Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Poukisa m pè pale de kwayans mwen lekòl?

Poukisa m pè pale de kwayans mwen lekòl?

CHAPIT 17

Poukisa m pè pale de kwayans mwen lekòl?

“Mwen te gen anpil posiblite pou m pale de kwayans mwen lè m te lekòl. Men, m te kite yo pase.” — Kaleb.

“Yon lè, pwofesè a te mande pou n di sa nou panse de evolisyon. M te konnen se te yon bon okazyon pou m pale sou kwayans mwen. Men, mwen te friz e mwen pa t di anyen. Apre sa, mwen te santi m mal anpil.” — Jasmine.

SI W se yon jèn kretyen, petèt ou santi w menm jan ak Kaleb ak Jasmine. Menm jan avèk yo, ou renmen verite ou aprann nan Bib la e petèt ou anvi pataje yo ak lòt moun. Men, petèt ou pale. Ou kapab aprann gen kran. Ki jan? Suiv etap ki vin apre yo:

1. Chèche konnen ki sa w pè. Chak fwa w panse pale de kwayans ou ak jèn parèy ou yo, ou imajine tout kalite move reyaksyon yo ka genyen. Men, pafwa, ou ka rive fè fas ak laperèz sa a si w annik ekri sa w pè yo.

Fini fraz ki vin apre a:

● Mwen pè pale sou kwayans mwen nan lekòl la paske: ․․․․․

Ou ka soulaje lè w konnen gen lòt jèn ki pè menm bagay sa yo tou. Pa egzanp, men sa Christopher, ki gen 14 an, di: “Mwen pè pou timoun yo pa bat plezi sou do m e pou yo pa panse mwen dwòl.” Kaleb li menm, jèn nou te site nan kòmansman chapit la, di: “Mwen te pè pou yon moun pa t poze m yon kesyon mwen pa t ka reponn.”

2. Aksepte reyalite a. Èske se yon bagay ki enposib pou sa w pè a rive? Non, pa vrèman. Ashley, ki gen 20 an, di: “Gen kèk jèn ki te pran pòz yo enterese nan kwayans mwen. Men annapre, yo te tòde pawòl mwen yo epi yo te pran fawouche m devan lòt elèv.” Men ki eksperyans Nicole, ki gen 17 an, te fè: “Gen yon tigason ki konpare yon vèsè nan bib pa l ak menm vèsè a nan bib mwen an. E kòm fason yo di yo a te diferan, li di yo chanje bib pa m nan. Mwen te tèlman sezi, mwen pa t konn sa pou m di *.”

Mòd sitiyasyon sa yo ka fè w pè toutbon. Men, li pi bon pou w aksepte reyalite a olye w kouri pou li paske li fè pati lavi w antanke kretyen (2 Timote 3:12). Matthew, ki gen 13 an, di: “Jezi te di yo t ap pèsekite disip li yo, donk nou pa ka atann pou tout moun renmen nou.” — Jan 15:20.

3. Reflechi ak byenfè sa ap pote. Ki byenfè yon moun ka jwenn nan mòd sitiyasyon sa yo? Amber, ki gen 21 an, fè konnen: “Li difisil pou w pale sou kwayans ou ak moun ki pa respekte Bib la, men sa ap ede w konprann kwayans ou yo pi byen.” — Women 12:2.

Gade sitiyasyon ou te pale de li nan 1ye etap la ankò. Reflechi sou omwen de bon bagay sitiyasyon sa a ka pote epi ekri yo pi ba a.

1 ․․․․․

2 ․․․․․

Sonje sa: Lefètke w fè lòt moun konnen kwayans ou, ki jan sa ka fè elèv yo fè mwens presyon sou ou? Lefètke w pale, ki efè sa ka genyen sou konfyans ou gen nan tèt ou? Sou santiman w gen pou Jewova? Sou santiman li gen pou ou? — Pwovèb 23:15.

