Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa m ka fè si m santi m poukont mwen?

Ki sa m ka fè si m santi m poukont mwen?

CHAPIT 9

Ki sa m ka fè si m santi m poukont mwen?

Se yon bèl jounen, men ou pa gen anyen ki planifye. Poutan, zanmi w yo menm gen plan pou jounen an. Y ap pase yon bon moman. Yon lòt fwa ankò, yo pa envite w! Se pa yon bèl bagay lè yo pa envite w, men li pi rèd toujou lè w sispèk pou ki rezon yo pa envite w la. W ap di tèt ou: ‘Sanble m gen yon pwoblèm. Poukisa pèsonn pa vle ret bò kote m?’

PETÈT, sa nou pale la a rive w deja. Ou ka santi gen yon bagay ki separe ou menm ak jèn parèy ou yo. Chak fwa w vle kòmanse pale avè yo, ou santi w pa konn sa pou w di. Chak fwa w jwenn okazyon pou w pase tan avè yo, ou santi w timid anpil. Poukisa li difisil konsa pou w gen yon konvèsasyon avè yo?

Olye w ret nan ti kwen w poukont ou, ou ka eseye retire bagay ki separe w ak zanmi w yo. Ann gade kòman w ka fè sa.

● 1ye bagay: Ou mal wè tèt ou. Gen kèk jèn ki toujou ap minimize tèt yo. Pou yo menm, pèsonn pa renmen yo e yo pa janm gen anyen bon pou yo di. Èske se konsa w santi w? Si se wi, lè w mal wè tèt ou konsa, se plis bagay w ap ajoute k ap separe w ak zanmi w yo.

Sa w ka fè: Konsantre sou bon bagay ou gen lakay ou. (2 Korentyen 11:6) Mande tèt ou: ‘Ki pwen fò mwen genyen?’ Reflechi sou kapasite w genyen pou w fè kèk bagay byen oswa sou kèk bèl kalite w genyen, epi ekri yo pi ba a.

․․․․․

Pa gen dout ou gen defo lakay ou, e li bon pou w konn sa (1 Korentyen 10:12). Men, ou gen bon bagay lakay ou tou. Lè w rekonèt bon bagay ou gen lakay ou, sa ap fè l pi fasil pou w pa mal wè tèt ou.

● 2yèm bagay: Ou timid. Ou ta byen renmen kòmanse yon konvèsasyon, men lè w jwenn okazyon an, ou pa konn sa pou w di. Elizabeth, ki gen 19 an, di: “Mwen timid. M twouve l vrèman difisil pou m al pale ak moun lè m al nan reyinyon. Mwen gen anpil admirasyon pou moun ki rive fè sa.” Si w menm jan ak Elizabeth, ou ka gen enpresyon timidite a se yon bagay ki separe w ak lòt jèn yo, e li enposib pou w retire yo.

Sa w ka fè: Montre w enterese nan moun. Pa enkyete w, sa pa vle di ou dwe vin tounen yon pongongon nan kò yo. Chwazi yon moun pou w kòmanse pale avè l. Men sa Jorge, yon jèn gason, di: “Jis mande yon moun kòman l ye oswa ki sa l fè kòm travay, se yon bon fason pou kòmanse aprann konn moun sa a.”

Men yon ide: Pa sèlman pale ak moun ki menm laj avè w sèlman. Kèk nan pi bon zanmi Bib la pale de yo, se moun ki pa t gen menm laj, pa egzanp Rit ak Nawomi, David ak Jonatan, Timote ak Pòl (Rit 1:16, 17; 1 Samyèl 18:1; 1 Korentyen 4:17). Pa bliye: se pa yon sèl moun ki fè yon konvèsasyon, se de moun. An jeneral, moun renmen lè lòt moun pran tan pou tande yo. Donk, si w timid, sonje: Se pa ou k ap gen pou fè tout konvèsasyon an!

Ekri non de moun ki pi gran pase w ou ta renmen konnen pi byen

․․․․․

Li ta bon pou w kòmanse yon konvèsasyon ak youn nan moun ou mete pi wo yo. Tank ou fè efò pou w pale ak “tout frè” yo se tank w ap santi w pa poukont ou. — 1 Pyè 2:17.

