Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa pou m fè si renmen an kraze?

Ki sa pou m fè si renmen an kraze?

CHAPIT 31

Ki sa pou m fè si renmen an kraze?

“Nou te gen sis mwa depi nou renmen, e nou te zanmi pandan senkan. Lè pou l te kite m, li pa t menm ka di m sa anfas. Li te jis sispann pale avè m. M te santi m san fòs. Se te yon gwo desepsyon. Mwen t ap mande tèt mwen: ‘Ki sa m te fè ki mal?’” — Rachel.

LÈ YON relasyon kraze, sa ka mete w nan gwo tristès. Ann pran egzanp Jeff ak Susan ki te fè dezan renmen. Pandan tan sa a, youn te vin atache ak lòt anpil. Jeff te konn voye mesaj tèks bay Susan tout jounen pou l di l bèl ti pawòl. Detanzantan, li te konn ba l kado pou l montre l li t ap panse avè l. Susan di: “Jeff te fè efò pou l koute m e pou l konprann mwen. Li te fè m santi m gen enpòtans pou li.”

Sa pa t pran tan pou Jeff ak Susan kòmanse pale sou maryaj ak kote yo pral viv lè yo fin marye. Jeff te menm chèche konn nimewo bag k ap bon pou Susan. Epi, sanzatann, li kraze renmen an. Susan te santi l kraze. Li te kontinye fè tout aktivite l, men li te tankou yon moun ki paralize tèlman li te anba chòk. Li di: “Mwen te santi m about ni fizikman ni mantalman *.”

Rezon ki fè sa fè mal

Si w te nan yon sitiyasyon ki sanble ak pa Susan nan, ou ka mande tèt ou: ‘Èske m ap janm retounen nòmal ankò?’ Li nòmal pou w santi w konsa. Wa Salomon te di: “Lanmou gen anpil fòs menm jan ak lanmò.” (Chante Salomon an 8:6). Se sa k fè, lefètke relasyon w lan kraze se kapab youn nan eksperyans ki pi di ou te janm fè nan vi w. Anfèt, gen kèk moun ki di lè yon relasyon kraze se kòmsi gen yon pati nan yo menm ki mouri. Ou ka menm rann ou kont ou pase nan menm etap ak yon moun ki gen moun mouri, tankou etap ki pi ba yo:

Refize admèt sa. ‘Renmen an pa kraze vre. Misye a ap tounen sou desizyon an nan yon jou oswa de jou.’

Kòlè. ‘Ki jan l fè fè m sa? Mwen pa vle wè l!”

Depresyon. ‘Pa gen moun k ap janm renmen m.’

Aksepte sitiyasyon an. ‘M ap anfòm. Sa fè m mal, men mwen kòmanse santi m pi byen.’

Li bon pou w konnen ou kapab rive nan pwen kote w ap aksepte sitiyasyon an. Men, se kantite tan renmen an te genyen e nan ki etap nou te ye ladan l k ap detèmine ki kantite tan w ap pran pou w rive aksepte l. Anvan w rive la, ki jan w ka jere soufrans lan?

Avanse

Kòm ou konnen se tank tan ap pase yon blese ap geri. Si renmen an fèk kraze, petèt pawòl sa yo ka pa konsole w. E rezon an se paske tan se sèlman yon pati nan solisyon an. Ann pran yon egzanp: Lè w blese l ap geri avèk letan, men pou kounye a, li fè w mal. Ou bezwen fè san an sispann koule epi soulaje doulè a. Epi ou bezwen pran prekosyon pou l pa enfekte. Se menm bagay la tou lè w ap soufri akoz yon renmen ki kraze. Pou kounye a li fè w mal. Men, gen kèk bagay ou ka fè pou w soulaje soufrans lan e pou w evite pou rankin pa enfekte kè w. Tan an ap fè travay pa l, men ou menm ki jan w ka fè travay pa w la? Eseye fè sa ki vin annapre yo.

Pran tan pou w kriye. Pa gen anyen mal si w kriye lè w nan lapenn. Anfèt, Bib la di gen “yon lè pou moun kriye” e li menm di gen “yon lè pou moun rele”. (Eklezyas 3:1, 4.) Si w kriye sa pa vle di ou fèb. Menm David, yon sòlda vanyan, lè l te nan gwo soufrans, te di: “Lannuit, mwen mouye kabann mwen ak dlo nan je m, mwen benyen kabann mwen nèt tèlman m kriye.” — Sòm 6:6.

Pran swen sante w. Lè w fè egzèsis fizik e w byen manje sa ap ede w jwenn fòs ou te pèdi akoz soufrans renmen ki kraze a te pote. Bib la di: “Fè egzèsis fizik itil.” — 1 Timote 4:8.

Nan ki domèn anrapò ak sante w ou bezwen pote amelyorasyon?

