Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

8YÈM PATI

Ki sa lanmò Jezi vle di pou ou?

Ki sa lanmò Jezi vle di pou ou?

Jezi te mouri pou nou ka gen lavi. Jan 3:16

Twa jou apre lanmò Jezi, gen kèk medam ki al nan kavo kote yo te mete l la, yo jwenn li vid. Jewova te leve Jezi sot nan lanmò.

Annapre, Jezi parèt devan apot li yo.

Wi, Jewova te leve Jezi pou l ba l lavi antanke yon espri ki pisan e ki pa ka mouri. Disip Jezi yo te wè l k ap monte nan syèl la.

Bondye te resisite Jezi e li mete l Wa nan Wayòm li an. Dànyèl 7:13, 14

Jezi te bay vi l pou peye yon ranson pou limanite (Matye 20:28). Grasa ranson sa a, Bondye fè l vin posib pou nou viv pou toutan.

Jewova mete Jezi Wa pou l dirije tè a. L ap gen 144 000 moun fidèl ansanm avè l, y ap resisite pou y al viv nan syèl la. Jezi ak 144 000 moun sa yo fè pati yon gouvènman nan syèl la k ap aji avèk jistis. Gouvènman sa a se Wayòm Bondye a. — Revelasyon 14:1-3.

Wayòm Bondye a pral fè tè a tounen yon paradi. Pap gen ni lagè, ni krim, ni povrete ankò. Moun yo pral viv ak kè kontan toutbon. — Sòm 145:16.