● 3yèm bagay: Pa fè lòt moun pa anvi ret bò kote w. Gen moun ki toujou panse yo konnen e yo toujou gen yon remak pou yo kraze lòt moun. Konsa tou, gen moun ki renmen fè diskisyon e ki renmen fòse lòt moun aksepte opinyon pa yo. Kòm se yon moun ki “jis twòp”, li kouri jije tout moun ki pa wè bagay yo menm jan avè l (Eklezyas 7:16). An reyalite, ou pa ta renmen gen moun konsa bò kote w! Men, èske petèt se paske w konsa ki fè lòt jèn pa anvi ret bò kote w? Bib la di “moun ki sòt la kontinye pale” e li di tou, “yon moun ki pale twòp ap fè peche kanmenm”. — Eklezyas 10:14; Pwovèb 10:19.

Sa w ka fè: Montre w gen “senpati”. (1 Pyè 3:8.) Menm lè w pa dakò ak opinyon lòt moun, kite l pale. Chèche pwen ou dakò yo, epi pale sou yo. Si w santi w gen kèk bagay ou pa dakò avè yo, chèche yon bon fason pou w di l sa.

Pale ak lòt moun jan w ta renmen yo pale avè w. Men ki konsèy Bib la bay: “Kontinye fè tout bagay san plenyen, san diskisyon.” (Filipyen 2:14). Diskisyon san sans, pase moun nan rizib, fè yo santi yo pa vo anyen, tout sa yo se bagay ki ka fè moun pa anvi ret bò kote w. Y ap renmen w plis si “pawòl [ou] toujou bèl”. — Kolosyen 4:6.

Kèlkeswa jan sa ye?

Apre ti egzamen sa a ou sot fè sou tèt ou a, petèt ou wè kèk fason kounye a ou ka retire kèk bagay ki separe w ak lòt jèn yo. Men, fò w reyalis. Ou pa ka vle pou tout moun renmen w. Jezi te di gen kèk moun ki t ap menm rayi moun k ap fè sa ki dwat (Jan 15:19). Donk, sa pa itil anyen pou w ap chèche fè zanmi kèlkeswa jan sa ye.

Sepandan, san w pa pase prensip biblik yo anba pye, ou ka toujou fè tout sa w kapab pou w fè moun anvi ret bò kote w. Samyèl, yon moun Bib la pale de li, te detèmine pou l fè Bondye plezi. Ki rezilta sa te bay? Tank li t ap grandi, li te kontinye “jwenn favè nan men Jewova ak nan men moun”. (1 Samyèl 2:26.) Si w fè yon ti efò anplis, w ap menm jan an!

LI PLIS BAGAY SOU SIJÈ SA A NAN VOLIM 1, CHAPIT 8.

Pou plis enfòmasyon, gade videyo “Les jeunes s’interrogent... Comment se faire de vrais amis?” Li disponib nan plis pase 40 lang.

NAN LÒT CHAPIT LA:

Bridsoukou, pi bon zanmi w lan kòmanse aji kòmsi li te pi gwo ènmi w. Ki sa w ka fè pou sa?

VÈSÈ KLE

“Moun ki ankouraje lòt moun ap jwenn ankourajman.” — Pwovèb 11:25.

MEN YON IDE

Eseye kenbe yon konvèsasyon. Pa egzanp, si yon moun mande w si w te pase yon bon wikenn, pa annik di wi. Men, esplike rezon ki fè w te pase yon bon wikenn. Epi mande l kòman wikenn pa l te ye.

ÈSKE W TE KONNEN?

Bib la fè konnen Moyiz, Jeremi ak Timote sanble te timid. — Egzòd 3:11, 13; 4:1, 10; Jeremi 1:6-8; 1 Timote 4:12; 2 Timote 1:6-8.

SA M KONTE FÈ

Men bagay ki plis fè lòt jèn yo rete lwen m ․․․․․

Men sa m ap fè pou m rezoud sa ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

● Poukisa kèk kretyen ka santi yo poukont yo?

● Ki sa k ka ede w gen yon bon pwennvi sou fason w wè tèt ou olye pou wè bagay yo yon fason negatif?

● Ki jan w ka ede yon frè oswa yon sè ki timid?

[Antrefilè nan paj 88]

“Gen yon sè ki t ap chèche byen avè m, men pandan yon tan m pa t okipe l. Lè m te resi aksepte, mwen te santi m raz paske li te vin tounen youn nan pi bon zanmi m genyen, menmsi li gen 25 an anplis mwen.” — Marie.

[Foto nan paj 87]

Ou ka fè yon bagay pou w vin pi pwòch ak lòt jèn parèy ou yo.