Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa m dwe fè si paran m esklav dwòg oswa alkòl?

Ki sa m dwe fè si paran m esklav dwòg oswa alkòl?

CHAPIT 23

Ki sa m dwe fè si paran m esklav dwòg oswa alkòl?

“Papi te di l ap soti pou l al travay nan machin nan, men nou pa t tande nouvèl li pandan tout jounen an. Manmi te rele l nan telefòn men li pa jwenn li. Yon ti tan annapre, mwen wè manmi te parèt enkyè e li t ap fè dilijans pou l soti. Li di m: ‘M pral gad kote m wè papa w.’

“Nan pita, manmi tounen poukont li. Mwen di l: ‘Papi pa t ap travay nan machin nan vre?’ Li reponn: ‘Non.’

“Lè sa a mwen te rann mwen kont papi te ban nou yon pawòl kenbe ankò. Se sa l te fè dènye fwa a. Fò m di nou, papa m pran dwòg e li esklav dwòg. Lè l te resi tounen lakay, mwen menm ak manmi te strese anpil. Nan demen, mwen pa t okipe l pandan tout jounen an e mwen te santi m mal pou sa. — Karen, 14 an.

GEN plizyè milyon jèn ki gen youn nan paran yo ki esklav dwòg oswa alkòl e sa fè yo strese. Si youn nan paran w yo esklav dwòg oswa alkòl, sa ka fè w jennen, fristre oswa menm fache.

Ann pran egzanp Mary ki te gen papa l ki te konn bwè an kachèt. Lè l te devan moun li te parèt trè janti. Men, lè l nan kay la li te konn joure fanmi l epi maltrete yo. Men sa Mary ki fache anpil di: “Moun konn vin kote nou menm timoun yo pou yo di nou jan nou gen chans gen yon bon papa.” *

Ki sa w ka fè si youn nan paran w yo esklav alkòl oswa dwòg?

Konprann sa k fè l vin esklav

Yon bagay k ap ede w se chèche konprann pwoblèm paran w lan. Men sa Pwovèb 1:5 di: “Yon moun ki gen bon konprann ap vin konnen fason pou l aji avèk ladrès.” Donk li t ap bon pou w aprann konn sa sa vle di lè yon moun esklav alkòl oswa dwòg, konnen ki kategori moun ki pi fasil esklav dwòg oswa alkòl e poukisa.

Pa egzanp, yon moun ki esklav alkòl se pa senpleman yon moun ki bwè twòp yon lè konsa. Okontrè, se yon moun ki gen lontan depi l ap bwè twòp e ki sanble pa ka sispann. Lespri l toujou sou alkòl e depi l kòmanse bwè, li pa ka kontwole tèt li pou l sispann. Sitiyasyon sa a bay gwo pwoblèm ki gen move efè sou fanmi l, travay li ak sante l.

Byenke gen kèk moun se yon pwoblèm fizik ki fè yo gen tandans esklav alkòl, sanble gen lòt se pwoblèm afektif ki fè sa. An reyalite, gen anpil moun se paske yo santi yo pa vo anyen kifè yo vin esklav alkòl (Pwovèb 14:13). Gen kèk ladan yo ki te grandi nan yon fanmi kote paran yo te esklav alkòl. Pou moun sa yo, alkòl la ka fè yo pa santi soufrans yo genyen lè y ap sonje sa k te rive yo lè yo te piti.

Natirèlman, lè yon moun bwè alkòl oswa li pran dwòg, se plis pwoblèm l ap vin genyen, epi l ap plis pa ka gen kontwòl sou panse l ak santiman l. Se poutèt sa, paran w ki esklav alkòl oswa dwòg la ka bezwen gwo èd nan men yon moun ki gen fòmasyon pou sa.

Pa atann twòp de paran w lan

Se vre, se pa paske w konprann rezon ki fè paran w lan mal aji ki fè pwoblèm nan ap rezoud. Men, lè w konprann sa k fè l aji konsa, petèt sa ka fè w vin gen konpasyon pou li.

Pa egzanp, si youn nan paran w yo ta gen yon pye l ki kase, èske w t ap atann pou l jwe foutbòl avè w? E si w ta vin konnen se fòt paran w lan ki fè pye l kase? Siman ou t ap desi. Men, ou t ap rann ou kont toutotan pye a pa geri, li pa gen posiblite pou l jwe avè w. Lè w konprann sa, sa ap ede w pa atann twòp de paran w lan.

