Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 17

“Fòtifye nou nan lafwa nou ki sen anpil”

“Fòtifye nou nan lafwa nou ki sen anpil”

“Fòtifye nou nan lafwa nou ki sen anpil, [...] rete nan lanmou Bondye.” — JID 20, 21.

1, 2. Ki travay ou gen pou w fè, e poukisa kalite travay w ap fè a gen anpil enpòtans?

OU GEN yon bagay w ap bati e w ap travay di ladan l. Sa fè yon bon tan depi w ap bati bagay sa a e w ap gen pou w kontinye bati l pandan yon tan. Travay la di, men ou jwenn satisfaksyon ladan l. Kèlkeswa sa k ta rive, ou detèmine pou w pa janm abandone ni pou w pa janm vin neglijan, paske kalite travay ou fè a ap gen efè sou lavi w depi kounye a, e menm alavni. Sa k fè sa? Paske sa w ap bati a se ou menm menm!

2 Disip Jid te mete aksan sou travay sa a, travay kote n ap bati tèt nou an. Nan menm pasaj kote li bay kretyen yo konsèy pou yo “rete nan lanmou Bondye” a, li te tou montre bagay prensipal k ap ede nou fè sa, se lè nou “fòtifye nou nan lafwa nou ki sen anpil”. (Jid 20, 21.) Ki fason konsa ou ka fòtifye tèt ou, sètadi ou ka fè lafwa w vin pi solid, yon fason pou w ka rete nan lanmou Bondye? Annou egzamine twa aspè nan travay ki ka fè lafwa nou vin pi solid la.

KONTINYE FÒTIFYE LAFWA NOU NAN EGZIJANS JIS JEWOVA YO

3-5. a) Ki sa Satan vle fè nou kwè konsènan lwa Jewova yo? b) Ki jan nou dwe konsidere egzijans Bondye yo, e ki efè pwennvi sa a ta dwe genyen sou nou? Bay yon egzanp.

3 Toudabò, nou bezwen fòtifye lafwa nou nan lwa Jewova yo. Ofiramezi ou t ap etidye liv sa a, ou te egzamine yon pakèt egzijans ki jis Jewova fè anrapò ak konduit. Ki jan w konsidere egzijans sa yo? Satan ta renmen twonpe w pou l fè w kwè lwa Jewova yo ak prensip li yo retire sou libète w e yo menm fè w ditò. Satan ap itilize taktik sa a depi lè l te fin jwenn bon rezilta avè l ann Edenn (Jenèz 3:1-6). Èske l ap reyisi twonpe w ak taktik sa a? Sa ap depann anpil de fason w wè bagay yo.

4 Ann pran yon egzanp pou nou montre sa: Imajine w ap fè yon pwomnad nan yon bèl kote e w remake yon kloti byen wo ki bare yon pati nan kote sa a. Peyizaj ki sou lòt bò kloti a atiran anpil. Nan yon premye tan, ou ka santi kloti sa a ba w pwoblèm paske li anpeche w pwofite libète w genyen pou w mache kote w vle. Men, ofiramezi w ap gade lòt bò kloti a pi byen, ou vin remake gen yon lyon fewòs k ap veye yon bèt pou l fonse sou li. Kounye a, ou wè kloti a se yon pwoteksyon l ye pou ou. Èske gen yon bèt sovaj ki danjere k ap veye w pou l fonse sou ou tou? Men avètisman Pawòl Bondye a ban nou: “Kenbe tèt nou anplas. Se pou nou veyatif. Advèsè nou an, Dyab la, ap sikile tankou yon lyon k ap gwonde, l ap chèche devore yon moun.” — 1 Pyè 5:8.

