Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Egzanp: Rit

Egzanp: Rit

Egzanp: Rit

Rit se yon bon egzanp moun ki te fidèl. Malgre mari l mouri, li te chwazi rete avèk Nawomi, bèlmè l, olye l tounen al chèche yon pi bon lavi nan peyi l. Byenke chwa li te fè a te fè l pa gen anpil chans pou l jwenn yon lòt mari, li pa t ret konsantre sou tèt li. Lanmou li te gen pou Nawomi ak anvi li te genyen pou l ansanm ak pèp Jewova a te gen plis enpòtans pou li pase satisfè dezi li te genyen pou l marye. — Rit 1:8-17.

Èske w panse marye? Ebyen imite Rit. Pa konsantre sou santiman w, men gade ki kalite ou genyen k ap ede w fè yon bon konjwen. Pa egzanp, èske w fidèl e ou se yon moun ki dispoze fè sakrifis? Èske w suiv prensip Bondye yo menm lè enpèfeksyon ou gen lakay ou ap pouse w fè yon lòt bagay? Rit pa t vle marye ak tout fòs. Men, li te rive jwenn yon mari ki gen matirite e ki te gen menm bèl kalite li te genyen yo e sa k pi enpòtan an, yo toude te renmen Bondye. Menm bagay la ka rive pou ou tou.