Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki fason pou m boule ak frè ak sè m?

Ki fason pou m boule ak frè ak sè m?

CHAPIT 6

Ki fason pou m boule ak frè ak sè m?

Ki relasyon w t ap di ou genyen ak frè ak sè w? Nou: 1) bon zanmi, 2) rive sipòte youn lòt, 3) toujou nan kont. ․․․․․

GEN frè ak sè ki bon zanmi. Pa egzanp, Felicia, ki gen 19 an, di: “Irena sè m nan, ki gen 16 an, se youn nan pi bon zanmi m.” E men sa Carly, ki gen 17 an e ki gen yon gran frè ki rele Eric ki gen 20 an, di: “Nou antann nou vrèman byen. Nou pa janm nan diskisyon.”

Men, yon lòt bò, gen anpil jèn ki santi yo menm jan ak Lauren ak Marla. Men sa Lauren di: “Nou te konn fè diskisyon pou nenpòt ti bagay, menm pou bagay ki pi raz la.” Petèt, sitiyasyon pa w sanble ak sitiyasyon Alice, ki gen 12 an. Men sa l di konsènan Dennis, yon frè l ki gen 14 an: “Li konn vrèman enève m! Li konn rantre nan chanm mwen epi pran afè m san l pa mande m. Dennis aji tankou tibebe!”

Èske w gen yon frè w oswa yon sè w ki enève w? Bon, se paran w ki gen responsablite pou kenbe lòd nan kay la. Men, yon lè kanmenm w ap gen pou w aprann ki jan pou w boule ak lòt moun. Ou ka kòmanse aprann sa pandan w nan kay la.

Fè yon ti reflechi sou tout diskisyon ou fè ak frè ak sè w. Pou ki bagay konsa nou plis fè diskisyon. Nan lis ki pi ba a, mete ti siy tcheke a ✔ bò kote sa ki konn lakòz ou fache.

Afè m. Frè ak sè m prete afè m san yo pa mande.

Pèsonalite nou pa mache. Frè ak sè m egoyis, yo aji san reflechi oswa yo eseye kontwole lavi m.

Vi prive m. Frè ak sè m antre nan chanm mwen san yo pa frape e yo li imel mwen oswa mesaj tèks mwen san yo pa mande m.

Lòt ․․․․․

Si frè ak sè w toujou ap nui w, swa yo ap eseye pran pòz chèf yo sou ou oswa yo pa respekte vi prive w, li ka difisil pou w pa kenbe yo sou kè. Men sa Bib la fè konnen: “Lè moun pran kou nan nen, li fè san, e lè yo fè kòlè yon moun monte, sa fè gen gwo kont.” (Pwovèb 30:33). Si w kenbe moun sou kè, sa ka mennen nan gwo diskisyon, menm jan lè yon moun pran kou nan nen, li fè san. E konsa, sitiyasyon an ap vin pi mal (Pwovèb 26:21). Kòman w ka evite pou yon ti pwoblèm vin tounen yon gwo pwoblèm? Premye bagay pou w fè se chèche konnen kote pwoblèm nan soti.

Pwoblèm nan ak koz li

Pwoblèm ki genyen ant frè ak sè tankou bouton moun gen sou yo. Lè w gen yon bouton, li yon ti jan fè w mal, men sa ki lakòz bouton an se yon enfeksyon ou genyen. Menm jan an tou, yon gwo diskisyon ant frè ak sè se sa moun ka wè a, men konn gen pwoblèm ki pi pwofon ki alabaz.

Ou ka gen tandans peze bouton an pou w fè l ale. Men ou pa t ap rezoud pwoblèm nan, e si w fè sa bouton an ka kite mak sou po w oswa menm ou ka fè enfeksyon an vin pi mal. Pi bon bagay la se trete enfeksyon an e konsa, w ap anpeche lòt bouton parèt. Se menm bagay la lè w gen pwoblèm ak frè ak sè w. Chèche wè ki sa ki lakòz pwoblèm nan, e konsa ou pap annik rete sou sa ki parèt la men ou prale nan rasin pwoblèm nan menm. Epitou, si w fè sa, se aplike w ap aplike konsèy wa Salomon te bay ki di: “Se bon konprann yon moun genyen ki fè l bese kòlè l.” — Pwovèb 19:11.