5 Satan tankou yon bèt sovaj. Piske Jewova pa vle nou tonbe anba men Satan, gen yon seri lwa Jewova bay pou l pwoteje nou kont pakèt “manèv” mechan sa a ap fè kont nou (Efezyen 6:11). Kidonk, chak fwa n ap medite sou lwa Bondye yo, nou ta dwe wè yo kòm yon prèv ki montre lanmou Papa nou ki nan syèl la gen pou nou. Si se konsa nou konsidere yo, y ap fè nou santi nou an sekirite e y ap ban nou lajwa. Men sa disip Jak te ekri: “Yon moun k ap gade nan lwa pafè a, lwa libète a, avèk atansyon e ki pèsevere ladan l, ap kontan nan sa l ap fè.” — Jak 1:25.

6. Ki pi bon fason pou nou fòtifye lafwa nou nan lwa Bondye yo ak prensip li yo ki jis? Bay yon egzanp.

6 Lè nou suiv kòmandman Bondye yo nan lavi nou, se pi bon fason pou n fòtifye lafwa nou nan Sila a ki ban nou lwa pou nou suiv la, e se pi bon fason pou n rive rekonèt sajès ki gen nan lwa l yo. Pa egzanp, “lalwa Kris la” gen ladan l kòmandman Jezi te bay pou nou anseye lòt moun ‘tout bagay li te ban nou lòd pou nou fè yo’. (Galat 6:2; Matye 28:19, 20.) Anplis de sa, kretyen yo pran kòmandman yo resevwa pou yo reyini regilyèman e pou yo fòtifye youn lòt la trèzoserye (Ebre 10:24, 25). Kòmandman Bondye yo gen ladan yo tou konsèy pou nou priye Jewova regilyèman, pou nou fè sa souvan e ak tout kè nou (Matye 6:5-8; 1 Tesalonisyen 5:17). Lè nou viv ann amoni ak kòmandman sa yo, nou vin konprann pi byen toujou yo se direksyon Bondye ban nou avèk amou. Lè nou obeyi yo, nou jwenn satisfaksyon ak lajwa, bagay nou pa t ap janm jwenn nan monn sa a ki tèt anba. Lè w ap medite sou fason ou menm ou jwenn byenfè lefètke w viv ann amoni ak lwa Bondye yo, èske sa pa fè lafwa w vin pi solid?

7, 8. Ki asirans Pawòl Bondye a bay moun ki enkyete paske yo pa kwè y ap ka rive kontinye fè sa ki dwat ofiramezi ane ap pase?

7 Pafwa, gen kèk moun ki konn ap enkyete yo paske yo pa kwè y ap rive rete atache ak lwa Bondye yo ofiramezi ane ap pase. Yo pè pou yo pa echwe yon fason oubyen yon lòt. Si w konn santi w konsa, toujou kenbe pawòl sa yo nan lespri w, pawòl ki di: “Mwen menm, Jewova, mwen se Bondye w, Sila a k ap anseye w pou byen w lan, Sila a k ap mennen w nan wout ou dwe mache a. Aa! Si w te annik suiv kòmandman m yo! Ebyen, lapè ou t ap genyen an t ap anpil tankou dlo nan yon rivyè ki pa janm seche, e aksyon ki dwat ou t ap fè yo t ap anpil tankou lanm lanmè ki pa sispann fè mouvman.” ​(Ezayi 48:17, 18). Èske w janm pran yon ti tan pou w reflechi sou pawòl sa yo pou w wè jis nan ki pwen yo ankourajan?

8 Nan vèsè sa yo, Jewova fè nou sonje lè nou obeyi kòmandman l yo se pou byen nou. Li pwomèt nou n ap jwenn de byenfè si nou aji konsa. Premyèman, n ap gen lapè, e lapè sa a ap tankou yon rivyè ki kalm, ki gen anpil dlo e ki toujou ap koule. Dezyèmman, aksyon ki dwat nou fè yo ap anpil tankou lanm lanmè. Lè w kanpe sou yon plaj e w ap gade lanm lanmè yo k ap vin sou rivaj la youn apre lòt, sandout ou gen enpresyon lanm sa yo ap toujou la. Ou konnen lanm yo ap kontinye vin sou rivaj la youn apre lòt pandan lontan. Konsa tou, Jewova fè konnen w ap kapab kontinye fè aksyon ki dwat pandan lontan. Toutotan w ap fè efò pou w rete fidèl ak Jewova, li pap janm kite w tonbe! (Li Sòm 55:22.) Èske bèl pwomès sa yo pa fòtifye lafwa w nan Jewova ak nan egzijans li yo ki jis?

