Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Poukisa pou m rete vyèj?

Poukisa pou m rete vyèj?

CHAPIT 5

Poukisa pou m rete vyèj?

“Mwen santi m anvi fè sèks.” — Kelly.

“Mwen santi m yon jan dwòl paske m vyèj toujou.” — Jordon.

“OU VYÈJ toujou?” Yon kesyon konsa ka fè w jennen! Anfèt, nan anpil kote, lè yon jèn rete vyèj yo wè l kòm yon moun ki pa fè pati sosyete a. Sa pa fè n sezi paske anpil jèn fè sèks anvan yo rive nan ventèn yo!

Dezi yon bò, presyon moun ap fè yon lòt bò

Si w se kretyen, ou konnen Bib la di pou w “evite imoralite seksyèl”. (1 Tesalonisyen 4:3.) Malgre sa, ou ka twouve li difisil pou w kontwole dezi seksyèl ou. Men sa yon jèn gason ki rele Paul fè konnen: “Pafwa, mwen konn annik rete konsa epi yon seri panse sou sèks vin nan lespri m san m pa chèche sa.” Pa fatige w, an jeneral, santiman sa yo nòmal.

Men, sa vrèman difisil lè moun toujou ap fawouche w oswa ap tingting ou paske w vyèj toujou. Pa egzanp, ki sa pou w fè si lòt jèn di w ou poko gason oswa ou poko fi toutotan w pa fè sèks? Ellen di: “Lòt jèn yo pale de sèks [anvan w marye] kòm yon bagay ki enteresan e ki nòmal. Si w pa gen relasyon seksyèl pasipala, yo twouve w dwòl.”

Poutan gen yon bagay nan fè sèks anvan maryaj jèn yo pa pale de li. Pa egzanp, Maria, ki te gen relasyon seksyèl ak mennaj li, di: “Lè m te fin fè sèks avè l, mwen te jennen e m te wont. Mwen te rayi tèt mwen e mwen te vin rayi mennaj mwen an.” Yon eksperyans konsa rive pi souvan pase sa pifò jèn panse. An reyalite, byen souvan, sèks anvan maryaj se yon eksperyans ki fè moun soufri e ki gen yon seri konsekans ki grav.

Sepandan, gen yon jèn fi ki rele Shanda ki poze kesyon sa a: “Poukisa Bondye kreye jèn yo ak anvi pou yo fè sèks alòske li konnen yo pa dwe fè sèks anvan yo marye?” Se yon bèl kesyon. Men ann fè yon ti analiz.

Èske se sèl anvi seksyèl ou genyen ki fò lakay ou? Non. Jewova kreye w avèk kapasite pou w gen yon pakèt anvi ak santiman ki travèse w.

Èske w oblije reyaji chak fwa ou santi ou anvi fè yon bagay? Non, paske Bondye kreye w tou ak kapasite pou w kontwole aksyon w.

Ki leson sa aprann nou? Petèt, ou ka pa kapab anpeche pou w gen kèk anvi oswa dezi, men ou kapab kontwole fason w ap reyaji lè yo vini. Anfèt, menm jan li mal e li pa fè sans pou w ta bat yon moun chak fwa w santi w fache se konsa tou li pa t ap bon e li pa t ap fè sans pou w fè sèks chak fwa ou gen anvi an.

Reyalite a sèke Bondye pa t janm gen nan lespri l pou nou fè sèks nan move kondisyon. Labib di: “Chak moun pami nou dwe konnen ki jan pou l gen kontwòl sou pwòp kò l nan sentete ak nan onè.” (1 Tesalonisyen 4:4). Menm jan gen “yon lè pou moun renmen ak yon lè pou moun rayi”, se konsa tou gen yon lè pou moun fè sèks ak yon lè pou w metrize w pou w pa fè l (Eklezyas 3:1-8). Donk, ou gen kontwòl dezi w yo.

Men, ki sa w ka fè si yon moun ap nui w epi l di w: “Se toutbon ou vyèj toujou?” Pa pran nan presyon. Si se nan jwèt moun nan vle pase w, ou ka annik di: “Wi, mwen vyèj toujou e mwen byen kontan sa!” Oswa ou ka di: “Se yon bagay pèsonèl, mwen pa pale sou sa ak moun *.” (Pwovèb 26:4; Kolosyen 4:6). Yon lòt bò, ou ka santi ou ka bay moun nan plis esplikasyon. Nan ka sa a, ou ka chwazi esplike l pwennvi ou genyen ki baze sou Bib la.

Reflechi sou kèk lòt fason ou te ka reponn kesyon “Se toutbon ou vyèj toujou?” a. Ekri repons ou pi ba a.

