Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske l mal pou m bezwen ti moman prive?

Èske l mal pou m bezwen ti moman prive?

CHAPIT 15

Èske l mal pou m bezwen ti moman prive?

Mete ti siy tcheke a ✔ bò kot reyaksyon ou ta ka pi fasil genyen nan sitiyasyon ki vin apre yo:

1. Ou nan chanm ou, pòt la fèmen e yon frè w oswa yon sè w annik antre san l pa frape.

□ ‘Pa gen pwoblèm. Mwen konn fè l menm bagay la tou pafwa.’

□ ‘Kòman w fè malelve konsa! Si m t ap met rad sou mwen?’

2. Ou poko antre ni manman w ni papa w kòmanse benyen w ak kesyon: “Kote w te ye? Sa w t ap fè? Ak kiyès ou te ye?”

□ ‘Pa gen pwoblèm. An jeneral mwen di paran m tout bagay.’

□ ‘Ala sa raz! Paran m pa fè m konfyans!’

LÈ W te piti, moman prive se pa yon bagay ki te enpòtan pou ou. Lè frè w oswa sè w te konn antre nan chanm ou san frape, ou te konn byen kontan yo vini. Lè paran w te konn poze w kesyon, ou te konn reponn san ezite. Lè sa a ou pa t gen okenn pwoblèm pou lòt moun konn sa k ap pase nan lavi w. Men kounye a, ou pa vle rakonte moun tout sa k ap pase nan lavi w. Men sa Corey, yon jèn ki gen 14 an, di: “Gen kèk bagay mwen renmen kenbe pou mwen.” Ann gade de sitiyasyon kote li ka difisil pou w jwenn moman prive.

Lè w vle ret poukont ou

Gen yon pakèt rezon ki ka fè w vle rete poukont ou. Petèt ou jis vle “pran yon ti repo”. (Mak 6:31.) Oswa lè w vle priye ou fè jan Jezi te di disip li yo pou yo fè a, ou “antre nan chanm ou, epi lè w fin fèmen pòt ou, [ou] priye Papa w”. (Matye 6:6; Mak 1:35). Men, pwoblèm nan sèke lè w fèmen pòt chanm ou (si w gen pwòp chanm ou), paran w ka pa panse se priye w ap priye. E frè w ak sè w yo ka pa konprann poukisa ou vle rete poukont ou.

Sa w ka fè. Olye pou w ap diskite ak tout moun paske w vle gen moman prive w, men kèk bagay ou ka fè:

● Pou frè ak sè w yo, eseye etabli yon seri règ pou w ka jwenn yon ti moman poukont ou. Si sa nesesè, mande paran w si yo ka ede w nan sans sa a *.

● Pou paran w menm, fè efò pou w konprann yo. Men sa Rebekah, ki gen 16 an, di: “Pafwa, paran m vin gade sa m ap fè. Men, pou m di laverite, si m te gen pitit ki adolesan, mwen t ap gade sa y ap fè tou, sitou lè m konnen tout tantasyon jèn yo ap jwenn jounen jodi a!” Menm jan ak Rebekah, petèt ou ka eseye konprann rezon ki fè paran w aji jan yo aji a. — Pwovèb 19:11.

● Mande tèt ou onètman: ‘Èske m bay paran m rezon pou yo sispèk lè m fèmen pòt chanm mwen se yon bagay dwòl m ap fè? Èske m tèlman kenbe tout afè m sekrè sa fè paran m oblije ap fè plan pou yo ka konnen sa k ap pase nan lavi m?’ Si repons kesyon sa yo se non e malgre sa paran w toujou pa fè w konfyans, avèk kalm e avèk respè, di yo sa w panse. Pran tan w pou w koute sa y ap di, epi asire w ou pa fè anyen pou w lakòz yo pa fè w konfyans. — Jak 1:19.

