Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kòman mwen ka esplike sa Bib la di sou omoseksyalite?

Kòman mwen ka esplike sa Bib la di sou omoseksyalite?

CHAPIT 23

Kòman mwen ka esplike sa Bib la di sou omoseksyalite?

Nan yon seremoni kote yo t ap bay atis pri, gen de aktris tout moun konnen ki te monte sou sèn nan e pandan moun yo te chofe pou akeyi yo, yo te kòmanse bo devan tout moun! Lè moun yo wè sa, yo te sezi men annapre yo te montre yo kontan sa k te fèt la. Omoseksyèl yo di se yon viktwa sa ye. Gen moun ki di se jis yon bagay yo fè pou atire atansyon moun e pou yo fè reklam. Plizyè jou annapre, plizyè televizyon te pase imaj sa yo plizyè fwa e gen plizyè milyon moun sou Entènèt ki te fè kòmantè sou li.

JAN sa parèt nan evènman nou sot pale de li a, youn nan bagay medya yo renmen pale de li anpil se lè yon gwo atis fè konnen li se omoseksyèl (gason k ap kouche ak gason oswa fi k ap kouche ak fi) oswa li pa gen pwoblèm pou l kouche ni ak fi ni ak gason. Gen kèk moun ki felisite moun sa yo paske yo gen kran, gen lòt moun ki jije yo mal pou sa. E gen lòt moun menm ki panse kesyon omoseksyèl la se jis yon lòt chwa yon moun genyen. Daniel, ki gen 21 an, di: “Lè m te lekòl, menm timoun ki pa omoseksyèl yo te twouve se prejije sa ye oswa se kritik yon moun pote lè l pa dakò ak kesyon omoseksyèl la.”

Fason moun yo konsidere kesyon omoseksyèl la diferan selon epòk la e selon peyi a. Men, kretyen yo pa kite ‘tout van ansèyman pote yo ale adwat agoch’. (Efezyen 4:14.) Yo dakò ak tout sa Bib la di.

Ki sa Bib la di sou kesyon omoseksyèl la? Si w ap suiv prensip moral ki nan Bib la, ki repons ou ka bay moun ki di ou gen prejije kont omoseksyèl yo oswa ou rayi yo? Egzamine kesyon oswa deklarasyon ak repons ki vin annapre yo.

“Ki sa Bib la di sou kesyon omoseksyèl la?”

“Labib fè konnen byen klè pou Bondye se yon gason ak yon fi ki gen dwa pou yo fè sèks e yo dwe marye youn ak lòt pou sa fèt (Jenèz 1:27, 28; Levitik 18:22; Pwovèb 5:18, 19). Labib kondane imoralite seksyèl, sa ki gen ladan l ni moun menm sèks ki fè sèks ansanm, ni moun ki pa menm sèks ki fè sèks san yo pa marye youn ak lòt *.” — Galat 5:19-21.

“Ki jan ou menm ou konsidere kesyon omoseksyèl la?”

“Mwen pa rayi omoseksyèl yo, men mwen pa dakò ak sa y ap fè.”

Sonje: Si se prensip moral nan Bib la w ap suiv, ebyen se fason ou menm ou chwazi viv e se dwa w pou w fè chwa ou vle (Jozye 24:15). Pinga w wont lefètke ou konsidere kesyon an jan w konsidere l la. — Sòm 119:46.

“Èske kretyen yo pa ta dwe respekte tout moun, kèlkeswa tandans yo genyen nan domèn seksyèl?”

“Wi. Bib la di pou nou ‘onore tout kalite moun’ oswa jan yon lòt tradiksyon Labib (Today’s English Version) di sa pou nou ‘respekte tout moun’. (1 Pyè 2:17.) Kidonk, kretyen yo pa rayi moun ki omoseksyèl. Yo janti ak tout moun, san wete moun ki omoseksyèl yo.” — Matye 7:12.

“Èske fason w konsidere kesyon omoseksyèl la pa ankouraje moun gen prejije kont omoseksyèl yo?”

“Non. Mwen pa dakò ak aksyon omoseksyèl yo, mwen pa gen anyen ak moun yo.”

Ou ka di tou: “Ann pran yon egzanp. Ann sipoze ou menm ou fimen sigarèt men mwen menm m pa chwazi fimen paske mwen twouve se yon bagay ki vrèman degoutan. Men ou menm, ou pa twouve sa mal. Ou pa t ap di mwen gen prejije kont ou pou sa e mwen pa t ap di ou gen prejije kont mwen pou sa, pa vre? Se menm bagay la pou fason nou konsidere kesyon omoseksyèl la.”

