Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Egzanp: Twa jèn ebre yo

Egzanp: Twa jèn ebre yo

Egzanp: Twa jèn ebre yo

Anànya, Michayèl ak Azarya kanpe nan Plèn Doura ki nan tèritwa Babilòn. Tout moun bò kote yo mete ajenou devan yon gwo imaj. Malgre presyon lòt moun ap fè sou yo e malgre menas wa a fè, twa jèn gason sa yo kanpe sou desizyon yo. Avèk respè, men yon fason ki fèm, yo di Nebikadneza yo pap negosye desizyon yo pran pou yo sèvi Jewova a. — Dànyèl 1:6; 3:17, 18.

Mesye sa yo te piti lè yo te mennen yo ann egzil nan Babilòn. Lefètke yo te fidèl lè yo te piti lè yo te refize manje manje Lalwa a te kondane, sa te prepare yo pou yo fè fas ak eprèv ki pi difisil yo t apral jwenn pi devan nan lavi yo (Dànyèl 1:6-20). Dapre eksperyans yo te fè, yo te konnen obeyi Jewova se pi bon bagay pou yo fè. Èske w gen menm detèminasyon pou w rete atache ak prensip Bondye yo malgre presyon jèn parèy ou ap fè sou ou? Pandan w jèn nan, si w aprann obeyi Jewova menm nan bagay ki parèt tou piti, w ap pi byen prepare pou w rete fidèl lè w pral fè fas ak gwo eprèv pi devan nan lavi w. — Pwovèb 3:5, 6; Lik 16:10.