Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske l nòmal pou m nan chagren konsa?

Èske l nòmal pou m nan chagren konsa?

CHAPIT 16

Èske l nòmal pou m nan chagren konsa?

Byenke chapit sa a ap pale espesyalman de lanmò youn nan paran yo, prensip ki ladan l yo ka aplike lè nou gen nenpòt moun nan fanmi nou oswa yon bon zanmi nou ki mouri.

“Lè manman m mouri, mwen pa t konn sa pou m fè e mwen te santi lavi m te pèdi sans li. Se manman m ki te fè fanmi an rete soude.” — Karyn.

LANMÒ youn nan paran w yo se youn nan bagay ki pi difisil ki ka rive nan lavi w. Lè sa rive, ou ka oblije fè fas ak yon pakèt santiman ou potko janm genyen anvan sa. Brian te gen 13 an lè papa l te fè yon kriz kadyak li mouri, li di: “Jou swa nou aprann li mouri a, tout sa nou te ka fè se te kriye epi youn te kenbe lòt.” Natalie te gen dizan lè papa l mouri ak yon kansè, li di: “Mwen pa t konn jan pou m santi m. Donk, m pa t santi anyen. Mwen pa t gen okenn santiman.”

Tout moun pa reyaji menm jan lè yo gen moun mouri. Dayè, Labib fè konnen “chak moun” gen “pwoblèm pa l ak doulè pa l”. (2 Kwonik 6:29.) Lè w sonje sa, reflechi sou fason lanmò papa w oswa manman w gen efè sou ou. Nan espas ki pi ba a, ekri 1) fason w te santi w lè w te fèk aprann lanmò paran w lan e 2) fason w santi w kounye a *.

1 ․․․․․

2 ․․․․․

Petèt repons ou bay yo montre ou kòmanse santi w plizoumwen ou menm kounye a. Se yon bagay ki nòmal. Sa pa vle di ou bliye moun ki mouri a. Yon lòt bò, ou ka rann ou kont ou toujou santi w menm jan an oswa menm ou santi w pi mal. Petèt chagren ou genyen an tankou vag lanmè k ap fè ale vini e ki parèt nan moman ou pa atann. Se yon bagay ki nòmal tou, menmsi sa gentan fè plizyè ane depi paran w lan mouri. Kesyon w ap poze tèt ou se: Ki jan pou m sipòte chagren mwen genyen an, kèlkeswa fòm li ye a?

Pa kenbe kriye! Kriye ka soulaje lapenn ou genyen. Ou ka santi w menm jan ak Alicia. Li te gen 19 an lè manman l mouri. Li di: “Mwen te santi si m te kite sa m santi parèt twòp, lòt moun te ka panse mwen manke lafwa.” Men fè yon ti reflechi: Jezi Kris se te yon moun pafè ki te gen yon lafwa solid nan Bondye. Epoutan, “dlo [te] koule nan je [l]” lè l te wè moun ki nan lapenn poutèt Laza, bon zanmi l, te mouri (Jan 11:35). Donk, ou pa bezwen pè kriye. Sa pa vle di ou manke lafwa! Alicia di: “Finalman mwen te kriye. M te kriye anpil e m te kriye chak jou.” *

Ou pa bezwen santi w koupab. Karyn te gen 13 an lè manman l mouri, li di: “Chak swa, mwen te toujou monte al bo manman m anvan l dòmi. Gen yon jou swa mwen pa t fè sa. Nan demen maten, manman m mouri. Mwen konnen sa ka parèt pa rezonab, men mwen santi m koupab paske m pa t wè l jou swa sa a e m te santi m koupab pou sa ki te rive nan demen. Papa m te oblije vwayaje pou travay li, e li te vle pou mwen menm ak sè m nan veye sou manmi. Men, nou te leve ta. Lè m monte al wè l nan chanm li, mwen jwenn li mouri. Mwen te santi m kraze, paske li pa t pi mal lè papa m t ale a.”