“Èske Jezi pa t ankouraje nou pou nou aksepte moun ki diferan parapò ak nou? Si se sa, èske kretyen yo pa ta dwe aksepte kesyon omoseksyèl la?”

“Jezi pa t ankouraje disip li yo pou yo toleran nan sans pou yo aksepte kèlkeswa fason moun yo chwazi viv la. Okontrè, li te fè konnen delivrans lan posib pou “nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan li”. (Jan 3:16.) Demontre lafwa nan Jezi gen ladan l pou nou suiv prensip moral Bondye yo, sa vle di pou nou rejte yon seri konduit tankou omoseksyalite.” — Women 1:26, 27.

“Omoseksyèl yo pa ka chanje, se konsa yo fèt”

“Labib pa pale sou rezon fizik ki fè yon moun omoseksyèl, byenke li dakò gen kèk bagay ki ka byen anrasinen nan nou (2 Korentyen 10:4, 5). Menmsi gen moun se moun menm sèks avè yo ki atire yo, Labib mande pou kretyen yo evite aksyon omoseksyèl.”

Yon konsèy: Olye nou ret ap fè diskisyon sou rezon ki fè se moun menm sèks avè l ki atire l, li t ap pi bon pou nou montre moun nan se aksyon omoseksyèl yo fè yo Labib kondane. Ou ta ka fè rezònman sa a: “Gen anpil moun ki fè konprann kesyon vyolans lan se nan san li ye, e gen kèk moun ki fèt ak tandans pou yo fè vyolans (Pwovèb 29:22). Menmsi se ta vre, ou ka konnen Labib kondane pou yon moun fè kòlè (Sòm 37:8; Efezyen 4:31). Èske w t ap di sa Bondye mande a pa nòmal paske moun nan fèt ak tandans pou l fè vyolans?”

“Ki jan Bondye ka fè mande yon moun se moun menm sèks avè l ki atire l pou l evite omoseksyalite? Sa di anpil!”

“Yon rezònman konsa baze sou move ide moun genyen kòmkwa, nan domèn seksyèl, lèzòm dwe aji selon sa yo santi. Labib onore lèzòm lè l fè yo konnen si yo pa vle aji selon move dezi yo genyen, yo kapab chwazi pou yo pa aji konsa.” — Kolosyen 3:5.

“Menmsi w pa omoseksyèl, ou dwe chanje fason w konsidere kesyon omoseksyèl la.”

“Ann sipoze mwen pa dakò ak kesyon jwèt aza a men ou menm ou pa gen pwoblèm avè l. Èske l t ap rezonab pou w mande m chanje fason m wè kesyon an tou senpleman paske gen plizyè milyon moun ki chwazi jwe aza?”

Sonje sa: Pifò lòt moun, san wete omoseksyèl yo, gen prensip ki fè yo pa dakò ak kèk bagay, tankou magouy, enjistis oswa fè lagè. E menm jan Labib kondane bagay sa yo, se konsa tou li kondane kèk konduit nan domèn seksyèl tankou konduit omoseksyèl. — 1 Korentyen 6:9, 10.

Labib pa derezonab, nitou li pa ankouraje moun gen prejije. Li senpleman ankouraje moun ki gen tandans omoseksyèl yo pou yo fè menm bagay li mande moun ki pa gen tandans sa a, sa vle di pou yo “kouri pou imoralite seksyèl”. — 1 Korentyen 6:18.

Anfèt, gen plizyè milyon moun ki pa omoseksyèl e ki vle suiv prensip Bib la ki fè efò pou yo kontwole tèt yo malgre yo jwenn yon pakèt tantasyon. Pami moun sa yo gen anpil ki ta renmen marye men ki pa marye e ki pa gen anpil chans pou sa rive, gen anpil ki marye men moun yo marye avè l la vin gen yon pwoblèm ki fè l pa ka fè sèks. Moun sa yo rive viv ak kè kontan malgre yo pa rive satisfè dezi seksyèl yo genyen. Moun ki gen tandans omoseksyèl kapab fè menm bagay la si yo vrèman vle fè Bondye plezi. — Detewonòm 30:19.

LI PLIS BAGAY SOU SIJÈ SA A NAN VOLIM 2, CHAPIT 28.

NAN LÒT CHAPIT LA

Gen kèk jèn fi ki panse si yo fè sèks ak mennaj yo sa ap fè moun nan rete avèk yo. Men se pa vre. Ann gade sa k fè nou di sa.

