Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kòman m ka defann kwayans mwen?

Kòman m ka defann kwayans mwen?

CHAPIT 36

Kòman m ka defann kwayans mwen?

Ki sa ki plis ka anpeche w pale ak elèv lekòl ou sou kwayans ou?

□ Ou pa gen ase konesans sou Bib la.

□ Ou pè pou yo pa pase w nan jwèt.

□ Ou pa konn ki jan pou w kòmanse yon konvèsasyon.

Ki fason w twouve li pi fasil pou w pale de kwayans ou?

□ Pale ak yon sèl elèv.

□ Pale devan tout klas la.

□ Ekri kwayans mwen yo nan yon devwa.

Ekri non yon elèv ou panse ki ka byen reyaji si w pale avè l sou yon sijè nan Bib la. ․․․․․

SIMAN elèv yo nan lekòl ou a pa twò renmen pale sou Bondye. Si w vin ak yon sijè sou spò, rad oswa tifi tigason y ap twò kontan pale sou sa. Men, si w kòmanse pale de Bondye, yo tout ka annik pe bouch yo epi sa w tande a tout moun jennen.

Se pa paske yo pa kwè nan Bondye, paske anpil jèn kwè nan Bondye. Men, gen kèk ki jennen pou yo pale sou sijè a. Yo ka panse se pa yon bagay ki enteresan.

E ou menm?

Si w yon jan ezite pale ak elèv lekòl yo sou Bondye, nou ka konprann sa. Pa gen pèsonn ki renmen pou moun rejte yo oswa bat plezi sou do yo. Si w pale sou kwayans ou, èske sa ka rive w? Se posib! Men, ou ka sezi wè reyaksyon lòt jèn yo tou. Gen anpil ladan yo k ap chèche repons pou yon seri kesyon tankou: Ki kote monn nan prale? Poukisa gen tout tètchaje sa yo? Siman kamarad ou yo ap pi anvi pale sou sijè sa yo ak jèn parèy yo olye yo pale yo ak granmoun.

Malgre sa, li ka vrèman difisil pou w pale avè yo sou relijyon. Men, ou pa oblije bay enpresyon ou se yon fanatik nitou ou pa bezwen enkyete w pou w di tout bagay egzakteman. Lè w ap pale de lafwa w se prèske menm jan ak lè w ap jwe yon enstriman. Siman li difisil okòmansman. Men, avèk anpil pratik sa vin pi fasil e w ap jwenn bon rezilta. Men, ki jan pou w kòmanse yon konvèsasyon?

An jeneral, ou ka jwenn yon bagay byen fasil pou w pale de li. Pa egzanp, petèt gen yon bagay ki te pase nan lekòl la ou ka bay opinyon w ki baze sou Bib la sou sijè a. Oswa ou ka eseye pale ak yon sèl elèv. Gen kèk Temwen Jewova ki annik mete piblikasyon sou biwo yo pou yo wè si gen elèv k ap gade. Byen souvan sa mache e yo kòmanse yon konvèsasyon.

Kiyès nan metòd sa yo ou ta ka eseye? ․․․․․

Èske gen yon lòt fason ou panse ou ta ka kòmanse pale sou kwayans ou ak yon elèv nan klas ou? Si se sa, ekri l pi ba a.

․․․․․

Pafwa, yo konn bay elèv yo fè yon pwojè e sa ka ba w posiblite pou w pale sou kwayans ou. Pa egzanp, ki sa w ta ka fè si yo kòmanse pale sou evolisyon? Ki jan w ka defann kwayans ou nan kreyasyon an?

Defann kreyasyon an

Gen yon jèn ki rele Ryan ki di: “Lè yo te vin ak sijè sou evolisyon an nan klas la, sa te diferan nèt ak tout sa m te aprann. Yo te prezante l kòm yon reyalite e mwen te santi m jennen pou m defann kreyasyon an.” Gen yon tifi ki rele Raquel ki di prèske menm bagay la: “Lè pwofesè syans sosyal mwen te fè konnen se sou evolisyon nou t apral pale nan pwochen leson an, mwen te pè anpil. Mwen te konnen mwen t ap gen pou m esplike klas la poukisa mwen pa kwè nan evolisyon.”

Ki jan w santi w lè yo kòmanse pale sou evolisyon nan klas la? Ou kwè se Bondye ki “kreye tout bagay”. (Revelasyon 4:11.) Ou wè prèv ki montre sa toutotou w. Men, nan liv ou yo, yo di se evolye lavi te evolye e se sa pwofesè a di tou. Bon, ki moun ou ye pou w demanti “gwo save” yo?

Ou mèt sèten, se pa ou sèl ki pa kwè nan teyori evolisyon an. Reyalite a sèke menm pami syantifik yo gen kèk ladan yo ki pa kwè ladan l. Nitou se pa tout pwofesè ak tout elèv ki kwè ladan l.

Si w vle defann kwayans ou sou kreyasyon an, ou dwe konnen ki sa Bib la di toutbon sou sijè a. Ou pa oblije fè diskisyon sou bagay Bib la pa di anyen sou yo. Ann pran kèk egzanp.

