Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Poukisa tigason yo pa renmen mwen?

Poukisa tigason yo pa renmen mwen?

CHAPIT 27

Poukisa tigason yo pa renmen mwen?

Misye konnen mwen popilè paske mwen di l gen lòt tigason ki enterese nan mwen. Lè m te di l kèk nan zanmi m yo enteresant anpil, li te ri. E li konnen mwen entèlijan paske mwen te korije l kèk fwa. M ap mande m sa k fè l poko mande m renmen?

Manmzèl bèl, men sanble li pa ka gen yon konvèsasyon sou yon sijè ki pwofon. Lè n ap pale, se apèn si m ka di yon mo. E lè m resi pale, li korije m. Sa m ta fè la a pou m ale?

ÈSKE W konn mande tèt ou poukisa tigason pa enterese nan ou? Gen anpil fi ki poze tèt yo kesyon sa a, menm fi ou panse gason t ap enterese nan yo! Ann pran egzanp Joanne. Li bèl, li entèlijan e li pale byen. Poutan, men sa l di: “Byen souvan, mwen gen enpresyon tigason pa enterese nan mwen. Pandan yon tan, gen kèk ki te montre yo enterese, men apre sa yo sispann pale avè m!”

Ki sa jèn gason twouve ki atiran lakay jèn fi? Ki sa yo twouve ki pa atiran? Ki sa w ka fè si w ta vle yon jèn gason debyen enterese nan ou?

Sa w ka fè

Aprann konn tèt ou. Siman ou te kòmanse pi enterese nan tigason nan epòk ou t apral fòme. Petèt gen plizyè ki te fè kè w bat. Se nòmal. Men, si w gentan renmen ak premye tigason ki fè kè w bat la, gen anpil chans pou sa ralanti pwogrè w ni nan domèn afektif ni nan domèn espirityèl. Sa pran tan pou w vin gen yon seri kalite, pou w ‘bay lespri w yon lòt direksyon’ sa vle di pou w vin wè bagay yo menm jan ak Bondye, sitou pou bagay ki enpòtan nan lavi a, e pou w rive atenn kèk nan objektif li genyen yo. — Women 12:2; 1 Korentyen 7:36; Kolosyen 3:9, 10.

Se vre, se fi ki pa gen konviksyon oswa ki kwè tout sa moun di yo anpil jèn gason renmen. Men, sa k enterese mesye sa yo vre se kò fi a, se pa moun li ye toutbon an. Reyalite a sèke, yon jèn gason ki byen wè bagay yo ap chèche yon fi ki gen yon seri bèl kalite k ap ede l. — Matye 19:6.

Sa mesye yo di: “Lè yon jèn fi gen pwòp opinyon pa l, lè l gen pwòp konviksyon pa l, mwen twouve sa atiran.” — James.

“Menmsi yon fi bèl, mwen pa fin alèz si l annik di sa l konnen mwen vle tande a. Men, m ap enterese nan yon fi ki ka di sa l panse vre avèk respè e ki pa annik dakò ak tout sa m di.” — Darren.

Ki sa w panse de kòmantè mesye sa yo nou sot site la a?

․․․․․

Gen respè pou lòt moun. Menm jan ou bezwen pou yon gason renmen w, se konsa yon gason vrèman bezwen santi ou respekte l. Se pa san rezon ki fè Labib mande pou mari yo renmen madanm yo men li mande madanm yo pou yo gen “yon gwo respè” pou mari l (Efezyen 5:33). Nan menm sans ak vèsè sa a, yo te fè yon sondaj pami plizyè santèn jèn gason, e sou chak 100 gen 60 ki di yo plis bezwen respè pase lanmou. Pami mesye ki pi gran yo te poze kesyon an, sou chak 100 gason gen plis pase 70 ki te di menm bagay la.

Respè pa vle di ou oblije aksepte opinyon lòt moun nan oswa ou pa ka bay opinyon pa w (Jenèz 21:10-12). Men se fason ou fè konnen opinyon w ki pral fè yon jèn gason twouve w atiran oswa si sa ap repouse l. Si w toujou ap kontredi l oswa w ap korije sa l di, li ka santi ou pa gen anpil respè pou li. Men, si w konprann fason l wè bagay yo, e ou di l sa w apresye nan sa l di a, petèt l ap pi fasil aksepte sa ou menm ou di e l ap ba l valè. Natirèlman, yon jèn gason ki gen bon konprann ap wè tou si w trete moun lakay ou ak lòt moun avèk respè.

Sa mesye yo di: “Mwen panse respè se bagay ki pi enpòtan pou kòmanse yon relasyon. Lanmou ka vini apre.” — Adrian.

“Si yon fi respekte m, mwen santi li pap gen pwoblèm pou l renmen m.” — Mark.

Ki sa w panse de kòmantè mesye sa yo nou sot site la a?

․․․․․

Abiye yon fason ki senp, epi veye pou w gen yon bon ijyèn. Fason w abiye ak fason w penyen di anpil bagay sou sa w panse ak fason w wè lavi a. Depi anvan yon gason kòmanse pale avè w, aparans ou di l anpil bagay sou ou. Si rad ou senp e li byen ranje, sa ap voye yon bon mesaj sou jan de moun ou ye (1 Timote 2:9). Si rad ou pwovokan oswa ou abiye vag, li klè sa ap voye yon move mesaj sou ou!

Sa mesye yo di: “Fason yon fi abiye di anpil bagay sou fason li wè lavi a. Si li mete rad ki pwovokan oswa li abiye vag, sa fè m wè se atire li vle atire atansyon sou li.” — Adrian.

