9YÈM PATI
Ki lè Paradi a ap vini?
Pwoblèm ki gen sou tè a montre Wayòm Bondye a pa lwen pou l aji. Lik 21:10, 11; 2 Timote 3:1-5
Labib te anonse anpil bagay k ap rive jodi a. Li te di moun yo t ap renmen lajan, yo t ap dezobeyi paran yo, yo t ap sovaj, e yo t ap renmen plezi.
T ap gen gwo tranblemanntè, t ap gen lagè, t ap gen rate manje, e maladi t ap gaye. Bagay sa yo ap rive kounye la a.
Epitou, Jezi te di yo t ap gen pou preche bon nouvèl konsènan Wayòm nan sou tout tè a. — Matye 24:14.
2 Pyè 3:13
Wayòm nan pral elimine tout mechanste.Talè konsa Jewova ap detwi tout mechan.
Bondye ap pini Satan ak demon yo.
Moun ki te koute Bondye yo ap chape pou yo viv nan yon monn nouvo k ap gen jistis, kote moun pap pè ankò, moun ap fè moun konfyans e youn ap renmen lòt.