Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske m pare pou m kite kay paran m?

Èske m pare pou m kite kay paran m?

CHAPIT 7

Èske m pare pou m kite kay paran m?

“Pafwa m gen enpresyon moun gade m dwòl paske m ap [...] viv lakay paran m toujou. Pou yo menm se kòmsi mwen pap janm granmoun vre toutotan m pa kite kay paran m.” — Katie.

“Lefètke mwen lakay paran m toujou mwen pa ka viv jan m vle a, e m pa renmen sa. M konn panse kite kay la.” — Fiona.

ANVAN menm ou pare pou w kite kay paran w, ou kapab santi w anvi pran endepandans ou. Se yon bagay ki nòmal. Dayè, jan nou te wè sa nan chapit 3 a, objektif Bondye se pou lè jèn yo vin gran yo kite kay papa yo ak manman yo e pou yo gen pwòp fanmi pa yo (Jenèz 2:23, 24; Mak 10:7, 8). Men, ki jan w ap fè konnen lè w pare toutbon pou w kite kay paran w? Ann gade twa kesyon enpòtan ou bezwen jwenn repons yo. Men premye a:

Poukisa mwen vle kite kay la?

Gade lis ki pi ba a epi mete rezon ki fè w vle kite kay la. Mete yo nan lòd ki pi enpòtan pou ou a.

․․․․․ M vle kouri pou pwoblèm nan kay la.

․․․․․ M vle gen plis libète.

․․․․․ M vle montre zanmi m yo m granmoun tèt mwen.

․․․․․ M vle ede yon zanmi ki bezwen moun pou rete nan menm kay avè l.

․․․․․ M vle al sèvi nan yon lòt zòn.

․․․․․ M vle aprann viv poukont mwen.

․․․․․ M vle soulaje chay ki sou do paran m.

․․․․․ Lòt rezon ․․․․․

Rezon w bay yo pa fòseman mal. Men, kesyon an se ki sa ki dèyè rezon sa yo. Pa egzanp, si w kite kay la senpleman paske w vle chape pou tout règ paran w mete yo, ou ka pran gwo sipriz.

Danielle, yon jèn fi ki te kite lakay paran l pandan yon ti tan lè l te gen 20 an, te aprann anpil bagay nan eksperyans li te fè a. Li di: “Nou tout gen règ pou n suiv, tout kalite règ. Lè w ap viv poukont ou, orè travay ou oswa pwoblèm lajan ap anpeche w fè yon seri bagay ou vle fè.” Carmen, ki te fè sis mwa ap viv nan yon lòt peyi, di: “M te renmen eksperyans lan, men souvan m te santi m pa t gen okenn tan pou mwen. Se mwen ki te oblije fè travay nan kay la tankou, netwayaj, repare sa k merite repare, rache zèb, fè lesiv, foubi atè a, eksetera.”

Pa kite lòt moun fòse w pran desizyon sou kout tèt (Pwovèb 29:20). Menmsi w gen bonjan rezon pou w kite kay paran w, w ap bezwen plis pase sa. W ap bezwen kapab pran swen tèt ou, sa ki mennen nan dezyèm kesyon an.

Èske m pare?

Si w ta vle kite kay paran w pou w al viv poukont ou se tankou w ta deside al pase kèk jou nan yon forè. Èske w t ap annik ale yon kote konsa san w pa konn monte tant, limen dife, kuit manje oubyen san w pa konn sèvi ak yon kat jeyografi. Nou pa kwè sa! Epoutan, gen anpil jèn ki kite lakay paran yo san yo pa menm ka pran swen yon kay.

Wa Salomon te di: “Moun ki gen lespri a veye chak pa l fè.” (Pwovèb 14:15). Pou ede w konnen si w pare pou w viv poukont ou, egzamine soutit ki vin apre yo. Mete ti siy tcheke a toupre kapasite w deja genyen ak ti siy iks la X toupre sa w bezwen travay yo.

Byen jere lajan: Men sa Serena, ki gen 19 an, di: “Mwen pa t janm gen anyen pou m peye. Mwen pè kite kay la pou m pa nan jere lajan.” Ki jan w ka aprann byen jere lajan?

Men sa Bib la di: “Yon moun ki gen sajès konn koute e li vin gen plis konesans.” (Pwovèb 1:5). Donk, mande paran w konbyen kòb yo panse yon moun bezwen chak mwa pou l peye kay, achte manje, pran swen yon machin oswa peye transpò piblik. Epi, mande yo pou yo aprann ou fè yon bidjè pou w ka rive fè tout sa *.

Pran swen yon kay: Brian, ki gen 17 an, di sa k fè l pi pè kite kay paran l se paske l ap gen pou l fè lesiv. Ki jan w ap fè konnen ou pare pou w pran swen tèt ou? Men ki ide Aron, ki gen 20 an, bay: “Pandan yon semèn, eseye viv nan kay la kòmsi se poukont ou ou t ap viv. Sa vle di se avèk kòb ou te travay fè ou pral achte bagay pou w fè manje e se ou k ap fè manje pou w manje. Se ou ki pou lave epi pase rad ou gen pou w mete. Se ou k ap fè netwayaj nan kay la. Epi degaje w ale kote w gen bezwen poukont ou, san pèsonn pa ni al depoze w ni pase chèche w.” Konsèy sa a gen de avantaj: 1) L ap pèmèt ou konn fè yon seri bagay k ap itil ou e 2) L ap fè w vin gen plis rekonesans pou travay paran w fè nan kay la.

