Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Egzanp: Moyiz

Egzanp: Moyiz

Egzanp: Moyiz

Moyiz te gen anpil privilèj. Li te leve nan palè wa Farawon an e li te resevwa fòmasyon nan men Ejipsyen yo nan tout domèn (Travay 7:22). Ki sa l ta pral fè avèk fòmasyon li resevwa a? Li te ka vin popilè, li te ka vin rich e li te ka gen pouvwa. Men, li pa t kite presyon lòt moun t ap fè sou li enfliyanse l, ni li pa t vin gen anbisyon. Okontrè, li te chwazi mennen lavi l yon fason ki te fè anpil moun sezi. Li te chwazi “yo maltrete l ansanm ak pèp Bondye a”. (Ebre 11:25.) Èske Moyiz te pèdi yon bagay lefètke li te fè chwa sa a? Pa ditou! Lefètke li te chwazi sèvi Bondye epi ede pèp Bondye a li te reyisi lavi l e li te kontan.

Si w gen chans pou w nan yon bon lekòl, ki jan w ap pwofite l? Ou ka kouri dèyè lajan oubyen dèyè pouvwa. Oswa, menm jan ak Moyiz, ou ta ka fè yon bon bagay ki vrèman enteresan ak lavi w. Ou ka itilize kapasite mantal ou ak fizik ou pou w sèvi Bondye e pou w ede lòt moun (Matye 22:35-40). Pa gen pi bèl vi pase sa!