Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki jan nou ta dwe wè kesyon fè sèks jis pou plezi a?

Ki jan nou ta dwe wè kesyon fè sèks jis pou plezi a?

CHAPIT 26

Ki jan nou ta dwe wè kesyon fè sèks jis pou plezi a?

“Timoun yo soti ansanm jis pou yo ka fè sèks e pou yo wè ak konbyen moun yo ka fè l.” — Penny.

“Timesye yo pale sou sa byen klè. Menm lè yo gen mennaj, yo fè djòlè pou yo di tout kantite lòt fi yo kouche.” — Edward.

GEN anpil jèn jounen jodi a ki vante tèt yo dèske yo kouche ak yon moun san yo pa ni renmen l ni renmen avè l. Gen kèk jèn menm, yo gen moun ki la jis pou yo fè sèks, san yo pa gen entansyon renmen ak moun sa a.

Pa etone w si w wè ou anvi fè menm bagay la (Jeremi 17:9). Edward, nou te pale de li pi wo a, di: “Gen anpil fi ki mande m fè sèks avè yo e se tantasyon ki pi difisil pou m reziste antanke kretyen. Di yo non difisil!” Ki prensip nan Bib la ou ta dwe gen nan lespri w si yon moun mande w fè sèks avè l?

Se pou w konnen poukisa fè sèks jis pou plezi pa bon

Imoralite seksyèl se yon peche ki tèlman grav, sa fè moun ki pran abitid fè l “pap benefisye Wayòm Bondye a”. (1 Korentyen 6:9, 10.) E sa valab kit se ak yon moun ou renmen ou fè sèks la kit se ak nenpòt lòt moun. Pou w ka reziste anba tantasyon pou w fè sèks anvan w marye, ou dwe konsidere imoralite seksyèl jan Jewova konsidere l la.

“Mwen gen konviksyon pi bon fason pou yon moun viv se fason Jewova mande nou viv la.” — Karen, Kanada.

“Sonje ou gen papa, manman, zanmi e ou fè pati yon kongregasyon. Ou t ap fè tout moun sa yo lapèn si w ta sede.” — Peter, Grann Bretay.

Lè w vin wè imoralite seksyèl menm jan ak Jewova, w ap rive “rayi sa ki mal” menmsi sa atire w. — Sòm 97:10.

Nou ankouraje w li: Jenèz 39:7-9. Remake jan Jozèf te reziste devan tantasyon e gade sa k te ede l.

Se pou w fyè pou sa w kwè

An jeneral, lè jèn yo kwè nan yon bagay, yo pa wont pran pozisyon pou li. Ou gen onè pou w pran pozisyon pou prensip Bondye yo nan fason w aji. Pinga w wont pou fason w wè kesyon fè sèks anvan maryaj la.

“Depi okòmansman, fè konnen aklè ou gen prensip moral w ap suiv.” — Allen, Almay.

“Timesye ki te nan lekòl mwen yo te konnen ki moun mwen ye, e yo te konnen se tan yo y ap pèdi si yo ta eseye tante m.” — Vicky, Etazini.

Lè w pran pozisyon pou yon bagay ou kwè ladan l se yon siy ki montre ou kòmanse gen matirite antanke kretyen. — 1 Korentyen 14:20.

Nou ankouraje w li: Pwovèb 27:11. Gade jan lè w fè sa ki dwat sa fè kè Jewova kontan!

Se pou w fèm

Li enpòtan pou w di non. Men, gen kèk moun ki ka konprann se sou pòz ou ye.

“Fò yo wè non ou di an ni nan fason w abiye, ni nan fason w pale, ni ak moun ou pale, ni nan jan w konpòte w ak moun.” — Joy, Nijerya.

“Ou bezwen fè yo konnen aklè ou pap janm fè sèks avè yo. Pa janm aksepte kado nan men timesye ki vle fè sèks avè w yo. Yo ka sèvi ak kado sa yo kont ou, kòmkwa ou dwe fè sèks avè yo poutèt kado yo te ba ou a.” — Lara, Grann Bretay.

Jewova ap ede w si w montre w fèm. David, youn nan moun ki te ekri Sòm yo, te viv sa, li di: “Ou fidèl ak moun ki fidèl.” — Sòm 18:25.

Nou ankouraje w li: 2 Kwonik 16:9. Remake jan Jewova chofe pou l ede moun ki vle fè sa ki dwat.

Se pou w wè danje a

Men sa Bib la di: “Moun ki gen lespri a wè danje a, li kache.” (Pwovèb 22:3). Ki jan w ka suiv konsèy sa a? Se lè w gentan wè danje a anvan menm li vini.

“Depi sa posib, pa rete kot moun k ap pale sou sèks.” — Naomi, Japon.

“Pa bay enfòmasyon sou ou, tankou adrès ou oswa nimewo telefòn ou.” — Diana, Grann Bretay.

Fè yon ti analiz sou pawòl ou, konduit ou, moun ou frekante ak kote w ale. Epi mande tèt ou: ‘Èske petèt, san m pa rann mwen kont, mwen ankouraje lòt moun pou yo mande m fè sèks avè yo?’

Nou ankouraje w li: Jenèz 34:1, 2. Gade jan yon jèn fi ki rele Dina te tonbe nan pwoblèm akoz li te yon move kote.

Sonje, Jewova pa dakò ak kesyon fè sèks jis pou plezi a, e se konsa nou ta dwe wè bagay yo tou. Lè w defann sa ki dwat, ou ka kontinye gen yon konsyans ki pwòp devan Bondye e moun ka toujou respekte w. Jan yon jèn fi ki rele Carly te di: “Poukisa pou w kite moun sèvi avè w pou yo jis satisfè dezi yo? Pwoteje bèl repitasyon w genyen devan Jewova, repitasyon w te travay di pou li a!”

NAN LÒT CHAPIT LA

Ki kalite fi mesye yo di ki plis atire yo? Ou ka sezi wè repons lan!

VÈSÈ KLE

“Fè tout sa nou kapab pou alafen li ka jwenn nou san tach, san defo e nan lapè.” — 2 Pyè 3:14.

MEN YON IDE

Travay sou kalite w genyen yo (1 Pyè 3:3, 4). Plis ou gen bèl kalite se plis w ap atire moun ki gen bèl kalite.

ÈSKE W TE KONNEN?

Jewova vle w pran plezi nan fè sèks, men li vle w fè sa lè w marye. Li pa vle w tonbe nan enkyetid, pwoblèm ak remò yon moun jwenn souvan lè l fè imoralite seksyèl.

SA M KONTE FÈ

Mwen pran detèminasyon pou m rete pwòp menm jan ak Jozèf, se sa k fè m ap ․․․․․

Men sa m ap fè pou m evite fè menm erè ak Dina ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

● Se vre, antanke moun ki enpafè, nou ka santi nou anvi fè sèks san nou pa marye, men poukisa se yon bagay ki mal?

● Ki sa w ap fè si yon moun mande w pou w fè sèks avè l?

[Antrefilè nan paj 185]

“Se pou w fèm! Lè yon jèn gason te mande m pou m fè yon bagay ki gen rapò ak sèks, mwen te di l: ‘Retire men w sou zepòl mwen!’ E mwen ale byen move.” — Ellen.

[Foto nan paj 187]

Si w fè sèks jis pou plezi, ou denigre tèt ou.