Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa m ka fè si m nan mitan de kilti?

Ki sa m ka fè si m nan mitan de kilti?

CHAPIT 22

Ki sa m ka fè si m nan mitan de kilti?

Èske manman w oswa papa w se yon imigran?

□ Wi □ Non

Èske lang yo pale lakay ou oswa kilti moun lakay ou diferan ak lang oswa kilti ki gen nan lekòl ou?

□ Wi □ Non

“Fanmi m se Italyen, e yo pa gen pwoblèm pou yo demontre afeksyon youn pou lòt. Men, kounye a n ap viv Grann Bretay e sanble moun yo gen anpil lòd e yo pa demontre santiman yo aklè. Mwen pa santi m nan plas mwen nan youn nan kilti sa yo, lè m avèk Anglè yo mwen santi m Italyen e lè m avèk Italyen yo mwen santi m Anglè.” — Giosuè, Angletè.

“Lè m lekòl la, pwofesè m nan vle pou m gade l lè l ap pale. Men, lè m gade papa m nan je lè l ap pale li di mwen malelve. M santi mwen nan mitan de kilti.” — Patrick, li fèt an Frans men paran l se imigran Aljeryen.

LÈ PARAN W te rive nan peyi kote y ap viv kounye a, yo te fè fas ak yon pakèt gwo pwoblèm. Toudenkou, yo te vin ap viv bò kot moun ki pa pale menm lang avè yo, ki pa abiye menm jan avè yo e ki gen yon kilti ki diferan ak kilti pa yo. Yo te vrèman diferan parapò ak lòt moun ki bò kote yo. Petèt sa lakòz moun derespekte yo e petèt yo sibi prejije.

Èske sa rive w tou? Pi ba a, gen kèk pwoblèm lòt jèn ki nan yon sitiyasyon konsa te rankontre. Mete ti siy tcheke a ✔ bò kot pwoblèm ou twouve ki pi difisil pou w fè fas avè l la.

Moun pase w nan rizib. Fanmi yon jèn fi ki rele Noor te kite Jòdani pou yo vin ann Amerik dinò lè l te toupiti. Men sa Noor di: “Kòm fason nou abiye te diferan, moun te konn bat plezi sou do nou. E nou pa t menm ka konprann lè y ap fè blag.”

Ou pa konn ki moun ou ye. Men sa yon jèn fi ki rele Nadia fè konnen: “Mwen fèt ann Almay, men kòm paran m se Italyen, lè m ap pale alman mwen gen yon aksan italyen e timoun yo nan lekòl la te ban m vye non. Lè m al an vakans ann Itali, m rann mwen kont mwen pale italyen avèk yon aksan alman. Sa vin fè mwen pa konn sa m ye. Tout kote m pase mwen se yon etranje.”

Moun nan kay la pa gen menm kilti. Ana te gen uit an lè fanmi l te vin ann Angletè avè l. Li di: “Mwen menm ak ti frè m nan te adapte nou byen vit ak fason moun yo viv nan vil Lonn. Men, sa te difisil pou paran m paske yo te pase anpil tan ap viv sou ti zile Pòtigè ki rele Madè a.”

Voeun te gen twazan lè paran l ki se Kanbodjyen te rive ann Ostrali avè l. Li di: “Paran m pa t adapte yo ak kilti Ostrali a ni ak anviwònman an. Anfèt, papa m te konn fache souvan paske mwen pa t konprann ni li menm ni fason l wè bagay yo.”

Lang nan met yon baryè ant moun nan kay la. Ian te gen uit an lè paran l te kite Ekwatè pou y al viv Nouyòk. Apre Ian fin fè sizan ap viv Etazini, li di: “Kounye a, mwen plis pale anglè pase espayòl. Pwofesè yo nan lekòl la se anglè yo pale, zanmi m yo pale anglè e se ann anglè mwen pale ak ti frè m nan. Kounye a anglè kòmanse tounen lang pa m e m kòmanse bliye espayòl.”

Lee fèt ann Ostrali, men paran l yo se Kanbodjyen. Men sa l di: “Lè m ap pale ak paran m e mwen vle esplike yo jan m santi m parapò ak kèk bagay, m rann mwen kont mwen pa kapab fè sa paske mwen pa pale lang yo a ase.”