“Si yon fi konn pran swen cheve l, li santi bon e li gen yon vwa ki dous, l ap atire m. Gen yon tifi m te twouve ki bèl e ki te kòmanse atire m, men lefètke li pa t pwòp, mwen pa t al pi lwen.” — Ryan.

“Si yon fi met yon rad ki pwovokan, se sèten ou pa ka pa wè l, men se pa ak yon fi konsa mwen vle renmen.” — Nicholas.

Ki sa w panse de kòmantè mesye sa yo nou sot site la a?

․․․․․

Sa w pa dwe fè

Pa flète. Fi gen pouvwa pou yo gen gwo enfliyans sou gason. Li ka sèvi ak pouvwa sa a an byen oswa an mal (Jenèz 29:17, 18; Pwovèb 7:6-23). Si w eseye pouvwa sa a sou tout gason ou rankontre, siman sa ap fè w gen repitasyon yon moun k ap flète.

Sa mesye yo di: “Annik ou annik chita bò kot yon bèl fi epi zepòl nou kole ka eksitan. Donk, pou mwen menm, yon fi ki toujou ap manyen w lè l ap pale se flète l ap flète.” — Nicholas.

“Si yon fi toujou ap manyen bra tigason oswa si l ap fè tout gason je dou, mwen panse se flète l ap flète e mwen pa twouve sa atiran.” — José.

Pa twò atachan. Lè de moun marye, Bib la di yo vin “yon sèl chè”. (Jenèz 2:24.) Nan ka sa a, ni mari ni madanm konnen yo pap gen menm kantite libète yo te genyen lè yo te selibatè. Vrèmanvre, youn atache ak lòt (1 Korentyen 7:32-34). Men, si w fèk ap aprann konnen yon jèn gason, ou pa gen dwa atann pou l ba w tout ti detay sou sa l ap fè, ni li pa dwe atann sa nan men w nonplis *. Reyalite a sèke si w rekonèt li gen dwa pou l pase tan ak zanmi l, li ka vin pi enterese nan ou. E fason l sèvi ak tan l ap di w anpil bagay sou jan de moun li ye. — Pwovèb 20:11.

Sa mesye yo di: “Mwen panse lè yon fi ap chèche konnen tout sa m ap fè e sanble li pa gen lòt zanmi oswa se mwen sèlman ki enterese l, li pa enterese nan anyen ankò.” — Darren.

“Si m fèk rankontre yon fi epi li toujou ap tèks mwen pou l konnen ak ki moun mwen ye, e si gen fi avèk mwen li vle konnen non yo, lè sa a se yon siy ki di m pou m fè atansyon.” — Ryan.

“Yon fi ki pa vle kite w pase tan ak zanmi gason ou genyen e ki santi sa deranje l lè w ap soti ak zanmi w e w pa envite l se yon fi ki twò atachan.” — Adrian.

Ki sa w panse de kòmantè mesye sa yo nou sot site nan soutit sa a?

․․․․․

Rekonèt valè w genyen

Siman ou konn kèk fi ki dispoze fè tout bagay jis pou yo ka atire atansyon yon gason, e pou gason an enterese nan yo. Gen kèk lòt ki dispoze pase sou prensip yo genyen jis pou yo ka gen yon mennaj oswa pou yo marye. Men, prensip ki di “sa yon moun simen, se sa l ap rekòlte” a valab nan ka sa a tou (Galat 6:7-9). Si w pa rekonèt valè w e w pase sou prensip ou genyen yo, li posib pou se gason ki pa respekte w e ki pa respekte prensip ou genyen yo ou atire.

Reyalite a sèke, se pa tout gason k ap renmen w, e se kapab yon bon bagay! Men, si w pran san w pou w pran swen ni bote fizik ou ni moun ou ye pa anndan an, w ap vin gen “anpil valè nan je Bondye”, se moun k ap pi byen ale avè w yo w ap atire. — 1 Pyè 3:4.

NAN LÒT CHAPIT LA

Men, e si w se yon gason e w ap mande tèt ou: ‘Poukisa tifi yo pa renmen m?’

[Nòt anba paj]

^ § 30 Natirèlman, lè de moun fiyanse, youn gen dwa atann pou lòt la ba l detay sou li.

VÈSÈ KLE

“Yon fi ka bèl, men sa ka pa gen okenn valè, e bèl li bèl la ka pa dire. Men, y ap fè lwanj pou fi ki gen lakrentif pou Jewova a.” — Pwovèb 31:30.

MEN YON IDE

Pa makiye anpil! Lè w met twòp makiyaj sa ka bay move mesaj sou ou, li ka fè moun panse ou twò kwè nan tèt ou oswa w ap chèche atire atansyon.

ÈSKE W TE KONNEN?

Si w toujou ap atann pou yon gason ba w tout atansyon l, ou ka kraze relasyon w gen avè l la.

SA M KONTE FÈ

Men ki kalite mwen pral fè efò pou m amelyore lakay mwen ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

● Ki jan w ka montre ou respekte opinyon yon jèn gason ak santiman l?

● Ki jan w ka montre ou respekte tèt ou?

[Antrefilè nan paj 190]

“Mwen rekonèt byen souvan bèl tifi atire m. Men, sa ka chanje byen vit si fi a pa gen objektif ki byen klè e ki vo lapèn. Yon lòt bò, si fi a konn sa l vle fè ak lavi l, sitou si l deja atenn kèk nan objektif li genyen yo, sa ka fè m twouve l vrèman atiran.” — Damien.

[Foto nan paj 191]

Lanmou ak respè tankou de wou nan yon bekàn, toude nesesè.