[Nòt anba paj]

^ § 8 Lè Labib pale de “imoralite seksyèl” li pap pale sèlman de relasyon seksyèl an li menm men l ap pale de konduit tankou lè yon moun ap karese pati seksyèl yon lòt oswa lè l fè sèks nan bouch oswa nan dèyè.

VÈSÈ KLE

“Se poutèt sa, fè manm kò nou ki sou tè a mouri anrapò ak imoralite seksyèl, salte, dezi seksyèl san kontwòl, anvi pou nou fè sa ki mal, e anrapò ak tanta, ki se idolatri.” — Kolosyen 3:5.

MEN YON IDE

Menmsi konduit lòt moun deranje w, evite pale yon fason ki montre se fason w wè bagay yo ki pi bon. Anfèt, menm jan avè w yo gen dwa pou yo chwazi wè bagay yo jan yo vle.

ÈSKE W TE KONNEN?

Gen kèk kretyen nan premye syèk la ki te omoseksyèl anvan yo te vin kretyen ki te rive chanje fason yo te konn viv e ki te vin pwòp nan je Bondye. — 1 Korentyen 6:9-11.

SA M KONTE FÈ

Men sa m ap di si yon moun di m fason Bib la wè kesyon omoseksyèl la pa alamòd ․․․․․

Men sa m ap di pou m montre aklè se pa omoseksyèl yo mwen rayi men se aksyon y ap fè a ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

● Sa k fè Bondye gen dwa pou l bay lèzòm lwa nan domèn moral?

● Ki avantaj w ap jwenn lè w suiv lwa Bib la bay nan domèn moral?

[Antrefilè nan paj 170]

“Gen yon tigason nan lekòl la ki te panse se yon bagay ki terib lefètke mwen pa t dakò ak fason l ap viv. Men, lè m te esplike l se pa li menm mwen rejte antanke moun, e lè l te vin rann li kont se pa sèlman konduit omoseksyèl mwen pa dakò avè l men se tout konduit imoral, li te kòmanse respekte m e li te konn menm defann mwen lè lòt moun te konn ap opoze avè m.” — Aubrey.

[Kare nan paj 168]

E si ni gason ni fi atire yon moun?

Byenke nou jwenn ni gason ni fi ki konsa, men sanble tandans sa a plis gaye lakay fi yo. Kèk ladan yo jis anvi konnen ki jan sa ye. Lisa, ki gen 26 an, di: “Lefètke fim, televizyon ak mizik ap montre fi k ap bo ak fi, jèn yo gen tandans eseye fè sa tou, sitou si yo pa twouve gen yon bagay mal nan sa.”

Pou kèk lòt, sanble ni fi ni gason atire yo vre. Men sa Vicky, ki gen 13 an, di: “Mwen te rankontre de tifi ki pa gen pwoblèm pou yo kouche ni ak gason ni ak fi, e annapre gen yon zanmi m ki te fè m konnen gen youn nan medam yo ki te renmen m. Annapre, mwen te kòmanse tèks ak youn nan yo e mwen te vin kòmanse gen santiman pou li.”

Èske w konn santi w menm jan ak Vicky? Anpil moun t ap ankouraje w pou w aksepte tandans ou genyen an e pou w pa gen pwoblèm pou w kouche ni ak gason ni ak fi. Men, sa pou w konnen, sèke lè yon jèn gen tandans pou se moun menm sèks avè l ki atire l, byen souvan, se yon etap jèn yo pase ki pap dire. Se sa Vicky te vin rann li kont. Se menm bagay la ki te rive Lisette tou ki gen 16 an. Men sa l di: “Lefètke mwen te pale ak paran m sou jan m santi m, sa te ede m santi m pi byen. Epitou, nan kou byoloji nan lekòl la, m te aprann nivo òmòn yon adolesan varye anpil. M vrèman panse si plis jèn te konnen sa k ap pase nan kò yo, yo t ap konprann atirans pou yon moun menm sèks avè yo ka la pou yon ti tan sèlman, e yo pa t ap santi yo oblije vin omoseksyèl pou sa.”

Menmsi sa w santi yo se pa yon atirans ki la pandan yon ti tan, sonje ou kapab rive fè sa Labib mande a, sa vle di ou ka chwazi pou w rejte kèlkeswa move dezi ou genyen yo.

[Foto nan paj 169]

Lè pifò moun gen menm opinyon sou yon bagay, kretyen yo mete kran sou yo pou yo defann kwayans yo ki diferan.