4. Prepare w. Pwovèb 15:28 di: “Yon moun ki dwat byen reflechi nan kè l anvan l reponn.” Epitou, lè w ap medite sou sa w pral di, eseye imajine ki kesyon yo ka poze w. Fè rechèch sou sijè sa yo, epi prepare repons w ap alèz pou w bay la. Gade tablo ki rele “ Prepare repons ou” ki nan paj 127 liv sa a.

5. Kòmanse. Kounye a, ou fin konn sa pou w di pou w pale de kwayans ou, ki jan w ap kòmanse? Ou gen plizyè opsyon. Nan yon sans, pale de kwayans ou sanble ak naje. Gen kèk moun ki pran san yo pou yo antre nan dlo a, gen lòt ki annik plonje. Menm jan an tou, ou ka kòmanse pale sou yon sijè ki pa gen rapò ak relijyon epi tikras pa tikras ou ka ‘teste dlo a’, sa vle di ou ka antre sijè relijyon tikras pa tikras. Men, si w enkyete twòp sou fason pou w kòmanse yon konvèsasyon, li ka pi bon pou w annik ‘plonje’, nan sans ou annik kòmanse pale sou sijè a (Lik 12:11, 12). Andrew, ki gen 17 an, di: “An reyalite, pale de kwayans mwen pa t pi difisil pase sa, men difikilte a se plis nan tèt mwen li te ye. Men, yonfwa konvèsasyon an te kòmanse, li te pi fasil pou m pale pase sa m te panse *.”

6. Montre w gen konprann. Men sa Salomon te ekri: “Tout moun ki gen konprann kalkile byen anvan yo fè yon bagay.” (Pwovèb 13:16, Bib la). Menm jan ou pa t ap janm plonje nan yon dlo ki pa fon ase, se konsa tou pou w fè atansyon pou w pa tonbe nan diskisyon ki pap mennen okenn kote. Sonje gen yon tan pou w pale e gen yon tan pou w pa di anyen (Eklezyas 3:1, 7). Menm Jezi te refize reponn kèk kesyon pafwa. — Matye 26:62, 63.

Si w chwazi reponn, bay yon repons ki kout e ki pa gen twòp detay. Pa egzanp, si yon elèv ap ba w defi, li di w ‘poukisa w pa fimen?’, ou ka annik di ‘paske mwen pa vle lafimen sigarèt gate kò m’. Selon fason li reyaji, ou ka deside si w ap bay plis esplikasyon sou kwayans ou oubyen si w pap fè sa.

Sis etap nou sot pale de yo nan chapit sa a kapab ede w “pare pou [w] defann” lafwa w (1 Pyè 3:15). Natirèlman, se pa paske w pare ki vle di ou pap strese. Men sa Alana, ki gen 18 an, di: “Lè w rive pale sou lafwa w malgre w pè, sa fè w santi ou rive akonpli yon bagay, e malgre te gen chans pou bagay yo pase mal, ou te gen kouraj pou w pale kanmenm. E si sa te pase byen menm, ou santi w pi byen toujou! W ap kontan lefètke w te gen kouraj pou w pale.”

NAN LÒT CHAPIT LA

Si lekòl la strese w, ki jan w ka fè fas ak strès la?

[Nòt anba paj]

^ § 10 Tradiksyon Labib yo pa di bagay yo menm jan. Men, genyen ki di bagay yo yon fason ki pi sanble ak fason yo te di l nan lang yo te ekri Bib la.

^ § 18 Gade kare ki gen tit: “ Kèk fason pou w kòmanse yon konvèsasyon” ki nan paj anvan an.

VÈSÈ KLE

“Se pou nou toujou pare pou nou defann nou devan nenpòt moun ki mande nou rezon ki fè nou gen esperans nou genyen an. Men, se pou nou fè sa avèk dousè e avèk gwo respè.” — 1 Pyè 3:15.

MEN YON IDE

Lè w ap pale ak elèv parèy ou yo, olye pou w di yo sa pou yo kwè oswa sa pou yo pa kwè, li pi bon pou w di aklè nan ki sa ou menm ou kwè e poukisa w panse sa w kwè a fè sans.

ÈSKE W TE KONNEN?