Menm jan ak Karyn, petèt ou santi w koupab paske gen kèk bagay ou pa t fè. Petèt ou plede ap di yon pil “si m te, si m te”, tankou ‘si m te ankouraje papa m wè doktè’, ‘si m te monte al wè manman m anvan sa’. Si mòd panse sa yo konn trakase w, sonje se yon bagay ki nòmal pou w regrèt gen kèk bagay ou ta swete fè yon lòt jan. Laverite sèke sèl fason pou w te aji yon fason ki diferan parapò ak jan w te aji a se si w te konnen sa k t apral rive a. Men ou pa t konnen. Donk, li pa nesesè pou w santi w koupab. Ou pa responsab lanmò manman w oswa papa w *!

Di sa w santi. Pwovèb 12:25 di: “Yon bèl ti pawòl fè kè [w] kontan.” Lè w kenbe santiman w, sa ka fè l difisil pou w fè fas ak chagren. Men, si w di yon moun ou fè konfyans sa w santi, sa ap ba w posiblite pou jwenn “bèl pawòl” ankourajan nan moman ou vrèman bezwen yo a.

Pale ak Bondye. Siman w ap santi w pi byen lè w fin “ouvri kè [w] ba li”. (Sòm 62:8.) Priye pa jis yon fason pou w santi pi byen. Lè w priye nan moman sa yo, se sipliye ou sipliye “Bondye tout konsolasyon an, ki konsole nou nan tout eprèv nou yo”. (2 Korentyen 1:3, 4.) Youn nan fason Bondye ban nou konsolasyon se pa mwayen Pawòl li a, Labib (Women 15:4). Sa w panse si w ta gen yon lis vèsè sou lamen, yon seri vèsè ki ka konsole w *?

Sa mande tan pou w rive fè fas ak lapenn ou genyen an. Men, Bib la ka konsole nou paske li ban nou garanti nan monn nouvo Bondye pwomèt la, “pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri”. (Revelasyon 21:3, 4.) Lè w medite sou pwomès sa yo, sa ka ede w fè fas ak lanmò youn nan paran w yo.

[Nòt anba paj]

^ § 6 Si w twouve l twò difisil pou w reponn kesyon sa yo kounye a, ou ka eseye fè sa yon lòt lè.

^ § 10 Pinga w santi ou oblije kriye pou w montre ou nan lapenn. Chak moun demontre lapenn yo fason pa yo. Sa k pi enpòtan an sèke si w anvi kriye, konnen se petèt moman “pou [w] kriye”. — Eklezyas 3:4.

^ § 12 Si w kontinye gen mòd panse sa yo k ap trakase w, pale de sa ak lòt paran w lan oswa ak yon lòt granmoun. Avèk letan, w ap vin wè bagay yo yon fason ki pi ekilibre.

^ § 14 Gen kèk moun ki te jwenn konsolasyon nan vèsè ki vin apre yo: Sòm 34:18; 102:17; 147:3; Ezayi 25:8; Jan 5:28, 29.

VÈSÈ KLE

“[Bondye] ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò. Ansyen bagay yo disparèt.” — Revelasyon 21:3, 4.

MEN YON IDE

Toujou ekri sa w panse konsènan paran w ki mouri a. Sa ka vrèman ede w fè fas ak lapenn nan.

ÈSKE W TE KONNEN?

Kriye pa vle di ou se yon moun ki fèb. Menm yon seri gason vanyan, tankou Abraram, Jozèf ak David te kriye lè yo te nan lapenn. — Jenèz 23:2; 50:1; 2 Samyèl 1:11, 12; 18:33.

SA M KONTE FÈ

Men sa m ap fè lè m santi lapenn soti pou fin avè m ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

● Poukisa li bon pou w reflechi ak bon ti moman ou te pase ak paran w ki mouri a?

● Poukisa lè w ekri sa w panse sa ka ede w fè fas ak lapenn nan?

