Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

2YÈM PATI

Kiyès vrè Dye a ye?

Kiyès vrè Dye a ye?

Gen yon sèl vrè Dye, e non l se Jewova (Sòm 83:18). Li se yon Espri, nou pa ka wè l. Li renmen nou e li vle nou renmen l tou. Li vle pou nou renmen lòt moun tou (Matye 22:35-40). Se li menm ki Toupisan an, se li ki kreye tout bagay.

Premye sa Bondye te kreye se yon espri pisan yo te vin rele Jezi Kris annapre. Jewova te kreye zanj yo tou.

Jewova te kreye tout bagay nan syèl la... ak sou tè a. Revelasyon 4:11

Jewova Dye te kreye zetwal yo ansanm ak tè a ak tout sa ki sou li. — Jenèz 1:1.

Li te fè Adan, premye gason an, ak pousyè tè. — Jenèz 2:7.