Pa egzanp, sonje sa Alice te di konsènan Dennis frè l la: “Li konn rantre nan chanm mwen epi pran afè m san l pa mande m.” Sa a se pwoblèm nan. Men ki sa w panse ki lakòz pwoblèm nan? Sanble se yon kesyon respè. Alice te ka annik di Dennis pou l pa janm antre nan chanm li oswa pou l pa janm sèvi ak afè l. Men si l ta fè sa, se sèlman pwoblèm sa a li t ap rezoud e siman sa ta ka mennen nan plis diskisyon. Men, si Alice rive fè Dennis konprann fò l respekte afè l, pa gen dout, relasyon yo ap amelyore.

Aprann rezoud pwoblèm e aprann evite yo

Natirèlman, lè w fin idantifye sa k lakòz pwoblèm ou gen ak frè ak sè w se sèlman yon pati nan solisyon pwoblèm nan ou jwenn. Ki sa w ka fè pou w rezoud yon pwoblèm e pou w evite nou pa gen kont sou sa ankò? Eseye fè sis bagay ki vin annapre yo.

1. Antann nou sou kèk règ. Fè yon ti reflechi sou sa w panse ki te lakòz pwoblèm ou gen ak frè oswa ak sè w la. Gade pou w wè si nou toude ta ka etabli kèk règ nou antann nou sou yo e konsa nou t ap jwenn solisyon pou koz pwoblèm nan. Pa egzanp, si nou gen kont paske youn prete afè lòt, yon 1ye Règ nou te ka etabli se t ap: “Youn pa dwe janm prete afè lòt san l pa mande l.” Yon 2yèm Règ se t ap: “Si frè w oswa sè w di w ‘pa prete sa a’, se pou w rekonèt li gen dwa pou l di w sa, e w dwe respekte sa.” Lè n ap etabli règ sa yo, sonje sa Jezi te di a: “Se sa k fè, tout sa nou ta renmen moun fè pou nou, nou menm tou, nou dwe fè l pou yo.” (Matye 7:12). Konsa, n ap etabli règ nou toude ka suiv. Apre sa, pale sou règ sa yo ak paran w pou w asire w yo dakò avè yo. — Efezyen 6:1.

2. Se pou w suiv règ yo tou. Apot Pòl te di: “W ap anseye lòt moun, epi w pa anseye tèt ou? Ou menm k ap preche: ‘Pa vòlè’, w ap vòlè?” (Women 2:21). Ki jan w ka suiv prensip sa a? Pa egzanp, si w vle pou frè w oswa sè w respekte vi prive w, ebyen ou menm tou se pou w frape anvan w antre nan chanm yo oswa se pou w mande yo pèmisyon pou w li imel yo oswa mesaj tèks yo.

3. Pa kouri fache. Sa k fè se yon bon konsèy? Paske jan Bib la di sa, “se moun ki sòt ki plede fache”. (Eklezyas 7:9.) Si w fache fasil, lavi w ap difisil. Frè w oswa sè w ap di oswa fè yon bagay k ap fè w fache. Men, mande tèt ou: ‘Èske m pa t janm fè l yon bagay konsa tou?’ (Matye 7:1-5). Men sa Jenny di: “Lè m te gen 13 an, m te panse m te pi bon pase tout moun, se opinyon pa m ki te pi enpòtan e tout moun te dwe koute m. Kounye a, ti sè m nan ap viv yon peryòd menm jan an. Donk, mwen eseye pa fache lè l di yon seri bagay.”

4. Padone epi bliye. Nou bezwen pale sou gwo pwoblèm nou genyen yo e nou dwe rezoud yo. Men, èske w oblije pale ak frè w oswa sè w pou chak ti bagay li fè? Jewova renmen lè nou dispoze “padone bagay mal yo fè [nou]”. (Pwovèb 19:11.) Alison, ki gen 19 an, di: “Jeneralman, mwen menm ak sè m nan, Rachel, rive rezoud pwoblèm nou yo. Nou toule de toujou pare pou n mande eskiz epi pou n esplike sa nou panse ki lakòz pwoblèm nan. Pafwa, m konn al dòmi san m pa di l anyen konsènan yon pwoblèm, epi nan demen se kòmsi pa t gen anyen ki te pase e m pa menm bezwen pale avè l sou sa ankò.”