Se menm bagay la tou si youn nan paran w yo esklav alkòl oswa dwòg, li mete tèt li nan yon sitiyasyon kote santiman l ak kapasite li genyen pou l reflechi a pa fin nòmal. E toutotan li pa chèche èd pou l geri, l ap limite anpil nan sa l ka fè pou l pran swen w. Lè w konsidere sitiyasyon paran w lan tankou yon andikap, sa ka ede w nan sa w ap atann de li.

Sa w ka fè

Ou dwe rann ou kont toutotan paran w lan pa chanje fason l ap viv, w ap oblije sibi konsekans aksyon l yo. Antretan, èske gen yon bagay ou ka fè?

Pa rann tèt ou responsab sitiyasyon paran w lan. Se paran w lan sèlman ki responsab sitiyasyon li ladan l lan. Men sa Galat 6:5 di: “Chak moun ap pote pwòp chay pa l.” Donk, se pa responsablite pa w pou w geri paran w lan, nitou ou pa oblije ap pwoteje l anba konsekans move aksyon l. Pa egzanp, si l pa ka al travay ou pa dwe bay patwon l manti pou li oswa si l te tonbe pandan l te sou, ou pa dwe fè l leve.

Ankouraje l chèche èd. Pi gwo pwoblèm paran w lan se pou l rekonèt li gen yon pwoblèm. Lè l pa sou oswa li kalm, petèt paran ki pa gen pwoblèm nan ansanm ak timoun ki pi gran yo ka pale avè l pou n fè l konprann jis nan ki pwen fason l aji a gen efè sou fanmi an e pou l amelyore sa.

Epitou, li ka bon si l ta ekri repons pou kesyon ki vin annapre yo: Ki sa k ap rive mwen menm ak fanmi m si m kontinye bwè alkòl oswa pran dwòg? Ki sa k ap rive si m sispann? Ki sa m dwe fè pou m jwenn èd?

Si w wè ka gen danje, ale. Men sa Pwovèb 17:14 di: “Anvan diskisyon pete, wete kò w!” Pa mete tèt ou nan sitiyasyon kote pou w enplike nan yon diskisyon. Si sa posib, al nan chanm ou oswa kay yon zanmi. Si w santi ka gen vyolans ki fèt, li ka nesesè pou w chèche èd nan men moun deyò.

Rekonèt santiman ou genyen. Gen kèk jèn ki santi yo koupab poutèt yo fache akoz paran yo esklav alkòl oswa dwòg. Li nòmal pou w fache sitou si paran w lan pa ka ba w lanmou ak èd ou bezwen akoz li esklav alkòl oswa dwòg. Labib mande nou pou n onore paran nou (Efezyen 6:2, 3). Men, “onore” vle di respekte otorite l genyen menm jan ou respekte otorite yon ajan polis oswa yon jij. Sa pa vle di ou dakò ak sa paran w lan ap fè a (Women 12:9). Nitou se pa paske sa paran w ap fè a ba w degoutans ki vle di ou se yon move moun, reyalite a sèke lè moun esklav alkòl oswa dwòg se yon bagay ki degoutan! — Pwovèb 23:29-35.

Chèche zanmi ki ka ankouraje w. Lè yon moun ap viv nan yon kay kote bagay yo tèt anba, li ka vin bliye ki sa yon lavi fanmi nòmal ye. Kidonk, li enpòtan pou w byen ak moun ki djanm ni nan domèn espirityèl ni nan domèn afektif. Frè ak sè yo nan kongregasyon an kapab ba w anpil ankourajman ak sipò epitou lefètke w byen avèk yo sa ka soulaje w detanzantan anba strès w ap sibi lakay ou (Pwovèb 17:17). Lè w pase tan ak fanmi ki kretyen nan kongregasyon an sa ka ede w wè ki jan yon fanmi ki nòmal ye.

Chèche jwenn èd pou tèt ou. Lè w gen yon granmoun ki gen matirite ou ka pale sou jan w santi w avè l, sa ka ede w. Ansyen yo nan kongregasyon an dispoze ede w lè w bezwen yo. Labib di mesye sa yo kapab “tankou yon kote pou moun kache lè gen van, yon kote pou moun abrite yo lè gen gwo lapli, tankou rivyè dlo k ap koule nan yon tè ki sèk, tankou lonbray yon gwo mas wòch nan yon tè ki sèk”. (Ezayi 32:2.) Donk, ou pa bezwen ni pè ni wont al pale avè yo pou w jwenn konsolasyon ak konsèy.