․․․․․

Yon kado ki gen anpil valè

Ki jan Bondye santi l lè yon moun chwazi fè sèks anvan l marye? Bon, imajine ou achte yon kado pou w bay yon zanmi. Men, zanmi w lan, ki tèlman chofe jwenn kado a, ouvri l anvan menm ou ba li l! Èske sa pa t ap fè w fache? Ebyen, se menm bagay la tou pou sèks. Bondye vle w pwofite kado sa a lè w marye. Imajine jan l t ap santi l si w ta fè sèks anvan w marye. — Jenèz 1:28.

Ki sa pou w fè lè w santi w anvi fè sèks? Yon bagay ki senp ou ka fè, se aprann kontwole anvi a. Ou gen kapasite pou w fè sa! Priye Jewova pou l ede w. Lespri sen l ka fè w vin gen plis metriz (Galat 5:22, 23). Pa bliye, Jewova “pap refize bay moun ki mache dwat yo okenn bon bagay”. (Sòm 84:11.) Men sa yon jèn ki rele Gordon di: “Lè m di tèt mwen sa pa twò grav si yon moun ta fè sèks anvan l marye, mwen reflechi sou move konsekans sa ka genyen sou relasyon m ak Jewova, e m vin rann mwen kont mwen pa dwe kite okenn peche fè m pèdi relasyon mwen gen ak Jewova a.”

An reyalite, yon moun ki vyèj pa yon moun ki dwòl oswa ki pa nòmal. Anfèt se imoralite seksyèl ki degradan, ki imilyan e ki fè moun soufri. Donk, pa kite move enfòmasyon fè w panse ou pa nòmal paske w ap suiv prensip ki nan Bib la. Lè w rete vyèj, ou pwoteje sante w, ou santi w byen nan po w e sa ki pi enpòtan an, ou pwoteje bon relasyon ou gen ak Bondye a.

LI PLIS BAGAY SOU SIJÈ SA A NAN VOLIM 1, CHAPIT 24.

[Nòt anba paj]

^ § 15 Li enteresan pou n note, lè Ewòd te poze Jezi kesyon, Jezi te chwazi pa reponn (Lik 23:8, 9). Souvan, pi bon bagay pou w fè lè yon moun poze w kesyon ki montre li pa gen respè pou ou se pa reponn li.

VÈSÈ KLE

“Si [yon moun] pran desizyon nan kè l pou l kenbe vijinite l, li byen fè.” — 1 Korentyen 7:37, nòt.

MEN YON IDE

Evite pase tan ak moun ki pap suiv prensip moral ki nan Bib la, menmsi se ta moun ki fè konnen yo gen menm kwayans avè w.

ÈSKE W TE KONNEN?

Moun ki lage kò yo nan fè sèks anvan yo marye gen anpil chans pou yo pa fidèl apre yo fin marye. Yon lòt bò, moun ki suiv prensip Bondye anvan yo marye ap pi fasil pou yo fidèl nan maryaj yo.

SA M KONTE FÈ

Men sa m ap fè si m vle rete vyèj anvan m marye ․․․․․

Men sa m ap fè si moun mwen pase tan avè yo fè li difisil pou m kenbe desizyon m pran pou m ret vyèj la ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

Poukisa w panse gen kèk moun k ap pase moun ki vyèj yo nan jwèt?

Ki sa k fè li ka difisil pou yon moun rete vyèj?

Ki sa k fè li bon pou yon moun rete vyèj anvan l marye?

Ki jan w t ap esplike yon ti frè w oswa yon ti sè w enpòtans pou yon moun rete vyèj?

[Antrefilè nan paj 51]

“Lè m sonje ‘moun k ap fè imoralite seksyèl ak moun ki nan salte pap gen eritaj nan Wayòm Bondye a’, sa ede m pou m kenbe detèminasyon pou m reziste devan tantasyon pou m fè sèks.” (Efezyen 5:5). — Lydia.

[Kare nan paj 49]

Fich aktivite

Ki jan sa ap ye toutbon apre?

Nan konvèsasyon lòt jèn yo ak nan divètisman ki genyen yo yo pa pale sou move konsekans fè sèks anvan maryaj genyen. Gade twa sitiyasyon ki vin annapre yo. Ki sa w panse ki rive jèn sa yo toutbon?

● Yon tigason nan lekòl ou ap fè djòlè paske li fè sèks ak anpil tifi. Li di se yon bèl bagay, epi pa gen anyen mal ki rive pèsonn. Ki jan sa ye toutbon apre ni pou li ni pou fi li fè sèks avè yo a? ․․․․․

● Nan fen yon fim, yo montre de jèn ki pa marye ki fè sèks pou youn montre lòt jan l renmen l. Si se pa t yon fim, ki sa k t ap pase apre? ․․․․․

● Imajine ou rankontre yon bèl tigason e li mande w fè sèks avè l. Li di w pa gen moun k ap konnen. Si w lage ba li epi ou eseye kache sa, ki jan sa ap ye toutbon apre? ․․․․․

[Foto nan paj 54]

Lè w fè sèks anvan w marye se kòmsi w ta ouvè yon kado anvan yo ba ou l.