Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Poukisa m toujou nan kont ak paran m?

Poukisa m toujou nan kont ak paran m?

CHAPIT 2

Poukisa m toujou nan kont ak paran m?

Nan premye egzanp yo pran nan chapit sa a, gen twa bagay Rachel fè ki fè gen kont. Èske w ka rive wè yo? Ekri repons ou yo pi ba a, epi konpare yo ak repons ki nan kare ki rele “ Repons” ki nan paj 20 an.

․․․․․

Li mèkredi aprèmidi, Rachel, yon jèn ki gen 17 an, fin fè tout sa l te gen pou l fè. Li resi gen yon ti tan pou l rilaks li. Li ouvri televizyon an epi li chita sou chèz li pi renmen an.

Apèn li chita, manman l parèt nan pòt la, e manman an pa kontan. Li di: “Rachel! Apa se televizyon ou chita ap gade? Ou pa t gen pou w ede ti sè w la fè devwa l? Ou pa janm fè sa yo di w fè!”

Rachel bougonnen: “Toutan se yon sèl pawòl.” Li di sa yon fason pou manman an tande.

Manman an fè yon ti avanse, li di: “Sa w di la a?”

Rachel fè yon min ak figi l, epi li di: “Anyen non.”

Manman an fache anpil e li di: “Ki jan w ap pale avè m la a?”

Rachel reponn byen fò: “E ou menm, ou pa wè jan w ap pale avè m!”

Tout rilaks fini! Li menm ak manman l kòmanse fè yon lòt gwo diskisyon.

ÈSKE sa konn rive w? Èske w toujou nan kont ap paran w? Si repons lan se wi, pran yon ti tan pou w analize sitiyasyon an. Ki sa k plis konn lakòz nou nan kont? Mete ti siy tcheke a ✔ nan ti kare ki koresponn ak repons ou t ap bay pou kesyon sa a, oswa ekri repons lan bò ti kare ki rele “Lòt” la.

□ Fason m wè bagay yo

□ Travay nan kay

□ Abiman m

□ Lè pou m rantre

□ Detant

□ Zanmi

□ Moun lòt sèks

□ Lòt ․․․․․

Kèlkeswa repons lan, lè ou menm ak paran w nan kont, ni ou ni paran w pa santi nou byen. Bon, ou ta gendwa pa di anyen epi w pran pòz ou dakò ak tout sa paran w di. Men, èske se sa Bondye vle w fè? Non. Se vre, Bib la di w pou w “onore papa [w] ak manman [w]”. (Efezyen 6:2, 3.) Men, li ankouraje w tou pou w “aprann reflechi” e pou w sèvi ak “kapasite [w] genyen pou [w] rezone” a (Pwovèb 1:1-4; Women 12:1). Lè w fè sa, se sèten w ap vin gen pwòp konviksyon pa w, e gen kèk ladan yo ki ka pa menm ak konviksyon paran w. Men, nan yon fanmi, lè ni paran ni pitit suiv prensip ki nan Bib la, sa fè yo kominike nan lapè, menm lè yo pa wè bagay yo menm jan. — Kolosyen 3:13.

Ki sa w ka fè pou lè w ap pale ak paran w pou konvèsasyon an pa mennen nan kont? Ou ka gen tandans di: “Se paran m ki pwoblèm nan. Anfèt, se yo menm ki toujou la nan kò m!” Men fè yon ti reflechi: Èske w ka chanje lòt moun? Èske w ka chanje paran w? An reyalite, sèl moun ou ka chanje se ou. Yon bagay pou w sonje sèke si w fè sa w kapab pou w kalme sitiyasyon an, l ap pi fasil pou paran w ret kalm e pou yo koute sa w ap di.

Kounye a, ann wè sa w ka fè pou sispann gen kont nan kay la. Lè w suiv sijesyon ki pi ba yo, ni paran w ni ou menm ka sezi wè pwogrè w fè nan kesyon kominike a.

Reflechi anvan w reponn. Lè w sou tansyon, pa kouri lage premye sa ki vin nan lespri w la. Pa egzanp, ann sipoze manman w di w: “Poukisa ou pa t lave asyèt yo? Ou pa janm fè sa yo di w!” Si w t ap kouri reponn, ou te ka di: “Sa w genyen ou toujou nan kò m konsa!” Men, sèvi ak kapasite w genyen pou w rezone a. Eseye konprann ki sa manman w vle di toutbon. An jeneral, lè moun di “ou toujou” oswa “ou pa janm”, sa w tande a se pa sa yo vle di vre. Li gen yon bagay li vle w konprann. Ki sa l ye?

Petèt manman w fache paske li santi li gen twòp bagay pou l fè nan kay la. Tout sa l vle se pou w ba l asirans w ap ede l. Donk si w di l “Poukisa w toujou nan kò m?” se pi mal w ap fè sitiyasyon an vin pi mal! Olye de sa, poukisa w pa mete manman w alèz? Pa egzanp, ou te ka di l: “Eskize m manmi, mwen pral lave asyèt yo kounye a.” Men, atansyon! Veye pou w pa di sa yon fason pou w derespekte l oswa pou w pase l nan jwèt. Fè manman w santi ou konprann li, sa gendwa kalme l epi li gendwa esplike w sa l genyen *.

Nan espas ki pi ba a, ekri yon bagay papa w oswa manman w te ka fè w ki te ka fè w fache.

․․․․․

Kounye a, panse ak yon repons ou te ka bay ki t ap montre ou konprann li.