Noor, nou te pale de li pi wo a, di: “Papa m te ensiste anpil pou se lang pa l la nou pale lè nou nan kay la, men nou pa t vle pale arab. Pou nou menm, se kòmsi aprann lang arab la se yon pwa lou anplis ki pa t nesesè. Zanmi nou yo se anglè yo te pale e pwogram nan televizyon yo te ann anglè. Ki sa arab t ap itil nou?”

Ki sa w ka fè?

Jan kòmantè nou sot site pi wo yo montre sa, se pa ou sèl k ap fè fas ak kalite pwoblèm sa yo. Ou ta ka annik chwazi evite tout pwoblèm sa yo si w ta annik bliye kilti paran w yo epi w adopte kilti peyi kote w ye a. Men, si w ta chwazi fè sa, pa gen dout, sa pa t ap fè paran w plezi e sa t ap lakòz ou fristre pi devan. Olye de sa, li pi bon pou w ta aprann jere pwoblèm sa yo epi chèche avantaj ki genyen nan sitiyasyon w lan. Egzamine konsèy ki vin annapre yo:

Fason pou w konsidere fawouch. Kèlkeswa sa w fè, tout moun pap janm renmen w. Moun ki renmen pase lòt moun nan rizib yo ap toujou jwenn yon fason pou yo fè sa (Pwovèb 18:24). Kidonk, pa pèdi tan w ap eseye defann ou. Wa Salomon di: “Moun k ap pase moun nan rizib la pa renmen moun k ap korije l.” (Pwovèb 15:12). Moun ki gen prejije yo se konnen yo pa konnen ki fè yo gen prejije, se pa paske moun ki viktim prejije a gen yon pwoblèm lakay li vre.

Lè w pa konn ki moun ou ye. Li nòmal pou w pa vle w santi w poukont ou, pou w ta fè pati yon fanmi oswa yon kilti. Men se yon gwo erè si w ta panse valè w depann de kilti w oubyen kote w soti. Moun ka jije w sou sa sèlman, men Bondye pa konsa. Men sa apot Pyè di: “Bondye pa gen patipri. Nan tout nasyon, yon moun ki gen lakrentif pou li e k ap pratike sa ki jis, moun sa a fè l plezi.” (Travay 10:34, 35). Si w fè tout sa w kapab pou w fè Jewova plezi, l ap konsidere w kòm moun ki fè pati fanmi l (Ezayi 43:10; Mak 10:29, 30). Pa gen pi bon bagay pase sa!

Sa pou w fè lè moun nan kay la pa gen menm kilti. Nan kèlkeswa fanmi an, paran yo ak timoun yo pap toujou wè bagay yo menm jan. Nan ka pa w, diferans sa yo ka parèt plis. Paran w ka vle pou w kontinye viv selon koutim peyi yo soti a, men ou menm ou vle adopte koutim peyi w ye kounye a. Antouka, si w vle tout bagay ale byen pou ou, ou dwe “onore papa [w] ak manman [w]”. — Efezyen 6:2, 3.

Olye pou w ap eseye vire do bay koutim paran w paske w pa renmen yo, eseye wè rezon ki fè paran w yo atache ak koutim sa yo konsa (Pwovèb 2:10, 11). Poze tèt ou kesyon ki vin apre yo: ‘Èske koutim sa yo depaman ak prensip ki nan Bib la? Si yo pa depaman, ki sa egzakteman mwen pa renmen nan koutim sa yo? Kòman m ka esplike paran m jan m santi m san m pa derespekte yo?’ (Travay 5:29). Nòmalman, li t ap pi fasil pou w onore paran w, sa vle di konprann fason yo panse epi esplike yo sa w santi, si w te pale lang yo a pi byen.

Sa pou w fè lè lang met yon baryè ant moun nan kay la. Gen kèk paran ki twouve lè yo oblije timoun yo pale sèlman lang yo pale a nan kay la, sa bay timoun yo posiblite pou yo aprann toule de lang yo byen. Ou pa panse li t ap bon pou w ta eseye fè sa lakay pa w tou? Petèt, ou te ka mande paran w ede w aprann ekri lang yo a. Stelios te grandi ann Almay e premye lang li te pale se grèk, li di: “Paran m te konn pale sou yon vèsè nan Bib la avè m chak jou. Yo te konn li l awotvwa, e mwen menm mwen te konn ekri sa m tande a. Kounye a, mwen ka li e ekri ni grèk ni alman.”