5. Al kot paran w. Si ou menm ak frè w oswa sè w pa rive rezoud yon gwo pwoblèm nou genyen, petèt nou ka al kot paran nou pou yo ede nou fè lapè (Women 14:19). Men, sonje, si w kapab rezoud pwoblèm ou yo san w pa al kot paran w, se yon prèv ki montre ou gen matirite.

6. Chèche wè bèl kalite frè w oswa sè w genyen. Sandout, frè ak sè w gen kalite ou renmen. Nan espas ki pi ba a, ekri yon bagay ou renmen lakay chak frè ak sè w.

Non

․․․․․

Sa m renmen

․․․․․

Olye w ret konsantre sou defo frè w oswa sè w, li t ap pi bon pou w chèche okazyon pou w di yo sa w renmen lakay yo. — Sòm 130:3; Pwovèb 15:23.

Labib rekonèt pi bon zanmi nou pa oblije se frè nou oswa sè nou (Pwovèb 18:24). Men ou kapab vin gen pi bon amitye ak frè w oswa sè w si youn “kontinye sipòte lòt”, menmsi w gen “dekwa pou [w] plenyen” kont yo (Kolosyen 3:13). Si w fè sa, sandout frè ak sè w ka enève w mwens. E ou menm tou ou ka enève yo mwens.

NAN LÒT CHAPIT LA

Kòman w ka konnen si w vrèman pare pou w kite kay paran w?

VÈSÈ KLE

“Se pou tout moun konnen nou kòm moun ki rezonab.” — Filipyen 4:5.

MEN YON IDE

Si w gen yon frè oswa yon sè ou twouve l difisil pou w antann ou avè l, eseye wè bagay yo yon fason pozitif: konsidere frè sa a oswa sè sa a kòm yon moun k ap ede w vin gen yon seri kalite k ap itil ou pi devan.

ÈSKE W TE KONNEN?

Lè w kite kay paran w, pafwa w ap jwenn moun toutotou w k ap enève w, tankou kòlèg travay ak lòt moun. Yo konn pale di ak moun, e yo pa bay lòt moun regle anyen pou yo. Donk, kay paran w se pi bon kote pou w aprann rezoud pwoblèm ak lòt moun nan lapè.

SA M KONTE FÈ

Men kèk règ mwen menm ak frè m oswa sè m ka etabli ․․․․․

M ap enève frè m oswa sè m mwens si m ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

● Sa k fè li enpòtan pou w konprann diferans ki genyen ant yon pwoblèm ak sa k lakòz pwoblèm nan?

● Ki avantaj ou wè ki genyen lefètke w gen frè ak sè?

[Antrefilè nan paj 46]

“Tout pi bèl souvni m genyen yo pa t ap egziste si m pa t gen frè ak sè. Donk si nou gen frè ak sè, m ap di nou: ‘Ba yo valè!’” — Marilyn.

[Kare nan paj 42]

Fich aktivite

Idantifye sa k lakòz pwoblèm nan

Èske w ta renmen rive idantifye sa k lakòz pwoblèm ou gen ak frè ak sè w? Si se sa, li parabòl Jezi te bay konsènan pitit gason ki te kite kay paran l e ki te gaspiye eritaj li a (Lik 15:11-32). Byen reflechi sou fason gran frè a te reyaji lè ti frè a te retounen nan kay la. Epi reponn kesyon ki vin annapre yo.

Ki sa k te pase ki fè gran frè a te reyaji jan l te reyaji a? ․․․․․

Ki sa w panse ki te lakòz pwoblèm nan? ․․․․․

Ki jan papa a te eseye rezoud sa k te lakòz pwoblèm nan? ․․․․․

Ki sa gran frè a te bezwen fè pou l rezoud sa k te lakòz pwoblèm nan? ․․․․․

Kounye a, reflechi sou yon diskisyon ou te gen ak frè w oswa sè w sa pa gen lontan. Epi repons ou yo anba kesyon ki pi ba yo. ․․․․․

Ki sa k te pase ki fè nou te fè diskisyon an? ․․․․․

Ki sa w panse ki ka lakòz ou te fè diskisyon an? ․․․․․

Ki règ ou menm ak frè w la oswa sè w la te ka etabli ki ta ka ede w rezoud pwoblèm sa a epi evite lòt diskisyon pi devan? ․․․․․

[Foto nan paj 43]

Pwoblèm ki egziste ant frè ak sè tankou bouton. Pou w ka regle yo se pou w atake rasin nan.