“ANN FÈ EFÒ POU NOU VIN GEN MATIRITE”

9, 10. a) Poukisa vin gen matirite se yon bèl objektif pou kretyen yo genyen? b) Lè nou wè bagay yo menm jan avèk Bondye, ki jan sa ka fè nou gen lajwa?

9 Nou jwenn dezyèm aspè nan travay ou gen pou w fè a nan pawòl ki annapre a Bondye te enspire: “Ann fè efò pou nou vin gen matirite.” ​(Ebre 6:1). Vin gen matirite se yon bèl objektif yon kretyen dwe fikse. Se vre nou pa kapab pafè kounye a, men nou kapab vin gen matirite. Anplis de sa, toutpandan kretyen yo vin gen plis matirite, yo jwenn plis jwa nan sèvis y ap bay Jewova a. Poukisa?

10 Yon moun ki gen matirite wè bagay yo menm jan ak Jewova (Jan 4:23). Men sa apot Pòl te ekri: “Moun k ap mache selon lachè fikse panse yo sou bagay lachè, men moun k ap mache selon lespri fikse panse yo sou bagay lespri.” ​(Women 8:5). Lè panse nou fikse sou bagay lachè, nou pap jwenn anpil jwa, paske, lè sa a, nou gen tandans konsantre nou sou pwòp tèt nou, nou gen tandans pa wè lwen epi konsantre sou bagay materyèl. Yon lòt bò, lè panse nou fikse sou bagay lespri yo, nou jwenn lajwa paske nou konsantre nou sou Jewova, “Bondye ki gen kè kontan an”. (1 Timote 1:11.) Yon moun ki wè bagay yo menm jan ak Jewova se yon moun ki anvi fè Jewova plezi e ki kontan, menm lè li anba eprèv. Poukisa? Se paske eprèv yo ba l okazyon pou l pwouve Satan se yon mantè e pou l kontinye montre li fidèl toutpandan l ap fè Papa l ki nan syèl la plezi. — Pwovèb 27:11; li Jak 1:2, 3.

11, 12. a) Ki sa Pòl te di konsènan “kapasite” yon kretyen genyen pou l “konprann nan”, e ki siyifikasyon mo “antrene” a genyen? b) Ki antrènman kò a bezwen pou mouvman l ap fè yo ka byen kowòdone?

11 N ap vin wè bagay yo menm jan ak Bondye e n ap vin gen matirite si nou antrene tèt nou. Ann konsidere vèsè sa a ki di: “Gwo manje se pou moun ki gen matirite, pou moun ki rive fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal paske yo antrene kapasite yo genyen pou yo konprann nan afòs yo sèvi avè l.” ​(Ebre 5:14). Lè Pòl t ap pale de “antrene” kapasite nou genyen pou nou konprann nan, li te itilize yon mo grèk sanble yo te konn itilize anpil nan premye syèk la nan jimnazyòm yo, nan peyi Lagrès, paske yo te ka tradui ekspresyon an konsa tou: ‘Antrene tankou yon moun k ap fè jimnastik.’ Kounye a, reflechi sou sa yon antrènman konsa mande.

Yon atlèt antrene kò l lè l fè egzèsis.