Gen kèk nan kamarad lekòl ou yo ki ka gen respè pou ou lefètke w kenbe prensip moral wo nivo ki nan Bib la, men yo ka twò jennen pou yo poze w kesyon sou kwayans ou.

SA M KONTE FÈ

Men non omwen youn nan kamarad lekòl mwen mwen ta ka pale sou kwayans mwen avè l ․․․․․

Men ki sijè mwen panse ki ka pi enterese l ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

● Pou ki rezon ou panse kamarad ou yo pase w nan rizib akoz kwayans ou?

● Si w deside pale sou kwayans ou, poukisa li enpòtan pou w pale avèk konviksyon?

[Antrefilè nan paj 126]

“Lè m te piti, mwen pa t vle parèt diferan parapò ak lòt timoun yo. Men, apre sa, mwen te vin kòmanse konprann kwayans mwen fè m gen yon pi bon vi. Lefètke m te vin konprann sa, sa te fè m vin gen plis konfyans nan tèt mwen e mwen te fyè de kwayans mwen yo.” — Jason.

[Kare nan paj 124]

 Kèk fason pou w kòmanse yon konvèsasyon

● “Ki sa w ap fè pou gran vakans?” [Lè yo fin reponn, pale sou sa ou planifye pou vakans lan, tankou ale nan kongrè oswa preche plis.]

● Pale tou kout sou yon bagay yo bay nan nouvèl, epi mande: “Èske w te tande sa? Ki sa w panse sou sa?”

“Èske w panse ekonomi mondyal la [oswa yon lòt pwoblèm] gen chans pou l vin pi bon? [Lè yo fin reponn, mande] “Sa k fè w panse sa?”

“Ou fè pati yon relijyon?”

“Ki jan w imajine lavi w ap ye nan senkan?” [Lè yo fin reponn, pale sou objektif espirityèl ou genyen yo.]

[Kare nan paj 127]

 (Gade piblikasyon an)

Fich aktivite

Prepare repons ou

Kopye sa

Men yon ide: Pale sou tablo a ak paran w e ak jèn ki kretyen menm jan avè w. Fin ranpli tablo a. Gade pou w wè si w ka jwenn lòt kesyon kamarad ou yo ka poze w, epi prepare yon repons ou santi w alèz pou w bay.

Netralite

Kesyon

Poukisa ou pa salye drapo? Ou pa renmen peyi w?

Repons

Mwen respekte peyi kote m ap viv la, men mwen pa adore l.

Pwochen kesyon

Donk ou pap goumen pou peyi w?

Repons

Non, e plizyè milyon Temwen Jewova nan lòt peyi yo pap goumen kont peyi sa a nonplis.

San

Kesyon

Poukisa ou pap aksepte transfizyon san?

Repons

Mwen aksepte pran transfizyon ki pa gen danje ladan yo, pa egzanp transfizyon kote m pap riske pran SIDA oswa epatit. Men, Labib di pou nou evite san, se sa k fè mwen pa pran san.

Pwochen kesyon

Men e si w ap mouri si w pa pran san? Ou pa panse Bondye ap padone w?

Repons

․․․․․

Chwa

Kesyon

Entèl se Temwen Jewova e li fè si e li fè sa, poukisa w pa ka fè tankou l?

Repons

Yo anseye nou sa Bondye mande nou fè, men yo pa fòse nou fè anyen. Nou tout gen dwa fè chwa nou vle.

Pwochen kesyon

Èske sa vle di chak moun gen prensip pa l nan relijyon w lan?

Repons

․․․․․

Kreyasyon

Kesyon

Poukisa w pa kwè nan evolisyon?

Repons

Poukisa pou m kwè ladan l? Menm syantifik yo pa rive antann yo sou li, alòske se yo ki sanse espesyalis yo.

Pwochen kesyon

․․․․․

Repons

․․․․․

[Foto nan paj 125]

Pataje kwayans ou sanble ak naje. Ou ka chwazi kòmanse tou dousman oswa ou ka chwazi annik plonje.