Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Poukisa zanmi m nan fè m sa?

Poukisa zanmi m nan fè m sa?

CHAPIT 10

Poukisa zanmi m nan fè m sa?

“Kerry se te bon zanmi m. Kòm li pa t gen machin, chak jou m te konn pase chèche l nan travay. Men, sa pa t pran tan pou m te santi se eksplwate li t ap eksplwate m.

“Li konn annik monte nan machin nan, swa l ap pale nan telefòn, swa l ap voye mesaj. Li pa janm di m mèsi pou woulib la. Li te sispann ede m peye gaz pou machin nan. E li te vin kòmanse ap kritike lòt moun. Sa te fè m fache anpil pou m wè m te tolere l pandan tout tan sa a.

“Yon jou, m te pran tan m pou m esplike Kerry mwen pa t ap ka kontinye pase chèche l ankò. Depi lè sa a, li ban m vag, sa ki te vin fè m konprann toutbon se avantaj li l t ap chèche, se pa amitye nou ki te enpòtan pou li. Sa te fè m mal anpil.” — Nicole.

SITIYASYON sa yo ka rive menm moun ki pi bon zanmi. Yon jou youn pa ka viv san lòt, epi jou apre a, menm pale youn pa pale ak lòt. Kòman de moun ki te zanmi ka vin ènmi rapid konsa?

● Pou Jeremy, tout bagay te chanje lè yon bon zanmi l te bwote al rete a anviwon 1 600 kilomèt lakay li. Jeremy di: “Li pa janm rele m depi l ale a. Sa fè m mal anpil.”

Kerrin te byen ak zanmi l lan depi senkan lè l te kòmanse wè yon chanjman nan pèsonalite zanmi an. Men sa li di: “Atitid li ak fason l pale te enkyete m anpil. Li te kòmanse ap kritike tout bagay ki te gen enpòtans pou mwen. Lè nou te eseye pale sou sa, li te akize m kòmkwa m toujou vle gen rezon, mwen pa fidèl avè l epi li di m amitye nou an pa fè l byen.”

Nan ka Gloria a menm, zanmi l lan te sispann pale avè l san l pa ba l okenn esplikasyon. Men sa l di: “Lè nou te fèk zanmi, nou te antann nou vrèman byen, e li te di m m te tankou yon sè pou li. Epi, toudenkou, li sispann fè yon seri aktivite avè m, e lè m mande l poukisa, li ban m yon seri rezon ki pa fè sans.”

Pwoblèm ki te genyen ant Laura ak Daria a te kòmanse lè Daria te pran mennaj Laura. Men sa Laura di: “Li te konn fè plizyè èdtan ap pale nan telefòn ak mennaj mwen an, alòske li te konnen nou te renmen. Pi bon zanmi m nan te trayi m, e anmenmtan m te pèdi yon moun m panse m te ka marye avè l!”

Pwoblèm nan

Tout moun fè erè. Donk, ou dwe atann ou yon jou kanmenm yon zanmi w ap di w oswa fè w yon bagay ki fè w mal. Si w onèt, w ap sonje kèk fwa ou menm tou ou fè kèk bagay ki fè lòt moun mal (Eklezyas 7:22). Men sa yon jèn fi ki rele Lisa di: “Nou tout enpafè, e tanzantan youn ap fè lòt yon bagay ki fè l mal.” Si se paske youn mal konprann lòt ki fè gen kont, an jeneral, si nou annik pale sou sa, pwoblèm nan ka rezoud.

Men, gen lòt ka kote se pa yon sèl bagay ki lakòz kont lan. Kòm nou toule de vin pa wè bagay yo menm jan ankò, tikras pa tikras gen yon seri bagay ki vin lakòz nou fè kont. Sonje, tank w ap grandi, se tank sa ki enterese w nan lavi a ap chanje. Se menm bagay la tou pou zanmi w lan. Ki sa w ka fè lè w santi ou menm ak zanmi w lan kòmanse pa pwòch menm jan an?

Ki jan m ka ranje sa?

Sa pa janm rive w pou youn nan rad ou pi renmen yo chire? Ki sa w te fè? Ou te voye l jete? Oubyen w te repare l? Pa gen dout nan sa, desizyon w pral baze sou degre rad la chire a ak degre ou te renmen l lan. Si w renmen rad la anpil, petèt w ap chèche yon fason kanmenm pou w repare l. Nan anpil ka, se menm bagay la lè yon amitye kraze. Sa plis depann sou sa k te pase a e nan ki pwen amitye a te enpòtan pou ou *.

Pa egzanp, si yo te di w yon move pawòl oswa yo te fè w yon move bagay, petèt ou ka pase sou sa lè w suiv konsèy nou jwenn nan Sòm 4:4 la ki di: “Pale nan kè nou sou kabann nou epi fè silans.” Donk, byen reflechi anvan w kraze amitye a. Èske se espre li te fè? Si w pa sèten, poukisa w pa met nan tèt ou zanmi w lan pa t gen move entansyon? Nan anpil ka, ou ka kite “lanmou kouvri yon pakèt peche”. — 1 Pyè 4:8.