12 Lè nou fèk fèt, gen yon seri mouvman kò nou pa ka fè kòrèkteman. Pa egzanp, yon tibebe pa byen konnen nan ki direksyon pou l bouje ti manm li yo. Se sa k fè yon tibebe voye ti ponyèt li nan tout direksyon, li konn menm frape pwòp figi l, e sa konn fè l sezi. Men, tikras pa tikras, lefètke li sèvi ak kò l, kò a vin antrene. Tibebe a kòmanse rale, apre sa li mache, e finalman li grandi e li ka kouri *. Men, ann retounen sou egzanp moun k ap pratike jimnastik la. Lè w wè yon atlèt konsa k ap vòltije toutpandan l ap vire avèk elegans e avèk presizyon, ou pa menm bezwen mande tèt ou jan li te byen antrene e jan kò l solid. Se pa konsa konsa atlèt la rete li vin fò nan sa l ap fè a. Li te oblije pase yon pakèt tan ap antrene. Bib la fè konnen yon antrènman fizik konsa “itil pou yon tikras bagay”. Èske lè nou antrene kapasite nou genyen pou n konprann nan, sa pa gen plis valè lontan? — 1 Timote 4:8.

13. Ki sa k ap ede nou antrene kapasite nou genyen pou nou konprann nan?

13 Nan liv sa a, nou egzamine anpil bagay k ap ede w antrene kapasite w genyen pou konprann nan, yon fason pou w ka rete fidèl ak Jewova antanke yon moun ki wè bagay yo menm jan avè l. Lè w ap pran desizyon nan lavi w chak jou, se pou w byen egzamine prensip Bondye yo ak lwa l yo toutpandan w ap priye l pou l ede w. Nan chak desizyon w ap pran, mande tèt ou: ‘Ki lwa oswa ki prensip biblik ki gen rapò ak sitiyasyon sa a? Ki jan m ka aplike yo nan sitiyasyon m nan? Ki sa k ap fè Papa m ki nan syèl la plezi?’ ​(Li Pwovèb 3:5, 6; Jak 1:5.) Lè w toujou aji konsa anvan w pran yon desizyon, sa ap pèmèt ou antrene kapasite w genyen pou w konprann nan. Yon antrènman konsa ap ede w vin yon moun ki wè bagay yo menm jan ak Bondye e k ap kontinye wè bagay yo menm jan avè l.

14. Pou nou vin gen pi bon relasyon ak Bondye, ki sa nou dwe swaf? Sepandan, ki prekosyon nou dwe toujou pran?

14 Byenke li posib pou nou vin gen matirite, n ap toujou bezwen kontinye vin gen pi bon relasyon ak Bondye. Sepandan, pou yon moun grandi nan domèn sa a, li bezwen manje. Se sa k fè Pòl te di: “Gwo manje se pou moun ki gen matirite.” Yon bagay ki enpòtan anpil pou nou fòtifye lafwa nou se kontinye manje gwo manje. Lè w byen aplike tout sa w aprann, ou montre w gen sajès, e Bib la di: “Sajès se bagay ki pi enpòtan.” Kidonk, nou dwe swaf verite ki gen anpil valè ki nan Bib la (Pwovèb 4:5-7; 1 Pyè 2:2). Natirèlman, lè nou rive gen konesans ak sajès, se pa yon rezon pou nou santi nou siperyè lòt moun oswa pou nou vin ògeye. Nou bezwen egzamine tèt nou regilyèman, yon fason pou ògèy oswa lòt defo pa pran rasin nan kè nou epi grandi ladan l. Men sa Pòl te ekri: “Kontinye verifye si nou nan lafwa, kontinye teste sa nou menm nou ye.” — 2 Korentyen 13:5.

