Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Egzanp: Jozèf

Egzanp: Jozèf

Egzanp: Jozèf

Jozèf te nan yon sitiyasyon ki grav. Madanm mèt li t ap plede mande l pou l fè sèks avè l. Men, sa pa t tante Jozèf. Dayè, li te bay fi a yon repons ki fèm. Li te di l: “Ki jan pou m ta ka fè gwosè mechanste sa a e pou m ta peche kont Bondye?” Lè manmzèl, ki pa t dakò ak repons lan, met men sou Jozèf, Jozèf pa t pè sove. Anfèt, li te kouri kite kay la! Jozèf te montre li se yon moun ki gen bonjan prensip. — Jenèz 39:7-12.

Ou menm tou, ou ka nan yon sitiyasyon kote yon moun vle w fè sèks avè l. Pou w reziste, detèminasyon sèlman pap sifi. Fò w vle fè Jewova, Kreyatè w la, plezi. Ou konnen, Jozèf te gen dezi seksyèl menm jan avè w. Men, li pa t menm panse pou l satisfè dezi sa yo yon fason ki t ap fè Bondye lapenn. Menm jan an tou, ou bezwen gen konviksyon si w aji yon fason ki pa pwòp sa ap fè Bondye lapenn e alafen, w ap soufri. Kidonk, fè gwo efò pou w vin gen menm prensip moral ak Jozèf e pou w kenbe prensip sa yo.