Pami sis etap nou sot pale de yo pi wo a, kiyès ladan yo ou pral fè anvan. ․․․․․

Ou ka pa gen posiblite pou w chanje sitiyasyon w ap viv lakay ou a, men ou ka chanje efè ou kite l gen sou ou. Olye pou w eseye kontwole paran w lan, konsantre sou tèt ou pito, paske se sou tèt ou sèlman ou gen kontwòl. Apot Pòl te di pou nou “kontinye travay pou pwòp delivrans nou”. (Filipyen 2:12.) Lè w fè sa, sa ap ede w wè bagay yo yon fason ki pozitif, e sa ka menm ankouraje paran w lan chèche èd li bezwen an.

NAN LÒT CHAPIT LA:

Si w gen enpresyon paran w toujou nan diskisyon, ki jan w ka fè fas ak pwoblèm sa ba w nan domèn afektif?

[Nòt anba paj]

^ § 7 Si youn nan paran w yo esklav alkòl epi li maltrete w, ou ta dwe chèche èd. Pale ak yon granmoun ou fè konfyans. Si w se Temwen Jewova, ou ka pale ak yon ansyen nan kongregasyon an oswa ak yon lòt kretyen ki gen matirite.

VÈSÈ KLE

“Se bon konprann yon moun genyen ki fè l bese kòlè l.” — Pwovèb 19:11.

MEN YON IDE

Olye se paran w lan ou rayi, aprann rayi move aksyon l yo pito. — Pwovèb 8:13; Jid 23.

ÈSKE W TE KONNEN?

Nan Bib la mo “onore” a ka vle di tou senpleman rekonèt yon moun gen otorite (Efezyen 6:1, 2). Donk, onore paran w lan pa vle di ou oblije toujou dakò ak fason l ap viv.

SA M KONTE FÈ

Men sa m ap fè si youn nan paran m yo ap di m move pawòl oswa ap maltrete m ․․․․․

Men ki jan mwen ka ankouraje paran m nan chèche èd ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

Ki sa k lakòz kèk moun konn vin esklav alkòl oswa dwòg?

Sa k fè ou pa responsab lefètke paran w lan vin esklav alkòl oswa dwòg?

Ki aspè nan sitiyasyon w lan ou ka gen kontwòl sou li e ki jan w ka fè sa?

[Antrefilè nan paj 192]

“Mwen konnen fason paran m aji ap fè m wont ankò pi devan, men mwen konnen tou si m konte sou Jewova, l ap ban m fòs pou m andire.” — Maxwell.

[Kare nan paj 198]

Si youn nan paran w yo sispann sèvi Jewova

Si youn nan paran w yo sispann suiv prensip ki nan Bib la, petèt li fè konnen aklè li pa vle fè pati kongregasyon an ankò, ki sa w ka fè?

Sonje Jewova pa rann ou responsab move konduit paran w lan. Labib di: “Nou chak pral rann Bondye kont pou tèt nou.” — Women 14:12.

Evite tandans konpare tèt ou ak lòt jèn ki pa nan menm sitiyasyon avè w (Galat 5:26). Gen yon jèn gason papa l te abandone fanmi an ki di: “Olye pou w ret ap reflechi sou panse sa yo, li pi bon pou w konsantre sou fason pou w fè fas ak sitiyasyon an.”

Kontinye demontre respè pou paran ki kite kongregasyon an e si sa l mande w fè yo pa opoze ak sa Bondye mande, se pou w fè yo. Jewova bay timoun yo lòd pou yo onore paran yo kit paran an kwayan kit li pa kwayan (Efezyen 6:1-3). Lè w onore paran w e w obeyi yo malgre defo yo genyen, ou pwouve ou renmen Jewova. — 1 Jan 5:3.

Rete pwòch ak kongregasyon an. Se pami gwo fanmi sa a ou ka jwenn konsolasyon (Mak 10:30). Gen yon jèn gason ki rele David ki te panse moun nan kongregasyon an t ap bay fanmi l avè l distans paske papa l te sispann sèvi Jewova. Men, David te vin rann li kont sa l te panse a se pa t sa. Li di: “Yo pa t rejte nou. Sa te ban m konviksyon kongregasyon an renmen nou toutbon.”

[Foto nan paj 194]

Lè w konsidere sitiyasyon paran w lan tankou yon andikap, sa ka ede w nan sa w ap atann de li.