Ki lòt avantaj w ap jwenn lè w aprann lang paran w? Giosuè, nou te pale de li pi wo a, di: “Mwen te aprann pale lang paran m yo paske mwen te vle pi pwòch avè yo e mwen te vle pale bagay espirityèl avè yo. Lefètke mwen te aprann lang yo a, sa te pèmèt mwen konprann jan yo santi yo. E sa ede yo konprann mwen.”

Li pa yon baryè men li se yon pon

Èske w wè kilti paran w kòm yon baryè ki ant ou menm ak lòt moun, oswa ou wè l kòm yon pon ki ini w avè yo? Gen anpil jèn kretyen ki rann yo kont yo gen yon rezon anplis pou yo met yon pon ant kilti yo. Yo vle pale de bon nouvèl Wayòm nan ak lòt imigran yo (Matye 24:14; 28:19, 20). Salomão, ki t al viv Lonn lè l te gen senkan, di: “Se yon bèl bagay lè w ka esplike Bib la nan de lang. Mwen prèske bliye lang manman m, men kounye a mwen nan kongregasyon pòtigè e m ka pale ni anglè ni pòtigè trè byen.”

Noor, nou te pale de li pi wo a, te wè yo bezwen pwoklamatè ki pale arab. Li di: “Kounye a, m ap pran kou pou m aprann pale arab ankò. Mwen wè bagay yo yon lòt jan. Mwen vle yo korije m. Mwen vle aprann.”

Sa klè, se yon gwo avantaj sa ye lè w alèz nan de kilti e w ka pale de oswa plizyè lang. Lefètke ou konnen de kilti, sa vin fè w plis kapab konprann santiman moun yo e li pi fasil pou reponn kesyon yo genyen sou Bondye (Pwovèb 15:23). Paran Preeti yo se Endyen men li menm li fèt ann Angletè, li di: “Lefètke m konprann toule de kilti yo sa fè m pi alèz lè m ap preche. Mwen konprann ni moun ki soti ann Angletè ni moun ki soti ann End, sa vle di mwen konprann kwayans yo e mwen konprann fason yo panse.”

Ou pa panse ou menm tou ou te ka konsidere sitiyasyon w ladan l lan kòm yon avantaj olye w konsidere l kòm yon dezavantaj? Sonje, Jewova renmen w pou moun ou ye a, li pa renmen w paske ou menm oswa fanmi w soti nan tèl ou tèl peyi. Menm jan ak jèn nou sot site la yo, èske ou menm tou ou ka sèvi ak konesans ou ak eksperyans ou pou w ede lòt moun ki soti nan menm peyi avèk ou aprann konnen Jewova, Bondye nou an ki chaje lanmou e ki pa gen patipri? Lè w fè sa, sa ka fè w gen kè kontan toutbon! — Travay 20:35.

VÈSÈ KLE

“Bondye pa gen patipri.” — Travay 10:34.

MEN YON IDE

Si lòt jèn ap pase w nan rizib akoz peyi kote w soti, pa fache. E si posib, ri avè yo. Si w fè sa, gen anpil chans pou yo sispann pase w nan rizib.

ÈSKE W TE KONNEN?

Si w alèz nan de lang, li vin pi fasil pou w jwenn yon travay.

SA M KONTE FÈ

Men sa m ka fè pou m pi byen konprann lang paran m ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

● Lefètke w konnen kilti paran w, kòman sa ka ede w pi byen konprann tèt ou?

● Ki avantaj ou genyen sou jèn parèy ou yo lefètke w konn plizyè kilti?

[Antrefilè nan paj 160]

“Sa fè m kontan lè m ka ede lòt moun. Mwen ka esplike moun ki pale ris, fransè ak woumen mesaj ki nan Bib la.” — Oleg.

[Foto nan paj 161]

Ou ka chwazi konsidere kilti ou soti ladan l lan kòm yon pon ki konekte w ak lòt moun.