Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa m ka fè pou m sispann santi m tris?

Ki sa m ka fè pou m sispann santi m tris?

CHAPIT 13

Ki sa m ka fè pou m sispann santi m tris?

“Lè lòt moun gen pwoblèm, mwen ede yo rezoud pwoblèm yo e m ede yo santi yo byen. Men annapre, lè m nan chanm mwen, m tonbe kriye. Se kèk moun ki konn sa.” — Kellie.

“Lè m santi m tris, m ret poukont mwen. Si yo envite m yon kote, m chèche yon eskiz pou m pa ale. M toujou fè yon jan pou fanmi m pa wè m tris. Yo panse m byen.” — Rick.

ÈSKE W konn santi w menm jan ak Kellie oswa Rick? Si se wi, pa kouri panse w gen yon pwoblèm. Anfèt, tout moun konn tris detanzantan. Menm gason ak fi fidèl Bib la pale de yo te konn santi yo konsa. — 1 Samyèl 1:6-8; Sòm 35:14.

Pafwa, ou kapab konn rezon ki fè w tris la, e gen lòt fwa ou gendwa pa konnen. Men sa Anna, ki gen 19 an, fè konnen: “Ou pa bezwen viv yon sitiyasyon ki terib pou w santi w tris. Ou ka santi w konsa nenpòt lè, menmsi w pa gen okenn pwoblèm nan lavi w. Sa dwòl, men, sa konn rive!”

Kèlkeswa sa k lakòz ou tris la, oswa menmsi sanble pa gen yon rezon, ki sa w ka fè lè tristès anvayi w? Eseye fè sa k vin apre yo:

1. Pale ak yon moun sou sa. Men sa Jòb te di pandan l te nan gwo detrès: “Mwen pral pale paske m nan gwo soufrans!” — Jòb 10:1.

Kellie: “M te sezi wè jan m te santi m soulaje apre m te fin pale ak yon moun sou fason m santi m. Mwen kontan gen yon moun ki konn sa! Omwen, gen yon moun ki ka ede m soti anba tristès sa a ki soti pou fini avè m!”

Konsèy: Nan espas ki pi ba a, ekri non yon zanmi ou ka pale avè l lè tristès anvayi w.

․․․․․

2. Ekri sa w santi yo. Lè w santi w tris depase limit, li ka bon pou w eseye ekri sa w santi yo. Nan sòm David te ekri yo, pafwa, li te konn pale de gwo tristès li genyen (Sòm 6:6). Lè w ekri sa w santi, sa ka ede w “gen sajès e [...] aprann reflechi”. — Pwovèb 3:21.

Heather: “Lè m tris mwen pa ka panse byen, men lè m ekri sa m santi, sa ede m òganize panse m. Lè w rive konprann sa k fè w tris e w ka eksprime sa, sa fè w santi w pa tris menm jan an.”

Konsèy: Tablo ki nan  paj 93 la ap ede w jwenn pi bon fason pou w rive fè fas ak sitiyasyon ki difisil pou ou yo. Sa ap ede w debarase w ak tristès la.

3. Priye sou sa. Bib la montre lè w priye pou pwoblèm ou yo, ‘lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann nan, ap pwoteje kè w ak lespri w’. — Filipyen 4:6, 7.

Esther: “M te eseye konprann rezon ki fè m te santi moral mwen ba a, men m pa t kapab. M te mande Jewova ede m vin gen kè kontan. M te santi m bouke dèske m tris san rezon. Men m te reyisi sispann tris. Pa janm souzestime pouvwa lapriyè!”

Konsèy: Gade Sòm 139:23, 24 pou w jwenn kèk ide lè w ap priye Jewova. Ouvri kè w ba li e mande l ede w idantifye rezon ki fè w tris la.

Anplis konsèy ki pi wo yo, ou ka jwenn konsèy ki gen anpil valè nan Pawòl Bondye a, Labib. Lè w ranpli lespri w ak yon seri panse nou jwenn nan istwa ki nan Bib la, yon seri panse ki ka ba w fòs, sa ka gen yon efè pozitif sou santiman w (Sòm 1:1-3). Nan pati ki rele “Egzanp” ki nan toule de volim liv sa a, w ap jwenn konsèy sou pati nan Bib la ki pou ankouraje w. Nan paj 227 Volim 2 a, w ap wè ki jan apot Pòl te rive fè fas ak santiman negatif li te konn genyen pafwa akoz enpèfeksyon l.

