Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Egzanp: Pòl

Egzanp: Pòl

Egzanp: Pòl

Apot Pòl rekonèt feblès li. Li di aklè: “Lè m vle fè sa ki dwat, se sa ki mal ki lakay mwen.” Pòl vle fè sa ki byen, li di: “Mwen vrèman jwenn plezi nan lwa Bondye a.” Nan ka sa a, ki pwoblèm Pòl? Li di: “Mwen wè yon lòt lwa k ap fè lagè ak lwa ki nan lespri m nan e k ap mennen m kòm prizonye bay lalwa peche ki nan kò m nan.” Erè Pòl fè yo pa fè l kontan. Li di: “Ala mizè pou mwen!” — Women 7:21-24.

Èske erè w fè yo fè w tris? Si se wi, sonje menm Pòl te konn santi l konsa pafwa. Men tou, Pòl te konnen Kris te mouri pou moun tankou l, sa k te fè l di: “Mèsi Bondye grasa Jezi Kris, Seyè nou an!” (Women 7:25). Pòl te wè ranson an kòm yon kado Jewova ba li pèsonèlman. Men sa l te ekri: ‘Pitit Bondye a renmen m e li livre tèt li pou mwen.’ (Galat 2:20). Lè w santi w dekouraje, reflechi sou ranson an. E si se erè w yo ki fè w santi w dekouraje, pa janm bliye: Kris pa t mouri pou moun ki pafè, se pou moun ki pechè li te mouri.