Epitou, ou ka gade si w pa responsab pwoblèm nan tou. Pa egzanp, si w di yon zanmi w yon sekrè epi li trayi w li met afè w nan lari, èske petèt se ou ki pa t dwe fè l konnen enfòmasyon sa a? Yon lòt bagay ou ka gade se si w pa t met tèt ou nan pozisyon pou yo pase w nan jwèt, petèt ou te di pawòl ki pa gen sans (Pwovèb 15:2). Si se sa, mande tèt ou: ‘Èske m dwe fè kèk chanjman nan fason m ap pale pou zanmi m nan ka respekte m plis?’

“Èske nou ka pale sou sa k te rive a?”

Bon, e si w santi ou pa ka pase sou sa k te rive a? Nan ka sa a, li t ap bon pou w al kot zanmi w lan. Men, veye pou w pa al kote l pandan w fache. Labib di: “Moun ki gen gwo san leve diskisyon, men, moun ki pa fè kòlè fasil kalme diskisyon.” (Pwovèb 15:18). Donk, ret tann ou kalme w anvan w al eseye rezoud pwoblèm nan.

Lè w rive kot zanmi w lan, sonje objektif ou se pa pou “rann [...] mal pou mal”. (Women 12:17.) Okontrè, objektif la se pou w rezoud pwoblèm nan epi pou nou tounen zanmi ankò (Sòm 34:14). Di l sa w santi toutbon. Ou ka di l: “Nou gen lontan depi nou zanmi. M pa ta renmen amitye a kraze. Mwen t ap kontan si n te ka pale sou sa k te pase a.” Yonfwa w fin konn sa k te lakòz pwoblèm nan, l ap pi fasil pou nou rezoud pwoblèm nan. Menmsi zanmi w lan pa sou pale, ou ka santi w soulaje lefètke ou t al eseye fè lapè.

Finalman, ou mèt gen konfyans se vre “gen zanmi ki prèt pou kraze youn lòt”, men “gen zanmi ki pi fidèl pase yon frè”. (Pwovèb 18:24.) Menm pi bon zanmi yo konn gen pwoblèm pafwa. Lè sa rive, fè w tout sa w kapab pou kenbe amitye a. Vrèmanvre, lè w fè sa, sa ap montre ou vin gen plis matirite.

LI PLIS BAGAY SOU SIJÈ SA A NAN VOLIM 1, CHAPIT 8.

NAN LÒT CHAPIT LA:

Kèk nan jèn parèy ou yo ka pase anpil tan ap tchat sou Entènèt. Ki sa ki atire yo konsa?

[Nòt anba paj]

^ § 15 Se pa tout moun ou vle kenbe kòm bon zanmi, sitou si moun sa a sispann suiv prensip biblik yo. — 1 Korentyen 5:11; 15:33.

VÈSÈ KLE

“Si posib, depi sa depann de nou, se pou nou anpè ak tout moun.” — Women 12:18.

MEN YON IDE

Anvan w kouri panse yon bagay, koute zanmi w lan. — Pwovèb 18:13.

ÈSKE W TE KONNEN?

Pou yon amitye dire, fò youn respekte vi prive lòt e fò youn respekte libète lòt la genyen (Pwovèb 25:17). Yon lòt bò, si youn vle pou lòt la ba l tout tan l ak tout atansyon l, sa ka kraze amitye a.

SA M KONTE FÈ

Si m ta bezwen al kot yon zanmi m paske li te di m oswa li te fè m yon bagay ki fè m mal, men sa m ap di pou kòmanse konvèsasyon an ․․․․․

Menmsi m ta fache akoz yon bagay yon zanmi m di, men sa m ap fè pou n fè lapè ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

Poukisa se tikras pa tikras kèk moun sispann zanmi?

Si yon zanmi w di w oswa fè w yon bagay ki mal, ki lè w ka pase sou sa, e ki lè w ka bezwen pale avè l?

Ki sa w ka aprann nan eksperyans kote yon zanmi w te di w oswa fè w yon bagay ki mal?

Ki prekosyon w ka pran pou w redui posiblite pou yon zanmi w di w oswa fè w yon bagay ki mal?

[Antrefilè nan paj 95]

“Si m ta gen pou m rekòmanse, mwen pa t ap atann pou amitye nou an pafè. Mwen t ap pran plis tan pou m koute zanmi m nan e mwen t ap pito sipòte l olye m ret sou feblès li yo. Mwen vin konprann difikilte yo ak pwoblèm yo pap kraze yon bon amitye.” — Keenon.

[Foto nan paj 94]

Lè w gen yon pwoblèm ak yon zanmi se tankou lè w gen yon rad ki chire, menm jan w ka repare rad la ou ka repare amitye a tou.