Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Egzanp: Jòb

Egzanp: Jòb

Egzanp: Jòb

Lavi Jòb te chanje nèt. Premye bagay ki rive l sèke li pèdi tout byen l. Apre sa, tout pitit li yo mouri. E finalman, li vin pèdi sante l. Tout bagay sa yo rive byen vit e sanzatann. Gwo dekourajman te fè Jòb di: “Mwen rayi lavi m.” (Jòb 10:1, 15). Men, malgre tout tètchaje sa yo, Jòb pa t vle vire do bay Kreyatè l la (Jòb 2:10). Malgre lavi l te vin chanje, li pa t kite pwoblèm yo chanje moun li ye a. Se sa k fè Jòb se yon bèl egzanp andirans.

Lè w jwenn pwoblèm, ou menm tou ou ka ‘rayi lavi w’. Men, menm jan ak Jòb, ou pa oblije kite pwoblèm ou yo chanje kalite moun ou ye a oswa fè w pèdi detèminasyon w genyen pou w sèvi Jewova. Men sa Jak te ekri: “Gade! Nou konsidere moun ki andire yo kòm moun ki byennere. Nou tande pale de andirans Jòb, e nou wè ki jan Jewova te fè bagay yo fini pou li, sa ki montre Jewova gen anpil konpasyon ak anpil mizèrikòd.” (Jak 5:11). Jewova te gen sousi pou Jòb, e li gen sousi pou ou tou.