Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Poukisa m pa annik fini ak tout bagay?

Poukisa m pa annik fini ak tout bagay?

CHAPIT 14

Poukisa m pa annik fini ak tout bagay?

“PITO M mouri pase m viv.” Kiyès ki te di pawòl sa yo? Yon moun ki pa t kwè nan Bondye? Yon moun ki te vire do bay Bondye? Yon moun Bondye te abandone? Se pa ni youn ni lòt. Moun sa a ki te dekouraje e ki te di pawòl sa a se Jonas. — Jonas 4:3.

Labib pa di Jonas t apral touye tèt li. Men, pawòl li te di pi wo yo ki montre jan l te dekouraje montre yon bagay aklè: Pafwa, menm yon sèvitè Bondye kapab santi gwo lapenn soti pou fini avè l. — Sòm 34:19.

Gen kèk jèn ki konn tèlman ap soufri yo pa wè rezon pou yo kontinye viv. Yo ka santi yo menm jan ak Laura, yon jèn ki gen 16 an, ki di: “Pandan plizyè ane mwen te konn fè depresyon souvan. Mwen te konn panse touye tèt mwen.” Si w konn yon moun vle touye tèt li oswa si ou menm ou konn panse touye tèt ou, ki sa w ka fè? Ann wè sa k fè yon panse konsa ka vin nan lespri yon moun.

Rezon ki lakòz dekourajman an

Sa k ka fè yon moun anvi touye tèt li? Gen plizyè bagay ki ka lakòz sa. Premyèman, n ap viv nan yon ‘tan ki di e ki difisil pou moun sipòte’, e sa bay anpil adolesan pwoblèm (2 Timote 3:1). Epitou, enpèfeksyon kapab fè gen kèk adolesan ki mal wè tèt yo e ki mal wè monn ki toutotou yo a (Women 7:22-24). Pafwa, sa k konn lakòz yo konsa se konn move tretman oswa abi yo sibi. Gen lòt ka kote se yon maladi oswa yon pwoblèm medikal ki lakòz jèn yo gen panse negatif. Gen yon peyi kote yo estime gen plis pase 90 pousan moun ki touye tèt yo ki te gen yon fòm maladi mantal oswa yon lòt *.

Nòmalman, pa gen moun ki pa gen pwoblèm. Anfèt, Bib la di: “Tout kreyasyon an kontinye ap plenn ansanm e yo kontinye ap soufri ansanm”. (Women 8:22). Jèn yo ladan l tou. An reyalite, gen bagay ki rive ki ka gen gwo efè sou jèn yo, tankou:

Lanmò yon fanmi oswa yon zanmi

Pwoblèm nan fanmi

Pa pase lekòl

Yon renmen ki kraze

Yo maltrete yo (sa gen ladan l move tretman fizik oswa abi seksyèl)

Fò nou rekonèt, yon lè kanmenm, prèske tout jèn ap jwenn youn nan pwoblèm nou sot site pi wo yo. Sa k fè gen kèk moun ki plis ka andire sitiyasyon sa yo? Gen espesyalis ki fè konnen gen jèn ki vle touye tèt yo paske yo santi yo pa gen moun pou ede yo e yo pa wè kòman pwoblèm yo ap rezoud. Anfèt, yo pa wè kòman y ap fè soti nan sitiyasyon difisil yo ye a. Se pa vle yo vle mouri, men yo jis vle fini ak pwoblèm yo genyen.

Èske pa gen okenn espwa?

Petèt ou konn yon moun ki tèlman vle fini ak soufrans li genyen li fè konnen li pa vle kontinye viv ankò. Si w ta konn yon moun konsa, ki sa w ka fè?

Si yon zanmi w tèlman dekouraje li vle touye tèt li, konvenk li pou l al chèche èd. Apre sa, kit li dakò chèche èd kit li pa dakò, al pale sou sa ak yon moun ki gen matirite. Ou pa bezwen pè pou moun nan pa kraze zanmitay li avè w. Lefètke w di lòt moun sa, sa ka byen sove lavi zanmi w lan!

Bon, e si se ou ki konn panse touye tèt ou? Pa kenbe sa pou ou. Pale ak yon moun ki gen sousi pou ou, yon moun k ap koute w e k ap pran sa w di a oserye. Petèt ou ka pale ak paran w, yon zanmi oswa nenpòt lòt moun nan. Se avantaj sèlman w ap jwenn lefètke w pale de pwoblèm ou yo *.

Se vre, pwoblèm ou yo pap disparèt senpleman paske w pale de yo. Men, lefètke gen yon moun ki la k ap soutni w, sa ka ede w wè bagay yo yon lòt jan. Petèt menm ou ka jwenn kèk solisyon k ap ede w.

Sitiyasyon yo chanje

Lè w nan gwo detrès, toujou sonje: Kèlkeswa jan yon sitiyasyon ka parèt sanzespwa, bagay yo ap chanje avèk letan. David, youn nan moun ki ekri sòm yo, te jwenn anpil pwoblèm nan lavi l, poutan gen yon lè li te di Bondye: “Ou fè lapenn mwen ale e w fè m danse ak kè kontan.” — Sòm 30:11.

David pa t atann li t ap fè tout rès vi l ap danse. Selon eksperyans li te fè nan lavi l, li te konnen ap toujou gen pwoblèm men yo pap rete. Èske w pa remake se menm bagay la pou pwoblèm pa w yo tou? Gen kèk ladan yo ki ka soti pou anvayi w pou kounye a. Men, pran pasyans. Sitiyasyon yo chanje e souvan se amelyore yo amelyore. Gen kèk ka kote yo amelyore nan yon sans ou pa t ap janm panse. Gen kèk lòt ka, ou kapab jwenn yon fason pou w fè fas avèk yo ou pa t wè anvan sa. Sa pou w sonje sèke gwo pwoblèm pap rete menm jan an toutan. — 2 Korentyen 4:17.

