10YÈM PATI
Ki benediksyon moun ki koute Bondye yo pral jwenn?
Pifò moun ki mouri ap resisite pou yo viv sou tè a. Travay 24:15
Imajine kantite benediksyon ou pral jwenn si w koute Jewova! W ap gen yon sante pafè. Pa gen moun k ap malad oswa k ap enfim. Pap gen move moun, e w ap ka fè tout moun konfyans.
Pap gen doulè, pap gen chagren oswa kriye. Pa gen moun k ap vyeyi e k ap mouri.
Tout moun k ap la yo se pral zanmi w ak fanmi w. Lavi a pral bèl nan Paradi a.
Moun pap pè. Moun pral viv ak kè kontan toutbon.