․․․․․

Pale avèk respè. Eksperyans Michelle te fè te fè l wè enpòtans pou l veye sou fason l pale ak manman l. Men sa l di: “Kèlkeswa pwoblèm n ap pale a, manman m pa janm renmen ton vwa m.” Si sa rive w souvan, aprann pale pi kalm e pi dousman, epi evite fè min ak figi w oswa lòt bagay ki ka fè paran w santi yo deranje w (Pwovèb 30:17). Si w santi ou anvi fè kòlè, fè yon priyè tou kout nan kè w (Neyemi 2:4). Natirèlman, rezon ki fè w priye a se pa pou w mande Bondye pou l fè ‘paran w kite w an repo’, men se pou l ede w metrize w yon fason pou w pa fè sitiyasyon an vin pi mal. — Jak 1:26.

Nan espas ki pi ba a, ekri kèk repons ou gen tandans bay ak kèk reyaksyon ou gen tandans genyen men ou vle evite.

Repons:

․․․․․

Reyaksyon (jès ou fè ak figi w oswa ak kò w):

․․․․․

Koute. Men sa Bib la fè konnen: “Si w pale anpil, w ap di yon move bagay kanmenm.” (Pwovèb 10:19, Contemporary English Version). Donk, bay manman w oswa papa w tan pou yo pale epi byen koute yo. Pa koupe yo lapawòl pou w bay rezon ki fè w te fè sa w te fè a. Annik koute. Lè yo fin pale, w ap gen kont tan w pou w poze kesyon e pou w bay opinyon w. Yon lòt bò, si w ap ensiste pou w bay opinyon w tousuit, ou ka fè sitiyasyon an vin pi mal. Menmsi gen anpil bagay ou ta vle di, sandout moman sa a se “lè pou [w] pa di anyen”. — Eklezyas 3:7.

Toujou pare pou w mande eskiz. Li toujou bon pou w di “eskize” si w te fè yon bagay ki lakòz gen kont (Women 14:19). Ou ka menm di eskize tou senpleman paske te gen kont. Si w santi ou pa ka di sa fasafas, ekri sa w santi a bay paran w. Epi, fè efò pou w chanje tout konpòtman ki te lakòz kont lan fèt (Matye 5:41). Pa egzanp, si w konnen gen yon bagay nan kay la yo atann pou w fè e si w pa fè l sa ap mennen nan kont, ebyen fè paran w sipriz: Fè travay la! Ou pa panse l ap pi bon pou w annik fè l, menmsi se yon travay ou pa renmen, tan pou w nan kont ak paran w lè yo dekouvri ou pa t fè sa w te gen pou w fè a (Matye 21:28-31)? Reflechi sou byenfè w ap jwenn lè w fè sa w kapab pou w redui strès ki genyen ant ou menm ak paran w.

Menm nan pi bon fanmi yo, moun yo pa toujou dakò youn ak lòt, men yo konn ki jan pou regle bagay yo nan lapè. Suiv konsèy yo bay nan chapit sa a, e w ap sezi wè w ap rive pale menm sou sijè ki difisil ak paran w san nou pa fè kont!

NAN LÒT CHAPIT LA

Èske w santi paran w ta dwe ba w plis libète? Si repons lan se wi, ki sa w ka fè?

[Nòt anba paj]

^ § 26 Pou w ka jwenn plis enfòmasyon, gade Volim 2 a, chapit 21.

VÈSÈ KLE

“Yon moun ki dwat byen reflechi nan kè l anvan l reponn.” — Pwovèb 15:28.

MEN YON IDE

Lè paran w ap pale avè w, fèmen mizik ou t ap koute, mete liv oswa lòt sa w t ap li yo yon kote, epi ba yo atansyon w.

ÈSKE W TE KONNEN?

Lè w fè efò pou w fè lapè oswa evite fè kont, sa ap fè w santi w byen. Anfèt, Bib la fè konnen, lè yon moun “bon moun, se tèt li l fè byen”. — Pwovèb 11:17.

SA M KONTE FÈ

Men pwen mwen plis renmen nan chapit sa a mwen vle travay sou li ․․․․․

M ap kòmanse (met dat la) ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

● Poukisa kèk jèn panse se yon bon bagay sa ye lè se yo ki toujou genyen nan yon diskisyon?

● Poukisa Jewova wè yon moun ki renmen fè kont kòm yon moun ki sòt? — Pwovèb 20:3.

● Ki byenfè w ap jwenn lè w fè sa w kapab pou w redui strès ki genyen ant ou menm ak paran w?

[Antrefilè nan paj 18]

“Pafwa manman m di m “eskize”, epi li sere m nan bra l, m renmen sa. Epi nou bliye sa k te pase a. M eseye fè menm jan an. Lè m vale ògèy mwen e m di ‘eskize’, sa vrèman ede, byenke sa pa toujou fasil.” — Lauren.

[Kare nan paj 20]

 Repons

1. Lè l di pawòl pou derespekte manman l oswa pou pase l nan jwèt (“Toutan se yon sèl pawòl.”) se fache l ap fè manman l vin pi fache.

2. Lè Rachel fè min ak figi l, se plis pwoblèm l ap chèche mete.

3. Lè l reponn mal (“E ou menm, ou pa wè jan w ap pale avè m!”), se pi mal li fè sitiyasyon an vin pi mal.

[Foto nan paj 19]

Lè w fè kont ak paran w se tankou w ap kouri sou yon aparèy pou moun fè egzèsis, ou depanse anpil enèji, men ou pa al okenn kote.