Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

6YÈM PATI

Ki sa delij ki te fèt la aprann nou?

Ki sa delij ki te fèt la aprann nou?

Bondye te detwi mechan yo, men li te sove Noye ak fanmi l. Jenèz 7:11, 12, 23

Gen yon gwo lapli ki te fè 40 jou ak 40 nuit ap tonbe, e dlo te kouvri tout tè a. Tout mechan yo te mouri.

Zanj rebèl yo te kite kò moun yo te pran an e yo te tounen demon.

Tout moun ki te nan lach la te chape. Malgre rive yon lè Noye ak fanmi l te mouri, Bondye pral ba yo lavi ankò ak posiblite pou yo viv pou toutan.

Bondye pral detwi mechan yo ankò e l ap sove moun ki bon yo. Matye 24:37-39

Satan ak demon yo kontinye twonpe moun.

Jodi a, menm jan ak epòk Noye a, anpil moun pa aksepte direksyon Jewova ba yo avèk amou. Talè konsa, Jewova pral detwi tout moun ki mechan. — 2 Pyè 2:5, 6.

Gen kèk moun ki tankou Noye. Yo koute Bondye e yo fè sa l di. Moun sa yo se Temwen Jewova yo.