Lè w ap fè zanmi

Se yon bagay ki nòmal pou w vle fè zanmi ak lòt moun pandan w adolesan. Li nòmal tou pou paran w chèche konnen ki moun ki zanmi w e ki sa w ap fè lè w avèk yo. Men pafwa ou ka santi yo enkyete twòp. Amy ki gen 16 an di: “Mwen jis vle kapab pale nan telefòn oswa tcheke imel mwen san paran m pa ap veye m chak vire tounen pou konn ak kiyès m ap pale”.

Sa w ka fè. Olye w kite zanmi w met baryè ant ou menm ak paran w, eseye suiv konsèy ki vin apre yo:

● Fè paran w fè konesans ak zanmi w yo. Se vre, ou pa renmen lè paran w tankou detektiv pou y ap chèche konnen ki moun ki zanmi w, men, y ap oblije fè sa si w pa fè yo konn zanmi w yo. Sonje sa, plis paran w konnen ak ki moun w ap pase tan w, gen anpil chans pou yo pi alèz pou yo kite w chwazi zanmi w.

● Se pou w onèt ak tèt ou: Èske se moman prive ou vle genyen oswa èske se kache ou vle kache sa k ap pase nan lavi w? Men sa Brittany, ki gen 22 an, di: “Si w ap viv kay paran w e yo enkyete pou ou, ou ta dwe mande tèt ou: ‘Si m pap fè anyen ki mal, poukisa m bezwen kache l?’ Yon lòt bò si w santi ou oblije kache sa w ap fè, ebyen se pa yon bon bagay.”

Ki jan pou w jwenn moman prive a?

Kounye a, w ap kapab reflechi sou fason pou w rive jwenn kèk moman prive ou bezwen. Nan liy ki pi ba yo, ekri repons kesyon ki mache ak etap yo bay yo:

1ye etap: Idantifye pwoblèm nan. Nan ki domèn ou santi w bezwen plis moman prive?

․․․․․

2yèm etap: Egzamine pwennvi paran w. Ki sa w panse ki ka fè yo enkyete?

․․․․․

3yèm etap: Chèche solisyon. Nan ki sans ou ta ka fè pwoblèm nan vin pi mal? Selon repons ou bay la, ki sa w panse ou ta ka chanje? Ki sa w ta renmen paran w fè pou pwoblèm ou yo?

․․․․․

4yèm etap: Pale sou sa. Ekri ki jan ou ta ka kòmanse yon konvèsasyon ak paran w konsènan moman prive ou vle genyen yo.

․․․․․

NAN LÒT CHAPIT LA

Si w gen youn nan paran w yo ki mouri, ki kote w ka jwenn konsolasyon?

[Nòt anba paj]

^ § 14 Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 6 nan liv sa a.

VÈSÈ KLE

“Fè tout sa w kapab pou w prezante tèt ou bay Bondye antanke moun li apwouve, antanke yon ouvriye ki pa gen anyen pou l wont.” — 2 Timote 2:15.

MEN YON IDE

Lè w ap pale ak paran w konsènan moman prive ou ta renmen genyen, pa plenyen, men esplike pwoblèm nan. Ki diferans sa fè? Lè w plenyen ou konsantre sou sa ou panse paran w mal fè. Lè w esplike, sa ede w konsantre sou solisyon pwoblèm nan.

ÈSKE W TE KONNEN?

Plis ou sensè ak paran w, se plis y ap fè w konfyans.

SA M KONTE FÈ

Men sa m ap fè pou paran m ka fè m konfyans kounye a (oswa pou yo fè m konfyans ankò)

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a

[KI SA W PANSE?

● Sa k fè paran w gen dwa pou yo poze kesyon sou sa k ap pase nan lavi w?

● Ki jan efò w ap fè kounye a pou w aprann kominike ak paran w ap ede w kominike ak lòt moun lè w vin gran?

[Antrefilè nan paj 108]

“Paran w pa ta renmen anyen mal rive w, e pafwa ou ka gen enpresyon y ap fouye nan vi prive w. Sa pa sanble nòmal pou ou, men, ann serye, si w te paran, siman ou t ap fè menm bagay la.” — Alana.

[Foto nan paj 109]

Menm jan se travay yon moun travay ki fè yo peye l, se menm bagay la pou konfyans, se travay pou w travay pou w genyen l.