Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki fason pou m abiye?

Ki fason pou m abiye?

CHAPIT 11

Ki fason pou m abiye?

Sara sou wout pou l soti, men se pa ti sezi paran l sezi lè yo wè sa k sou li.

Papa l di l byen fò: “Sa k sou ou la a?”

Sara sanble sezi, epi l reponn: “Sa l genyen? Se la a nan magazen an m prale ak de twa zanmi!”

Manman l di: “Ou pap soti ak rad sa a!”

Sara kòmanse plenyen: “Ah manmi, se rad sa yo tout moun mete. Epi se stil pa m!”

Papa a reponn: “Ebyen, nou pa renmen stil sa a! Monte al chanje sa k sou ou a oswa ou pap fè yon pa!”

SE PA kounye a paran ak pitit nan dezakò pou kesyon abiman. Siman paran w te gen menm pwoblèm nan ak paran pa yo lè yo te gen laj ou. E nan epòk la, siman yo te santi yo menm jan w santi w la. Men, kounye a se yo menm ki paran, e se pa ni de ni twa diskisyon nou pa fè sou kesyon abiman an.

Ou menm ou santi w byen lè w mete l.

Paran w twouve l neglije.

Ou menm ou twouve l bèl.

Paran w twouve l kale kò.

Ou menm ou twouve l yon bon pri.

Paran w twouve se nòmal paske l manke moso.

Èske ou menm ak paran w kapab jwenn yon antant? Wi! Megan ki gen 23 an te jwenn sekrè a. Li di: “Nou pa oblije fè diskisyon. Nou ka jwenn yon aranjman.” Aranjman? Èske sa vle di w ap oblije abiye tankou yon moun 40 an? Oh non! Se aranjman nan sans ou menm ak paran w kapab pale sou fason nou wè bagay yo epi chèche wè ki lòt posiblite ki genyen, e ou ka byen kontan. Ki avantaj w ap jwenn?

1. W ap pi bèl, menm nan je zanmi w yo.

2. Petèt paran w ap kritike w mwens pou rad ou chwazi mete.

3. Lè paran w wè jan ou pran bon desizyon nan domèn sa a, petèt y ap ba w plis libète nan lòd domèn.

Donk, ann kòmanse. Fè yon ti reflechi ak yon rad ou te wè sou Entènèt oswa nan yon magazen, e ou vrèman vle achte l. Premye bagay pou w fè se . . .

Egzamine prensip ki nan Bib la

Bib la pa di twòp bagay sou abiman. An reyalite, ou ka li tout vèsè ki gen rapò ak abiman yo nan kèk minit sèlman. Men, nan ti tan sa yo, ou ka jwenn yon seri bon konsèy. Pa egzanp:

● Bib la ankouraje fi yo pou yo abiye “yon fason ki senp e avèk bonsans” *. — 1 Timote 2:9, 10.

Lè Bib la itilize mo “senp” lan, sa ka fè w ap poze tèt ou kesyon. Ou ka ap mande: ‘Èske m dwe abiye tankou yon ti granmoun?’ Se pa sa ditou! Mo senp lan la a vle di ou veye pou rad ou mete montre ou gen respè pou tèt ou e w pap choke lòt moun (2 Korentyen 6:3). Gen anpil nan rad yo ki nan kategori sa a. Men sa Danielle ki gen 23 an di: “Sa ka yon gwo defi, men ou kapab abiye avèk stil san w pa mete bagay ki ka fè moun choke.”

● An rapò ak aparans, Bib la fè konnen nou dwe konsantre nou sou “moun nou ye nan fon kè nou an”. — 1 Pyè 3:4.

Si w mete yon rad jis pou w atire atansyon lòt moun, sa ap atire atansyon kèk moun vre pandan yon tan, men sa k ap fè moun respekte w toutbon se moun ou ye pa anndan an. E jèn parèy ou yo, ki jan y ap wè w si w abiye jis pou w atire atansyon? Menm yo menm yo ka wè li pa fè sans pou yo gen stil rad ki twò atire atansyon. Men sa Brittany ki gen 16 an di: “M rayi wè lè medam yo abiye fason ki tèlman atiran w a di se vann y ap vann gason kò yo!” Gen yon lòt jèn fi ki rele Kay ki dakò ak sa. Men sa l di konsènan yon tifi li te byen avè l anvan sa: “Tout sa l met sou li se pou fè moun wè l. Li te vle atire atansyon timesye yo e li pa t pè mete kèlkeswa rad ki t ap pèmèt li fè sa.”

Mande paran w sa yo panse

Sa pa t ap yon bon ide ditou pou w ta mete yon rad kale kò nan valiz ou pou w chanje nan lekòl la. Paran w ap plis fè w konfyans si w onèt avè yo, menmsi se sou kèk bagay ou panse ou te ka regle poukont ou. An reyalite, li t ap pi bon pou w chèche konnen sa yo panse sou yon rad ou ta renmen mete (Pwovèb 15:22). — Gade “Fich aktivite sou kesyon abiman an” ki nan paj 82 ak 83.

Men, poukisa pou w mande paran w sa yo panse? Èske yo pap anpeche w abiye chèlbè? Pa vrèman. Se vre papa w ak manman w ka pa wè bagay yo menm jan avè w, men pafwa, ou bezwen yon lòt opinyon. Men sa Nataleine ki gen 17 an di: “M apresye konsèy paran m yo paske mwen pa ta renmen jennen lè m soti oswa pou moun ap pale m mal akoz fason m abiye.”

Epitou, toutotan w lakay paran w ou anba otorite yo (Kolosyen 3:20). Men, yonfwa youn konprann lòt, ou ka sezi wè n ap pi fasil jwenn yon antant. Kòm rezilta, nou ka pa fè diskisyon sou abiman ankò.