Enpòtans lapriyè

Pi gwo fòm kominikasyon ou genyen an se lapriyè. Ou ka priye menm jan ak David ki te di: “Egzamine m, o Bondye, pou w ka konnen sa k nan kè m. Egzamine m pou w ka konnen bagay k ap trakase m yo. Gade pou w wè si gen kèk bagay ki pa bon lakay mwen, Epi gide m nan chemen letènite a.” — Sòm 139:23, 24.

Lapriyè se pa yon senp fason pou w fè fas ak pwoblèm. Lè w priye se pale ou pale toutbon ak Papa w ki nan syèl la ki vle w “ouvri kè [w] ba li”. (Sòm 62:8.) Gade kèk verite Bib la bay sou Bondye:

Li konnen ki sa ki lakòz ou nan detrès la. — Sòm 103:14.

Li konnen w pi byen pase jan w konn tèt ou. — 1 Jan 3:20.

“Li gen sousi pou [ou].” — 1 Pyè 5:7.

Nan monn nouvo a, Bondye pral “siye tout dlo” nan je w. — Revelasyon 21:4.

Lè se pwoblèm sante ki lakòz sa

Jan nou te di sa pi wo a, pafwa se yon maladi ki konn fè yon moun anvi touye tèt li. Si se ka pa w, ou pa bezwen wont chèche èd. Dayè Jezi te fè konnen moun ki malad yo bezwen doktè (Matye 9:12). Men, gen yon bon nouvèl, sèke anpil nan maladi sa yo gen tretman. E grasa tretman an, w ap jwenn yon bon soulajman *!

Nan Bib la, nou jwenn yon pwomès ki vrèman ankourajan, li fè nou konnen nan monn nouvo a, “pa gen yon moun nan peyi a k ap di: ‘Mwen malad’”. (Ezayi 33:24.) Bondye fè konnen lè sa a “ansyen bagay yo pap vin nan lespri moun yo, e yo pap gen bagay konsa nan kè yo”. (Ezayi 65:17.) Annatandan moman sa a rive, fè tout posib ou pou w fè fas ak pwoblèm lavi a paske w gen konfyans depresyon ap disparèt nan moman Bondye fikse pou sa. — Revelasyon 21:1-4.

LI PLIS BAGAY SOU SIJÈ SA A NAN VOLIM 2, CHAPIT 9.

NAN LÒT CHAPIT LA

Paran w vle konn tout sa k ap pase nan lavi w, men gen kèk bagay ou ta pito kenbe pou ou. Èske w ap janm rive gen yon moman prive vrèman?

[Nòt anba paj]

^ § 7 Men, li enpòtan pou nou sonje pifò nan jèn ki gen yon maladi mantal pa touye tèt yo.

^ § 18 Kretyen ki nan gwo lapenn yo ka jwenn konsolasyon nan men ansyen yo nan kongregasyon an tou. — Jak 5:14, 15.

^ § 31 Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 13 nan liv sa a.

VÈSÈ KLE

“Fè Bondye konnen demann nou yo [...]. E lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann, ap pwoteje kè nou ak lespri nou.” — Filipyen 4:6, 7.

MEN YON IDE

Lè w santi w dekouraje, al mache. Lefètke w soti e w fè yon egzèsis sa ka fè w vin kalm e w ka santi w pi byen.

ÈSKE W TE KONNEN?

Lè yon moun touye tèt li, se pa li sèlman ki viktim, fanmi l ak zanmi l ki te renmen l viktim tou.

SA M KONTE FÈ

Men non moun mwen pral pale avè l si m santi m pa itil anyen e m santi pa gen moun ki renmen m (ekri non yon moun ou ka rakonte afè w) ․․․․․

Men yon bon bagay ki te rive nan lavi m mwen ka reflechi sou li e m ka di Bondye mèsi pou li ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

● Lefètke w konnen pwoblèm ki pi grav yo la pou yon ti tan, ki jan sa ka ede w?

● Nan ki sans lè yon moun touye tèt li se pase l pase pwoblèm li yo bay yon lòt moun?

[Antrefilè nan paj 104]

“Pafwa, lè depresyon an te konn rèd anpil, mwen konn vle mouri, men mwen te pèsevere nan lapriyè, e grasa tretman mwen jwenn mwen gen kontwòl lavi m ankò.” — Heidi.

[Kare nan paj 100]

Si w santi sa twòp pou ou

Labib pale de kèk gason ak kèk fi fidèl ki te konn dekouraje pafwa akoz tètchaje ki gen nan lavi a. Ann wè egzanp kèk moun.

Rebeka: “Si se konsa sa ye, poukisa m kontinye viv?” — Jenèz 25:22.

Moyiz: “Ou mèt touye m kounye a menm [...] pa kite m wè lòt malè ankò.” — Nonb 11:15.

Eli: “O Jewova, se pou w pran lavi m kounye a, paske mwen pa pi bon pase zansèt mwen yo.” — 1 Wa 19:4.

Jòb: “O! Pito w ta sere m nan Tonm, [...] fikse yon lè pou mwen pou w sonje m!” — Jòb 14:13.

Nan tout ka nou sot wè la yo, sitiyasyon moun yo te vin amelyore e sa te fèt yon fason yo pa t ap ka prevwa. Ou mèt gen asirans menm bagay la ka rive pou ou tou!

[Foto nan paj 102]

Dekourajman se tankou move tan, rive yon lè, l ap pase.