15. Poukisa li enpòtan anpil pou n gen lanmou si nou vle vin gen pi bon relasyon ak Bondye?

15 Menm lè yon moun fin konstwi yon kay, li toujou gen travay pou l fè ladan l. Moun nan bezwen kontinye fè antretyen nan kay la. Li nesesè pou l fè reparasyon ladan l, e petèt li ka bezwen fè l vin pi gwo si sitiyasyon l chanje. Si se konsa, ki sa nou dwe fè pou nou ka vin gen matirite e pou nou toujou wè bagay yo menm jan ak Bondye? Toudabò, nou bezwen gen lanmou. Nou bezwen fè efò pou lanmou nou pou Jewova ak lanmou pou kwayan parèy nou yo vin pi plis chak jou. Si nou pa gen lanmou, tout konesans nou genyen ak tout travay nou fè pap gen okenn valè, se kòmsi n ap fè yon pakèt bri pou granmesi (1 Korentyen 13:1-3). Grasa lanmou, nou ka vin gen matirite antanke kretyen e nou ka kontinye vin gen pi bon relasyon ak Bondye.

FIKSE LESPRI W SOU ESPERANS JEWOVA BAY LA

16. Ki fason Satan ankouraje moun panse, e ki sa Jewova ban nou ki kapab pwoteje nou?

16 Annou konsidere yon lòt aspè nan travay ou gen pou w fè a. Pou w ka fòtifye tèt ou antanke vrè disip Kris, ou bezwen veye sou fason w panse. Satan, chèf monn sa a, maton nan fè moun panse yon fason negatif, nan fè moun pa fè moun konfyans e li maton nan lage yo nan dezespwa (Efezyen 2:2). Menm jan li danjere lè yon kay an bwa kòmanse pouri, se konsa tou li danjere pou yon kretyen ta panse konsa. Erezman, Jewova ban nou yon bagay enpòtan ki kapab pwoteje nou, anpalan de esperans nou genyen an.

17. Ki egzanp Pawòl Bondye a itilize pou l montre enpòtans esperans delivrans lan genyen?

17 Bib la pale de diferan pati ki gen nan ekipman konba Bondye bay la ki kapab ede nou lite kont Satan ak monn li an. Yon pati enpòtan nan ekipman sa a se kas la, anpalan de “esperans delivrans lan”. (1 Tesalonisyen 5:8.) Nan tan biblik yo, yon sòlda te konnen li pa t ap ka chape nan yon konba si li pa t gen yon kas sou tèt li. Souvan, kas sa yo te konn fèt an metal, e yo te konn gen kui oswa yon lòt materyèl anndan yo. Kas la te konn pwoteje tèt sòlda a kont kou li ta ka resevwa nan tèt. Menm jan yon kas pwoteje tèt yon sòlda, se konsa tou esperans delivrans lan ka pwoteje lespri nou.

18, 19. Ki egzanp Jezi ban nou antanke moun ki te toujou kenbe esperans li an nan lespri l, e ki jan nou ka imite l?

18 Se Jezi ki ban nou pi bèl egzanp antanke moun ki te toujou kenbe esperans li an nan lespri l. Sonje tout sa li te andire nan dènye nuit li te pase sou tè a. Youn nan zanmi pwòch li yo trayi l pou lajan. Gen yon lòt ki renye l, ki di li pa t janm konnen l. Lòt yo abandone l e yo kouri. Moun pwòp peyi l leve kont li, yo pèsiste pou sòlda women yo tòtire l jiskaske l mouri. Eprèv Jezi te sibi yo te terib anpil, e li pa egzajere pou nou ta di eprèv n ap gen pou n sibi yo pap janm terib konsa. Men, ki sa k te ede Jezi? Ebre 12:2 di: “Poutèt kè kontan ki te rezève pou li a, li andire anba lanmò sou yon poto soufrans, li meprize lawont, epi li chita adwat twòn Bondye a.” Jezi te toujou fikse lespri l sou “kè kontan ki te rezève pou li a”.