Konsèy sou abiman: Lè w ap eseye yon rad, pa kontante w ak sa k parèt la. Yon rad ka parèt bon sou ou men lè w chita oswa w bese li ka pa bon ditou. Si sa posib, mande paran w oswa yon zanmi ki gen matirite sa yo panse de rad la.

NAN LÒT CHAPIT LA

Èske se ou ki pi gwo ènmi tèt ou? Ki sa w ka fè si w pa renmen tèt ou ditou?

[Nòt anba paj]

^ § 23 Se vre konsèy sa a pale de fi, men prensip yo valab pou gason tou.

VÈSÈ KLE

“Abiman nou, se pa dwe sa ki parèt pa deyò a, [...] men, se ta dwe moun nou ye nan fon kè nou an.” — 1 Pyè 3:3, 4.

MEN YON IDE

Evite mete rad ki ka eveye dezi seksyèl lakay moun. Sa ka fè moun pran w pou yon moun ki toujou ap chèche e ki vle atire atansyon sou li sèlman.

ÈSKE W TE KONNEN?

An jeneral, premye opinyon moun gen de ou depann de fason w abiye.

SA M KONTE FÈ

Men kiyès nan fanmi m oswa yon zanmi m ki gen matirite mwen ka mande konsèy sou yon rad mwen ta renmen achte ․․․․․

Men ki sa m ap gade pwochen fwa m ap achte yon rad ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

● Sa k fè, byen souvan, paran ak pitit yo ki adolesan pa antann yo sou kesyon abiman?

● Ki kalite ou ka vin genyen lè w aprann pale ak paran w sou kesyon abiman?

[Antrefilè nan paj 81]

“Lè m wè jèn fi ki mete rad kale kò, mwen pèdi respè pou yo. Yon lòt bò, lè m wè moun ki mete rad ki senp men ki bèl, mwen di tèt mwen se konsa m vle moun wè m tou.” — Nataleine.

[Kare/Foto nan paj 82, 83]

Fich aktivite

Fich aktivite sou kesyon abiman an

Enstriksyon: Fè kopi paj sa yo. Mande paran w pou yo ranpli pati ki adwat la epi ou menm ranpli pati ki agoch la. Apre sa, chanje papye ak paran w epi pale avèk yo sou repons nou mete yo. Èske nou youn sezi wè sa lòt ekri? Ki sa nou chak aprann sou fason lòt la wè kesyon an?

Pati pa w Reflechi sou yon rad ou ta vle mete oswa ou ta vle achte.

Sa k fè w renmen rad sa a? Mete yon nimewo bò kote rezon ki pi ba yo, kòmanse ak sa k gen plis enpòtans pou ou a.

․․․․․ Mak la.

․․․․․ L ap atire gason oswa fi.

․․․․․ Jèn parèy mwen yo ap renmen l.

․․․․․ Mwen alèz ladan l.

․․․․․ Pri l.

․․․․․ Lòt rezon ․․․․․

Premye sa paran m ap di lè yo wè rad sa a se

□ “Jamè!”

□ “Pa twò mal.”

□ “Pa gen pwoblèm.”

Si yo pa dakò, ki rezon yo pi fasil ap bay

□ “Li twò kale kò.”

□ “Li twò debraye.”

□ “Li twò alamòd.”

□ “Li ka fè moun mal wè nou antanke paran.”

□ “Li twò chè.”

□ Lòt bagay ․․․․․

Èske nou ka chita pale sou sa ansanm?

Sa k fè sa paran m panse a se yon bon bagay?

․․․․․

Èske nou pa ka fè okenn ti ajisteman nan rad la pou n fè l akseptab?

․․․․․

Pati paran w Reflechi sou yon rad pitit ou ki adolesan ta vle mete oswa li ta vle achte.

Sa k fè w panse li renmen rad sa a? Mete yon nimewo bò kote rezon ki pi ba yo, kòmanse ak sa w panse ki gen plis enpòtans pou li a.

․․․․․ Mak la.

․․․․․ L ap atire gason oswa fi.

․․․․․ Jèn parèy li yo ap renmen l.

․․․․․ L ap alèz ladan l.

․․․․․ Pri l.

․․․․․ Lòt rezon ․․․․․

Premye sa m ka di se

□ “Jamè!”

□ “Pa twò mal.”

□ “Pa gen pwoblèm.”

Rezon ki fè m ka pa dakò

□ “Li twò kale kò.”

□ “Li twò debraye.”

□ “Li twò alamòd.”

□ “Li ka fè moun mal wè nou antanke paran.”

□ “Li twò chè.”

□ Lòt bagay ․․․․․

Èske nou ka chita pale sou sa ansanm?

Èske se yon bagay rad la genyen vre oswa èske se mwen ki annik pa renmen l?

□ Wi □ Petèt □ Non

Èske nou pa ka fè okenn ti ajisteman nan rad la pou n fè l akseptab?

․․․․․

Desizyon nou pran an ․․․․․

[Kare nan paj 84]

E timesye yo?

Prensip biblik nou te pale de yo nan chapit sa a valab pou gason tou. Se pou nou senp. Kite se moun nou ye nan kè nou an ki pou parèt. Lè w ap chwazi yon rad, mande tèt ou: ‘Ki sa rad sa a ka fè lòt moun panse de mwen? Èske se konsa m ye vre?’ Sonje, abiman w ka pale pou ou. Asire w sa l ap di yo se sa w vle l di toutbon!

[Foto nan paj 80]

Rad ou mete tankou yon pankat k ap fè moun konnen kiyès ou ye. Ki sa “pankat” pa w la di sou ou?