[Antrefilè nan paj 112]

“Mwen pa t kite santiman m parèt. Sa t ap vrèman ede m si m te di jan m santi m. Mwen t ap ka pi byen fè fas ak lapenn nan.” — David.

[Kare/Foto nan paj 113]

CHANTELLE

“Papa m te fè anviwon senkan malad, e annapre sante l te vin pi mal. Mwen te gen 16 an lè l te mouri. Apre sa, manman m ak gran frè m nan te fè m konnen tout sa k ap pase. Manman m te menm kite m patisipe nan desizyon k ap pran pou antèman an. Sa te fè li pi fasil pou m sipòte. Mwen panse timoun yo pa renmen lè yo pa mete yo okouran de bagay enpòtan sa yo. Tank tan t ap pase, mwen te vin pi alèz pou m pale sou lanmò papa m. Nenpòt lè m santi mwen bezwen kriye, m al yon kote oswa m al kot yon zanmi pou m kriye. Men konsèy m t ap bay: Si w vle pale de lapenn ou, al kot yon fanmi w oswa zanmi w. Kèlkeswa jan w vle eksprime lapenn ou, eksprime l.”

[Kare/Foto nan paj 113, 114]

LEAH

“Manman m te fè yon gwo stwok lè m te gen 19 an, e li te mouri twazan apre. Apre lanmò li, mwen te santi fò m te djanm. Si m pa t fè sa, sa t ap difisil anpil pou papa m. Lè m t ap grandi, manman m te toujou la lè m malad oswa lè m pa santi m byen. Mwen sonje lè l konn ap met men l sou mwen pou l gade si m gen lafyèv. Byen souvan, lè m panse avè l, sa fè m mal. Mwen konn eseye kache jan m santi m, men sa pa bon pou mwen. Pafwa, mwen jis gade kèk foto pou m ka kriye. Lè m pale ak zanmi m, sa ede m tou. Bib la pwomèt moun ki mouri yo pral resisite pou yo viv sou tè a k ap tounen yon paradi (Jan 5:28, 29). Lè m ap reflechi ak espwa m genyen pou m wè manman m ankò e lè m reflechi sou sa m bezwen fè pou m ka la, sa fè m pa santi m tris.”

[Kare/Foto nan paj 114]

BETHANY

“Mwen sèten mwen te di papa m mwen renmen l, men mwen pa ka sonje ki lè m te di l sa paske mwen te gen senkan sèlman lè l mouri. Papa m te fè yon stwok pandan l nan kabann li, e yo te mennen l lopital. Lè m te leve nan demen maten, mwen te jwenn li mouri. Annapre, sa te deranje m pou m pale de papa m, men avèk letan mwen te kontan tande pale de li paske sa te ede m konnen l pi byen. Sa m t ap di nenpòt moun ki pèdi yon paran l se eseye sonje chak moman ou te genyen avè l epi ekri yo yon fason pou w pa bliye yo. Epi fè tout sa w kapab pou lafwa w vin pi solid yon fason pou w ka ansanm ak paran w lè l resisite nan monn nouvo Bondye a.”

[Kare nan paj 116]

Fich aktivite

Ekri panse w yo

Mete kèk bèl ti moman ou te pase ak paran w lan. ․․․․․

Ekri sa w ta renmen di paran w lan lè l resisite. ․․․․․

Imajine ou ta gen yon ti frè w oswa yon ti sè w ki ta santi l koupab akoz lanmò paran w. Nan espas ki pi ba a, ekri sa w t ap di l pou w konsole l. (Sa ta ka ede w fè fas ak santiman koupab ou ta ka genyen.) ․․․․․

Mete de oswa twa bagay ou ta renmen konnen sou papa w oswa manman w ki mouri, epi mande pou w pale sou youn nan pwen sa yo ak paran ki vivan an. ․․․․․

Li Travay 24:15. Ki jan esperans yo pale de li nan vèsè sa a ede w fè fas ak lanmò paran w? ․․․․․

[Foto nan paj 115]

Chagren ka tankou vag lanmè ki parèt nan moman ou pa atann.