Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki jan m ka travay pi byen lekòl?

Ki jan m ka travay pi byen lekòl?

CHAPIT 13

Ki jan m ka travay pi byen lekòl?

IMAJINE ou nan yon rak bwa, e w pa ka wè ki wout pou w fè tèlman gen pyebwa. Yo bare menm limyè solèy la. Ki sa w ap fè pou w jwenn wout ou? Li t ap bon si w gen yon manchèt pou w retire kèk nan bagay ki bare w yo.

Gen kèk moun ki di lekòl se menm bagay la. Anfèt, yo santi pye yo mare ak tout sa yo gen pou yo fè nan lekòl la, e lè yo rive lakay devwa yo pran tout tan yo. Èske se konsa w santi w tou? Nan espas ki pi ba a, ki kou ou gen plis pwoblèm avè l.

․․․․․

Petèt paran w ak pwofesè w toujou ap mande w pou w fè plis efò pou kou sa a. Si yo konn fè sa, se pa annuiye y ap annuiye w. Yo jis vle w bay tout ou menm. Donk, ki sa w ka fè si sa yo mande w yo twòp pou ou e w anvi bay vag? Si w itilize bon metòd yo, w ap ka pase tout ane lekòl ou yo san twòp pwoblèm. Ki metòd konsa ou ka itilize?

● 1ye metòd: Yon pwennvi pozitif sou lekòl. Li ka difisil pou w anvi travay plis lekòl si sa y ap montre w yo pa enterese w. Donk, pa sèlman gade sa w ap aprann nan, men gade kòman sa pral itil ou pi devan. Men sa apot Pòl te ekri: “Ni moun k ap vire tè a ni moun k ap degrennen manje angren an dwe fè sa avèk espwa y ap jwenn pa yo.” — 1 Korentyen 9:10.

Gen kèk kou li ka pa fasil pou w wè enpòtans yo. Sa k fè sa? Paske nan moman an kou sa yo ki nan pwogram lekòl la ka pa parèt enpòtan, men lè w gen konesans sou plizyè sijè, sa ap ede w pi byen konprann lavi a. Mete sou sa, sa ap ede w “vin tout bagay pou tout kalite moun”, konsa l ap pi fasil pou w pale avè yo (1 Korentyen 9:22). Epitou, konesans ou genyen sou plizyè sijè ap ede w amelyore kapasite w genyen pou w reflechi, yon bagay k ap vrèman ede w nan lavi w.

● 2yèm metòd: Yon pwennvi pozitif sou kapasite w. Lekòl ka ede w dekouvri kèk kapasite w gen lakay ou. Men sa apot Pòl te ekri Timote: “Pa neglije don Bondye te ba w.” (2 Timote 1:6). Nou konnen yo te chwazi Timote pou kèk travay espesyal nan kongregasyon an. Men, li te bezwen devlope “don” Jewova te ba li a, konsa li pa t ap gaspiye l. Menmsi kapasite w genyen lekòl se pa don Bondye ba ou, gen bagay ou pi maton ladan yo pase lòt moun. Lekòl ka ede w dekouvri epi devlope yon seri kapasite ou pa t menm panse w te genyen.

Pa kite fason w wè bagay yo fè w pa reyisi. Lè w gen panse negatif sou kapasite w, ranplase yo ak panse pozitif. Pa egzanp, lè gen kèk moun ki t ap kritike Pòl, petèt san rezon, sou fason l pale, men sa Pòl te reponn: “Menmsi mwen pa konn pale byen, se sèten, se pa menm bagay nan domèn konesans.” (2 Korentyen 10:10; 11:6). Pòl te konn pwen fèb li. Men tou li te konn pwen fò li yo.

E ou menm? Ki pwen fò w? Si w pa ka idantifye yo poukont ou, mande yon moun ki ankourajan pou l ede w. Yon moun konsa ap ka ede w idantifye pwen fò ou gen lakay ou e l ap ede w byen sèvi avè yo.

● 3yèm metòd. Bon abitid pou w etidye. Pa gen okenn chans pou w reyisi lekòl san w pa etidye. Se vre, ou gendwa pa fin renmen mo etidye a, men, li enpòtan pou w etidye. Anfèt, si w fè yon ti efò, ou ka menm twouve etidye enteresan.

Men, pou w rive gen bon abitid pou w etidye, ou bezwen gen yon bon pwogram. Sonje, pandan w lekòl toujou, youn nan bagay ki ta dwe pi enpòtan pou ou se etidye. Men Labib di tou gen “yon lè pou moun ri” ak “yon lè pou moun danse”. (Eklezyas 3:1, 4; 11:9.) Kidonk, menm jan ak pifò lòt jèn, li ka bon pou w kite yon ti tan pou w rilaks *. Men ki avètisman Eklezyas 11:4 bay: “Moun ki ret ap gade van pap plante e moun ki ret ap gade nyaj yo pap fè rekòt.” Ki leson nou aprann nan sa? Etidye anvan w pran detant ou. Pa enkyete w, w ap jwenn tan pou toude.

