èske l ap travay kounye a pou l atenn objektif li genyen yo? — 1 Korentyen 9:26, 27.

□ Ki jan l boule ak fanmi l? — Egzòd 20:12.

□ Kiyès ki zanmi l? — Pwovèb 13:20.

□ Sou ki sa l plis pale? — Lik 6:45.

□ Ki jan li wè lajan? — Ebre 13:5, 6.

□ Ki kalite distraksyon li renmen? — Sòm 97:10.

□ Ki sa li fè ki montre li renmen Jewova? — 1 Jan 5:3.

Kèk lòt bagay

□ Èske l renmen travay? — Pwovèb 6:9-11.

□ Èske l byen jere lajan? — Lik 14:28.

□ Èske yo pale an byen de li? — Travay 16:1, 2.

□ Èske li gen konsiderasyon pou lòt moun? — Filipyen 2:4.

Siy avètisman

□ Èske li fè kòlè fasil? — Pwovèb 22:24.

□ Èske li eseye fè w gen yon konduit imoral? — Galat 5:19.

□ Èske li konn di pawòl piman bouk oswa èske li vyolan? — Efezyen 4:31.

□ Èske l bezwen bwè alkòl pou l pase bon moman? — Pwovèb 20:1.

□ Èske li jalou oswa èske li wè tèt li sèlman? — 1 Korentyen 13:4, 5.

[Kare/Foto nan paj 40]

 Fich aktivite

Èske l ap fè yon bon madanm pou mwen?

Sa ki enpòtan pou m konnen sou li

□ Kòman li demontre li soumèt li nan fanmi l ak nan kongregasyon an? — Efezyen 5:21, 22.

□ Ki jan l boule ak fanmi l? — Egzòd 20:12.

□ Kiyès ki zanmi l? — Pwovèb 13:20.

□ Sou ki sa l plis pale? — Lik 6:45.

□ Ki jan li wè lajan? — 1 Jan 2:15-17.

□ Ki objektif li genyen? — 1 Timote 4:15.

□ Èske l ap travay kounye a pou l atenn objektif li genyen yo? — 1 Korentyen 9:26, 27.

□ Ki kalite distraksyon li renmen? — Sòm 97:10.

□ Ki sa li fè ki montre li renmen Jewova? — 1 Jan 5:3.

Kèk lòt bagay

□ Èske l renmen travay? — Pwovèb 31:17, 19, 21, 22, 27.

□ Èske l byen jere lajan? — Pwovèb 31:16, 18.

□ Èske yo pale an byen de li? — Rit 3:11.

□ Èske li gen konsiderasyon pou lòt moun? — Pwovèb 31:20.

Siy avètisman

□ Èske li renmen fè kont? — Pwovèb 21:19.

□ Èske li eseye fè w gen yon konduit imoral? — Galat 5:19.

□ Èske li konn di pawòl piman bouk oswa èske li vyolan? — Efezyen 4:31.

□ Èske l bezwen bwè alkòl pou l pase bon moman? — Pwovèb 20:1.

□ Èske li jalou oswa èske li wè tèt li sèlman? — 1 Korentyen 13:4, 5.

[Foto nan paj 30]

Menm jan se pa nenpòt nimewo soulye k ap bon pou ou, se konsa tou se pa nenpòt moun k ap fè yon bon mari oswa yon bon madanm pou ou.

[Foto nan paj 31]

Ou konnen li enpòtan lè w ap achte yon machin pou se pa sèlman aparans lan ki enterese w. Se menm bagay la lè w ap chèche yon moun pou w marye!