․․․․․

Rete okipe. Pa sispann fè aktivite ou pran plezi ladan yo. Epi sitou nan moman sa a, pa mete kò w apa (Pwovèb 18:1). Si w pase tan ak moun ki gen sousi pou ou, sa ap ba w yon bagay pozitif pou w reflechi sou li.

Ki objektif ou ka fikse?

․․․․․

Di Bondye jan w santi w. Sa ka difisil. Gen kèk moun ki santi Bondye trayi yo paske relasyon yo a kraze. Yo panse: ‘Mwen te priye pou m jwenn yon moun, epi gade sa k rive’! (Sòm 10:1). Men, èske l t ap bon pou n konsidere Bondye kòm yon moun ki la pou l fè moun renmen? Non, nitou li pa responsab si youn nan moun yo pa vle kontinye relasyon an. Kòm nou konnen, Jewova “gen sousi pou nou”. (1 Pyè 5:7.) Donk, di l tout sa w santi. Labib di: “Fè Bondye konnen demann nou yo nan tout bagay [...]. E lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann, ap pwoteje kè nou ak lespri nou pa mwayen Kris Jezi.” — Filipyen 4:6, 7.

Pou ki bagay ou ka priye Jewova pandan w ap fè efò pou w fè fas ak soufrans sitiyasyon ou ladan l lan lakòz?

․․․․․

Gade devan

Apre w fin pran tan pou w geri, li te ka bon pou w reflechi sou sa ki te pase a. Lè w santi w pare pou sa, ou ka twouve l bon pou w ekri repons kesyon ki nan kare ki gen tit “ Ki sa m ka aprann nan relasyon sa a ki kraze a?” ki nan paj 224 la.

Se vre, relasyon an pa rive kote w te swete a. Men sonje sa: Lè gen move tan, li fasil pou w ret konsantre sou tan an ki fèmen an ak lapli k ap tonbe a. Men, lapli a ap sispsann e syèl la ap vin klè. Jèn nou te site pawòl yo nan kòmansman chapit la te rann yo kont, avèk letan, yo te vin kapab kontinye avanse. Ou kapab gen asirans menm bagay la ka rive pou ou tou.

NAN LÒT CHAPIT LA

Ki sa w ka fè pou w pwoteje tèt ou kont moun ki vle fòse w fè sèks avèk yo?

[Nòt anba paj]

^ § 5 Menmsi se pawòl fi nou site nan chapit sa a, menm prensip yo valab pou gason tou.

VÈSÈ KLE

“[Jewova] geri moun kè yo ap fann yo. Li bande blese yo genyen yo.” — Sòm 147:3.

MEN YON IDE

Susan, nou te pale de li nan kòmansman chapit la, te fè yon lis vèsè li te tou mache avè l pou l te ka li lè l dekouraje. Petèt ou ka fè menm bagay la ak kèk nan vèsè ki nan chapit sa a.

ÈSKE W TE KONNEN?

Pifò renmen moun fè pandan yo adolesan pa mennen nan maryaj, e pifò nan sa ki marye yo divòse.

SA M KONTE FÈ

Men sa m ap fè k ap ede m apre renmen an fin kraze ․․․․․

Men sa m ap fè pou m ka vin yon pi bon moun nan pwochen renmen m ap fè a ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

● Ki sa w aprann sou tèt ou anrapò ak renmen ki kraze a?

● Ki sa w aprann anrapò ak moun ki pa menm sèks avè w?

[Antrefilè nan paj 227]

“Tank tan ap pase w ap vin wè bagay yo yon lòt jan. Annapre, santiman yo pap fò menm jan an, sa k ap pèmèt ou pi byen reflechi sou sitiyasyon an e w ap santi soufrans lan fini. Epitou, ou ka vin pi byen konn tèt ou ak sa w ap chèche lakay yon moun ou vle marye avè l, e w ap aprann tou ki jan pou w evite tonbe nan yon sitiyasyon menm jan an alavni.” — Corrina.

[Kare nan paj 224]

 Fich aktivite

Ki sa m ka aprann nan relasyon sa a ki kraze a?

Èske w te jwenn rezon ki fè relasyon an te kraze? Si se wi, ekri l pi ba a, menmsi w santi se pa bon rezon an. ․․․․․

Ki lòt rezon ou panse ki fè sa? ․․․․․

Lè w reflechi ak sa k te pase a, èske w wè gen kèk bagay ou te ka fè yon lòt jan pwochèn fwa a? Si se wi, ki sa? ․․․․․

Èske eksperyans ou fè a fè w wè kèk bagay ou bezwen amelyore pou w vin gen plis matirite e pou w vin yon pi bon kretyen? ․․․․․

Si gen yon bagay ou ta vle chanje nan pwochen renmen w ap fè, ki sa l t ap ye? ․․․․․

[Foto nan paj 223]

Yon renmen ki kraze tankou yon blese: li fè mal, men avèk letan l ap geri.