Èd pou devwa w yo

Men, e si devwa yo twòp pou ou? Petèt ou santi w menm jan ak Sandrine, ki gen 17 an, ki di: “Mwen konn pase de a twazèdtan ap fè devwa leswa, san konte wikenn.” Ki jan w ka jere tout devwa sa yo? Eseye suiv sa yo di nan paj 119 la.

Retire sa k sou wout ou yo

Men ki konsèy Pòl te bay Timote anrapò ak pwogrè espirityèl: “Bay bagay sa yo tout atansyon w, tout enèji w, pou pwogrè w yo ka parèt aklè pou tout moun.” (1 Timote 4:15, Phillips). Menm jan an tou, si w fè gwo efò, pwogrè ou fè nan lekòl ka parèt aklè.

Reflechi sou egzanp yo te pran nan kòmansman chapit sa a. Si w ta nan yon rak bwa ki tèlman chaje ak pyebwa ou pa wè wout pou w fè, ou t ap bezwen yon bonjan zouti, tankou manchèt, pou w rive soti, pa vre? Se menm bagay la pou lekòl tou. Olye pou w kite sa paran w ak pwofesè yo mande w soti pou fè w pèdi tèt ou, sèvi ak twa metòd nou te pale de yo nan chapit la pou ede w reyisi. Plis nòt ou ap amelyore, w ap kontan ou te fè sa!

LI PLIS BAGAY SOU SIJÈ SA A NAN VOLIM 1, CHAPIT 18.

NAN LÒT CHAPIT LA:

Mete sou pwoblèm ou deja genyen nan lekòl la, ou jwenn brimad ak tizonnay. Ki sa w ka fè pou w pwoteje tèt ou?

[Nòt anba paj]

^ § 13 Pou w jwenn plis enfòmasyon sou detant, gade seksyon 8 nan liv sa a.

VÈSÈ KLE

“Moun ki ret ap gade van pap plante e moun ki ret ap gade nyaj yo pap fè rekòt.” — Eklezyas 11:4.

MEN YON IDE

Anvan w kòmanse etidye, fè yon premye koudèy nan sa w ap etidye a, sa k ap ede w gen yon ide sou li. Apre sa eseye panse ak ki kesyon yo pral reponn anba chak soutit. Epi li sijè a toutpandan w ap chèche repons yo. Finalman, gade si w ka sonje sa w sot li a.

ÈSKE W TE KONNEN?

Lè w pran poul, nonsèlman sa ka fè moun pa gen konfyans nan ou, men tou sa ka ralanti pwogrè w lekòl. Mete sou sa, sa ap gen move efè sou relasyon w ak Bondye. — Pwovèb 11:1.

SA M KONTE FÈ

Men ki nòt mwen ta renmen genyen pou kou ki vin annapre a ․․․․․

Men sa m konte fè pou m amelyore nan kou ki vin annapre a ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

● Poukisa w ta dwe fè efò pou w etidye e pou w fè devwa w?

● Ki pwogram ou panse k ap bon pou w etidye oswa pou w fè devwa w?

● Ki kote lakay ou ki pi bon pou w fè devwa w oswa pou w etidye?

● Ki jan w ka fè pou detant pa anpeche w fè bon nòt lekòl?

[Antrefilè nan paj 117]

“Men sa m wè lakay lòt jèn ki nan menm laj avè m: Fason yo te konn etidye lè yo te lekòl se menm fason an yo etidye Labib. Si yo pa t aprann renmen etidye lè yo te lekòl, yo pa renmen etidye Labib nonplis.” — Sylvie.

[Kare/Foto nan paj 119]

Jwenn yon zòn pou w etidye. Li ta dwe yon kote w pap distrè. Si l posib, itilize yon biwo. Fèmen televizyon.

Verifye sa ki pi enpòtan. Kòm lekòl ou enpòtan pou ou, pran rezolisyon pou w pa ouvè tele a toutotan w poko fini ak devwa w.

Pa di w a gentan. Fè yon pwogram pou w fè devwa w e respekte l.

Gen yon plan. Deside sa w ap fè an premye, an dezyèm, ekstera. Ekri yo sou yon papye epi mete ki lè ou dwe fini ak yo chak. Chak sa w fini, tcheke yo.

Pran poz. Si w santi w pa ka konsantre ankò, pran yon ti poz. Men, retounen fè devwa w kou sa posib.

Gen konfyans nan tèt ou. Sonje, an jeneral, diferans ant yon bon elèv ak yon move elèv se pa sitou entèlijans yo men se angouman yo pou etidye ak metòd yo itilize. Ou kapab byen etidye lekòl. Fè gwo efò pou w etidye, e w ap wè bon rezilta w ap jwenn.

[Foto nan paj 116]

Menm jan yon moun bezwen bon zouti pou l fè wout pou l soti nan yon rak bwa, se konsa tou ou bezwen bon metòd pou w rive fini lekòl.