19 Ki kè kontan ki t ap tann Jezi? Ebyen, li te konnen si l andire, li t ap jwe wòl pa l nan sangtifye non Jewova ki sen. Li te konnen tou li t ap bay pi gwo prèv ki montre Satan se yon mantè. Pa gen anyen ki te ka bay Jezi plis jwa pase sa! Mete sou sa, li te konnen Jewova t ap beni l anpil pou fidelite l, e li te konnen li t ap kontan lè l retounen jwenn Papa l. Jezi te kenbe bèl esperans sa a nan lespri l pandan peryòd ki te pi difisil nan lavi l yo. Nou bezwen fè menm jan an tou. Nou menm tou, nou gen kè kontan k ap tann nou. Jewova bay nou chak privilèj pou nou patisipe nan sangtifikasyon non l, yon non ki gran. Nou ka pwouve Satan se yon mantè lè nou chwazi Jewova kòm Souvren nou e lè nou kontinye rete nan lanmou Papa nou, kèlkeswa eprèv ak tantasyon nou ta rankontre.

20. Ki sa k ka ede w pa panse yon fason negatif epi kenbe esperans ou genyen an nan lespri w?

20 Jewova pa sèlman dispoze rekonpanse sèvitè fidèl li yo, men tou li swaf pou l fè sa (Ezayi 30:18; li Malachi 3:10). Li pran plezi pou l bay sèvitè l yo tout bon bagay yo swete nan kè yo (Sòm 37:4). Kidonk, se pou w kite lespri w byen fikse sou esperans ou genyen an. Pinga w janm kite panse negatif, vye panse, panse kwochi ki soti nan monn Satan an pote w ale. Si w santi espri monn sa a kòmanse gen move enfliyans sou lespri w ak kè w, priye Jewova ak tout kè w pou w mande l “lapè [...] ki depase tout sa moun ka konprann” nan. Lapè sa a Bondye bay la ap pwoteje kè w ak kapasite mantal ou. — Filipyen 4:6, 7.

21, 22. a) Ki esperans estrawòdinè moun ki fè pati “gwo foul moun” nan genyen? b) Ki aspè nan esperans kretyen yo genyen an ki gen plis enpòtans pou ou, e ki detèminasyon w pran?

21 Ala yon bèl esperans nou genyen! Si w fè pati “gwo foul moun” ki pral “soti anba gwo tribilasyon an”, reflechi sou jan lavi a pral ye talè konsa (Revelasyon 7:9, 14). Lè Satan ak demon l yo pa la ankò, w ap santi yon soulajman ou pa menm ka imajine kounye a. Anfèt, kiyès nan nou ki konnen sa sa vle di viv san l pa sibi move enfliyans Satan gen sou monn nan? Lè enfliyans sa a pa la ankò, ala kontan n ap kontan pou n travay pou n fè tè a tounen yon paradi anba direksyon Jezi Kris ak 144 000 moun ki pral dirije avè l nan syèl la! Se pa ti kontan nou kontan lefètke nou konnen talè konsa pap gen moun malad ak moun enfim ankò, nou pral akeyi moun nou renmen yo lè yo resisite, nou pral viv jan Bondye te vle pou nou viv la! Ofiramezi n ap vin pafè, gen yon lòt pi gwo rekonpans k ap pwoche pi pre nou, anpalan de reyalizasyon pwomès nou jwenn nan Women 8:21 an ki fè konnen n ap “gen libète pitit Bondye yo genyen an nan laglwa”.

22 Jewova vle pou w jwenn libète sa a nan yon degre ou pa menm ka imajine. Chemen pou nou jwenn libète sa a se obeyisans. Èske sa pa vo lapèn pou n fè tout sa n kapab pou n obeyi Jewova chak jou? Kidonk, annou kontinye fòtifye nou nan lafwa nou ki sen anpil, yon fason pou nou ka toujou rete nan lanmou Bondye pou toutan!

^ § 12 Syantifik yo di nou devlope yon sans espesyal ki pèmèt nou konnen nan ki pozisyon kò nou ak manm nou ye. Pa egzanp, se sans sa a ki pèmèt nou ka bat men nou menmsi je nou fèmen. Gen yon dam ki pa t ka kanpe, ki pa t ka mache e ki pa t menm ka chita akoz li te pèdi sans espesyal sa a.