Kalite k ap ede w konn boule ak lòt moun: Èske w antann ou byen ak frè ak sè w? Si w pa antann ou avè yo, ou ka panse lavi w ap pi fasil si w al viv ak yon zanmi pito. Men, gade sa Eve ki gen 18 an di: “M konn de bon zanmi ki t al viv nan menm kay. Poutan yo pa t ka viv byen ansanm. Youn te gen lòd alòske lòt la pa t gen lòd ditou. Youn te bay relasyon l ak Bondye enpòtans alòske lòt la pa t konsa. Sa jis pa t ka mache!”

Ki sa pou w fè? Erin, 18 an, di: “Ou ka aprann anpil bagay sou fason pou w boule ak lòt moun pandan w ap viv lakay paran w. Ou ka aprann tou fason pou w rezoud pwoblèm e pou w aprann sede. M remake lè yon moun kite kay paran l tou senpleman paske li konn gen pwoblèm avèk yo, se kouri li aprann kouri pou pwoblèm, men li pa aprann rezoud yo.”

Etid Labib ak pwogram adorasyon: Gen kèk moun ki kite lakay paran yo paske yo vle chape anba relijyon paran yo. Gen lòt, malgre bon entansyon yo genyen pou yo kenbe yon pwogram etid Labib e pou yo kontinye ak pwogram espirityèl yo, ki pa pran lontan pou yo vin gen move abitid. Ki sa w ka fè pou ‘lafwa w pa fè nofraj’? — 1 Timote 1:19 *.

Jewova vle pou nou chak verifye pèsonèlman sa nou kwè yo (Women 12:1, 2). Se pou w tabli yon bon pwogram pou w etidye Labib e pou w fè lòt bagay ki fè pati adorasyon w ap bay Bondye a epi suiv pwogram nan. Ekri pwogram ou genyen pou w fè etid pèsonèl ou, pou w al nan reyinyon e pou w al preche, epi gade si w ka suiv pwogram sa a san paran w pa oblije kouri dèyè w pou w suiv li.

Finalman, men twazyèm kesyon an.

Ki objektif mwen?

Èske se pou w ka kouri pou pwoblèm ki fè w vle kite lakay paran w? Oswa èske se pou w ka pa anba otorite paran w ankò? Si se sa, ou konsantre sou sa w ap kite men ou pa panse ak sa w pral jwenn. Jan w wè bagay yo se kòmsi ou ta ap kondui yon machin epi je w rete nan retwovizè a, konsa ou tèlman konsantre sou sa w ap kouri pou li a ou pa wè sa k ap vin devan w. Ki leson ou ka aprann nan sa? Pa annik konsantre w sou kite lakay paran w men konsantre w sou yon objektif ki valab.

Gen kèk jèn Temwen ki kite lakay paran yo pou yo ka al preche nan lòt zòn nan peyi yo oswa nan lòt peyi. Gen lòt ki kite kay paran yo pou yo ka al ede nan konstriksyon lokal pou adore Jewova oswa pou y al travay nan yon biwo filyal Temwen Jewova yo. E gen lòt ki santi yo ta dwe viv nan kay pa yo anvan yo marye *.

Kèlkeswa rezon ki fè ou vle kite lakay paran w, byen reflechi anvan w pran yon desizyon. Men sa Bib la di: “Moun ki konn travay byen an planifye sa l ap fè, e konsa bagay yo byen mache pou li, men, tout moun ki twò prese ap pòv kanmenm.” (Pwovèb 21:5). Koute konsèy paran w ba w (Pwovèb 23:22). Priye sou sa. E suiv prensip Labib nou fèk sot egzamine yo lè w ap pran desizyon an.

Vrè kesyon an se pa: “Èske m pare pou m kite lakay paran m?” Men pito: “Èske m pare pou m pran swen kay pa m?” Si repons pou dènye kesyon an se wi, ebyen petèt ou pare pou w pran swen tèt ou poukont ou.

[Nòt anba paj]

^ § 23 Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade Volim 2, chapit 19.

^ § 27 Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade Volim 2, chapit 34 ak 35.

^ § 32 Nan kèk kilti, li nòmal pou yon jèn kite kay paran l lè l marye, sitou si se yon fi. Bib la pa di anyen sou sijè sa a.

VÈSÈ KLE

“Yon gason ap kite papa l ak manman l.” — Matye 19:5.

MEN YON IDE

Pandan yon tan, bay paran w kòb ou t ap depanse pou w manje, lwe kay ak lòt depans ankò. Si w wè ou pa kapab oswa w pa dispoze peye depans ou fè pandan w kay paran w toujou, ou mèt konnen ou poko fin pare pou w al viv poukont ou.

ÈSKE W TE KONNEN?

Se rezon ki fè w vle kite kay paran w lan k ap detèmine si w ap kontan oswa si w pap kontan.

SA M KONTE FÈ

Men rezon ki fè m vle kite kay paran m ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

● Menmsi ou pa santi w alèz pandan w lakay paran w, sa k fè lè w rete la pandan yon tan se yon bon bagay?

● Ki sa w ka fè pandan w nan kay la k ap ede fanmi w e k ap ede w lè w al viv lakay pa w?

[Antrefilè nan paj 52]

“Li nòmal pou w vle vin endepandan. Men, si rezon ki fè w vle kite lakay paran w se jis ou vle kouri pou règ, ebyen sa montre aklè ou pa pare pou w ale.” — Aron.

[Foto nan paj 50, 51]

Al viv poukont ou se tankou al pase kèk jou nan yon forè. Ou bezwen aprann kèk bagay k ap pèmèt ou rive viv pandan tan sa a.