Si w toujou santi w tris

Men sa Ryan di: “Gende jou, m konn santi l pi fasil pou m annik ret kouche sou kabann mwen olye m leve al fè fas ak yon lòt jounen ki san sans.” Ryan soufri gwo depresyon e se pa li menm sèl ki konsa. Gen etid ki montre sou chak 4 jèn, gen youn nan yo ki soufri yon fòm depresyon anvan yo vin granmoun.

Ki jan w ka konnen si w soufri depresyon? Men kèk nan sentòm yo: gen gwo chanjman nan karaktè w, ou vle ret poukont ou, ou prèske pa enterese nan anyen, gwo chanjman nan apeti w ak somèy ou, ou santi w pa vo anyen oswa w santi w koupab san rezon.

Nòmalman, prèske tout moun konn santi youn oswa plizyè nan sentòm sa yo yon lè. Men, si yo kontinye pandan plizyè semèn, l ap bon pou w pale ak paran w pou y al kay doktè avè w. Yon doktè ka ede w wè si se yon pwoblèm sante ki lakòz ou tris *.

Si w soufri depresyon, ou pa bezwen wont pou sa. Gen anpil moun ki soufri depresyon ki vin santi yo byen apre yo fin suiv kèk tretman doktè te preski yo. E petèt, sa fè lontan yo pa t santi yo byen konsa. Kit se depresyon ki lakòz ou tris, kit se pa sa, ou bezwen sonje pawòl rekonfòtan nou jwenn nan Sòm 34:18 la ki di: “Jewova toupre moun kè yo ap fann yo, li sove moun ki gen lespri yo kraze.”

NAN LÒT CHAPIT LA

E si w santi tristès la tèlman twòp pou ou, sa fè w anvi touye tèt ou?

[Nòt anba paj]

^ § 22 Gen kèk jèn ki konn panse touye tèt yo lè tristès la dire pandan lontan. Si w konn panse ak sa, pale ak yon granmoun ou fè konfyans san pèdi tan. — Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 14 nan liv sa a.

VÈSÈ KLE

“Jewova toupre moun kè yo ap fann yo, li sove moun ki gen lespri yo kraze.” — Sòm 34:18.

MEN YON IDE

Lè w tris, ekri fason w santi w ak sa w panse ki ta ka lakòz tristès ou a. Apre yon mwa, li sa w te ekri a. Èske w toujou santi w menm jan an? Si w santi w pi byen, ekri sa k te ede w.

ÈSKE W TE KONNEN?

Li nòmal pou w kriye, menmsi w se yon gason. Gade sa wa David te di nan yon moman nan lavi l: “Lannuit, mwen mouye kabann mwen ak dlo nan je m.” — Sòm 6:6.

SA M KONTE FÈ

Men aktivite mwen konte fè pou m remonte moral mwen ․․․․․

Men non moun si m pase tan avè yo k ap ede m ak tristès mwen an ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

● Èske sa vo lapèn pou w kriye?

● Nan ki sans lè w ansanm ak lòt moun sa ap ede w ak tristès ou?

[Antrefilè nan paj 96]

“Lè m tris, mwen santi fò m evite rete poukont mwen. Se vre, mwen ka bezwen ret poukont mwen pou m reflechi e pou m konprann sa k fè m santi m konsa e petèt pou m kriye kont mwen. Men, apre sa, mwen konnen fò m rete bò kot lòt moun pou m ka sispann panse sou sa k fè m tris la.” — Christine.

[Tablo/Foto nan paj 93]

 Fich aktivite

Pou soulaje tristès ou

Ranpli fich sa a

Koz

Gen yon pwofesè ki fè m santi m pa vo anyen

Move reyaksyon

Mwen pap eseye pase kou sa a ankò

Pi bon reyaksyon

Yon ide: Gade chapit 20 nan liv sa a

Koz

Gen yon zanmi ki pa sou bò m

Move reyaksyon

Gaye pawòl sou li

Pi bon reyaksyon

Yon ide: Gade chapit 10 nan Volim 2 a

Koz

Paran m ap divòse

Move reyaksyon

Kenbe yo nan kè

Pi bon reyaksyon

Yon ide: Gade chapit 4 nan liv sa a

Koz

․․․․․

Move reyaksyon

․․․․․

Pi bon reyaksyon

․․․․․

Koz

․․․․․

Move reyaksyon

․․․․․

Pi bon reyaksyon

․․․․․

[Foto nan paj 95]

Grasa èd ak bonjan efò, ou ka soti anba tristès sa a ki soti pou fini avè w la.