Liv syans mwen an di tè a ak solèy la gen plizyè milya ane depi yo egziste. Bib la di tout tè a ak rès linivè a te egziste depi anvan premye jou kreyasyon an. Donk ni tè a ni rès linivè a ka byen gen plizyè milya ane depi yo egziste vre. — Jenèz 1:1.

Pwofesè m nan di tè a pa t ap ka fèt nan sis jou sèlman. Bib la pa di tè a te fèt nan sis jou ki dire 24 è.

Y ap pale nan klas la sou plizyè chanjman ki fèt nan bèt ak moun tank tan ap pase. Bib la di Bondye kreye tout bagay “selon gwoup yo ye a”. (Jenèz 1:20, 21.) Sa pa kore ide ki fè kwè lavi soti nan bagay ki pa vivan, oswa Bondye te kòmanse evolisyon an ak yon sèl selil. Men, chak “gwoup” gen kapasite pou yo fè gwo chanjman. Donk, Bib la ede n konprann chanjman sa yo ap fèt sèlman nan “gwoup yo ye a”.

Lè nou gade sa nou sot egzamine nan chapit sa a, ki jan w t ap reponn yon pwofesè oswa yon elèv ki ta di:

“Lasyans pwouve se evolisyon ki fè nou la.” ․․․․․

“M pa kwè nan Bondye paske mwen pa ka wè l.” ․․․․․

Se pou w gen konfyans nan kwayans ou!

Si w te grandi nan yon fanmi kote paran w kretyen, petèt ou ka kwè nan kreyasyon an paske se sa yo te anseye w. Men, kòm kounye a ou grandi e w vle adore Bondye “avèk kapasite [w] genyen pou [w] rezone” a, ou dwe gen bonjan rezon pou w kwè sa w kwè yo (Women 12:1). Donk, mande tèt ou: ‘Ki sa k fè mwen kwè gen yon kreyatè?’ Sam, ki gen 14 an, te reflechi sou jan kò nou fèt. Li di: “Kò nou tèlman gen detay e li tèlman konplike! Tout pati nan kò a byen fonksyone ansanm. Nou pa ka di kò nou se evolye li evolye.” Holly ki gen 16 an dakò ak sa, li di: “Kòm mwen te vin aprann mwen te fè sik, mwen te aprann anpil bagay sou jan kò nou fonksyone. Pa egzanp, sa enteresan pou n wè jan pankreya a, yon ògàn nan kò a ki piti e ki dèyè lestomak la, ap fè yon gwo travay pou fè san an ak lòt ògàn yo kontinye fonksyone.”

Nan espas ki pi ba a, mete twa bagay ki konvenk ou gen yon kreyatè.

1. ․․․․․

2. ․․․․․

3. ․․․․․

Pa gen okenn rezon pou w santi w jennen oswa wont paske w kwè nan Bondye ak nan kreyasyon. Lè nou gade prèv yo, li vrèman lojik pou nou kwè se yon Moun entèlijan ki te kreye nou menm lèzòm.

Finalman, nou ka di se lè yon moun kwè nan evolisyon an li bezwen gen anpil lafwa paske li kwè nan yon mirak ki fèt san se pa yon moun ki fè l. Yonfwa w sèvi ak kapasite w genyen pou w rezone a pou w byen reflechi sou kesyon an, w ap vin gen plis asirans lè w ap defann kwayans ou.

NAN LÒT CHAPIT LA:

Gen lòt jèn ki nan laj ou k ap batize. Èske w pare pou w franchi etap sa a?

VÈSÈ KLE

“Mwen pa wont anonse bon nouvèl la. Annefè, li se yon mwayen pisan Bondye sèvi pou l sove tout moun ki gen lafwa.” — Women 1:16.

MEN YON IDE

Fè atansyon ak fason w ap konpòte w lè w ap pale de kwayans ou. Si w parèt jennen, ou ka yo pase w nan rizib. Men, si w pale ak asirans menm jan lè lòt jèn yo ap pale de sa yo kwè ap gen plis chas pou yo koute w avèk respè.

ÈSKE W TE KONNEN?

Pafwa lè yo mande pwofesè yo pou yo vin ak prèv pou evolisyon an, yo rann yo kont yo pa genyen e yo konn vin rann yo kont se annik aksepte yo aksepte teyori a paske se sa yo te anseye yo.

SA M KONTE FÈ

Men sa m ka fè pou m kòmanse pale sou Bib la ak yon elèv nan klas mwen ․․․․․

Men sa m ap di si yo ta mande m poukisa mwen kwè gen yon kreyatè ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

● Poukisa li enpòtan pou w pale ak lòt moun sou kwayans ou?

● Ki kèk fason ou ka santi w pi alèz pou w pale sou kwayans ou nan lekòl la?

● Ki jan w ka montre Sila ki kreye tout bagay la ou gen rekonesans pou sa l fè? — Travay 17:26, 27.

[Antrefilè nan paj 299]

“Lekòl se yon tèritwa kote se nou menm sèlman ki ka preche l.” — Iraida.

[Foto nan paj 298]

Sa mande pratik pou yon moun jwe yon enstriman byen, se menm bagay la pou w rive byen pale de kwayans ou.

[Foto nan paj 300, 301]

Ou ka rive venk laperèz ou genyen pou w pale de kwayans ou.