Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kòman m ap fè konnen si se lanmou toutbon?

Kòman m ap fè konnen si se lanmou toutbon?

CHAPIT 29

Kòman m ap fè konnen si se lanmou toutbon?

Reponn kesyon ki vin annapre yo:

1. Ki sa w t ap di “lanmou” ye? ․․․․․

2. Ki sa w t ap di “senp santiman” ye? ․․․․․

3. Selon ou menm, ki diferans ki genyen ant de bagay sa yo? ․․․․․

SIMAN ou pa t gen twòp pwoblèm pou w reponn kesyon nou sot poze yo. Dayè, li fasil pou yon moun wè diferans ant lanmou ak yon senp santiman lè l pa nan sitiyasyon an.

Men, bagay yo ka chanje lè w panse ou jwenn moun pa w la. Toudenkou ou tankou yon moun ki paralize, ou pa wè anyen ankò. Ou damou nèt. Men, èske se vre? Èske se lanmou oswa yon senp santiman? Ki jan w ka fè diferans lan? Pou n jwenn repons lan, ann wè ki jan fason ou konsidere moun ki pa menm sèks avè w vin chanje. Pa egzanp, reponn kesyon ki vin apre yo:

● Lè w te gen senkan, ki jan w te konsidere moun ki pa menm sèks avè w?

● E kounye a, ki jan w konsidere yo?

Repons ou bay yo montre pandan peryòd ou t ap fòme a, petèt, ou vin wè moun ki pa gen menm sèks avè w yo yon lòt jan. Men sa Brian, ki gen 12 an, di: “Mwen te vin remake ti medam yo pi bèl kounye a.” Elaine, ki gen 16 an, sonje sa k te pase sa gen kèk ane, li di: “Tout timedam yo te kòmanse ap pale de tigason, e pou mwen menm, li te vin fasil pou m gen santiman pou nenpòt tigason.”

Kounye a, ou kòmanse enterese nan moun ki pa menm sèks avè w, ki jan w pral fè pou w jere gwo santiman sa yo ou vin genyen? Olye w fè kòmsi santiman sa yo pa egziste paske si w fè sa yo ka vin pi fò lakay ou, li ta pi bon pou w konsidere yo kòm yon bèl okazyon w pou w aprann kèk bagay konsènan atirans, yon senp santiman ak lanmou. Lè w byen konprann twa bagay sa yo, ou ka evite soufri pou granmesi, e sa ka ede w jwenn vrè lanmou an pi devan.

ATIRANS → Baze sou sa w ka wè

“Mwen menm ak zanmi m yo toujou ap pale de tifi. Nou eseye pale sou lòt bagay, men depi yon bèl tifi pase, nou bliye sa n t ap di a.” — Alex.

“Si yon jèn gason ka gade m nan je e li gen yon bèl souri, e li mache avèk asirans, l ap atire atansyon m.” — Laurie.

Li nòmal pou yon moun ki bèl atire w. Pwoblèm nan sèke jan w wè yon moun se pa toujou konsa l ye vre. Sa k fè nou di sa? Paske aparans kapab twonpe moun. Men sa Bib la di: “Menm jan ak yon zanno lò ki nan nen yon kochon, se konsa yon fi ki bèl e ki pa gen bonsans ye.” (Pwovèb 11:22). Natirèlman, prensip sa a valab pou mesye yo tou.

YON SENP SANTIMAN → Baze sou sa w santi

“Lè m te gen 12 an, mwen te fou pou yon tigason, men lè foli a te pase, mwen vin mwen rann mwen kont sa k te lakòz sa. Rezon an se paske tout zanmi m yo te enterese nan tigason e li menm li te yon tigason.” — Elaine.

“Mwen te fè foli pou anpil tifi, men pifò fwa, se pou aparans yo sèlman mwen te tonbe. Kou m te fin konnen kiyès yo ye vre, mwen te vin rann mwen kont se pa moun pa m nan vre.” — Mark.

Senp santiman an sanble ak lanmou. Anfèt, lanmou gen santiman ladan l. Men, sa ki alabaz senp santiman an diferan ak sa ki alabaz lanmou. Senp santiman an baze sou aparans. Epitou, li pa wè pwen fèb lòt moun nan e li egzajere pwen fò moun nan gen lakay li. Sa fè, senp santiman an menm jan ak yon kay yo fè ak sab, li pa solid. Yon jèn fi ki rele Fiona di : “Li pa dire lontan. Yon moun ka atire w jodi a, epi yon mwa annapre, ou santi menm bagay la pou yon lòt moun!”

LANMOU → Baze sou sa w konnen

“Mwen panse, lè se lanmou toutbon, gen yon bon rezon ki fè moun nan atire w, se pa yon rezon egoyis.” — David.

“Pou mwen, plis tan ap pase, lanmou toutbon an ta dwe vin pi fò. Okòmansman, nou bon zanmi. Epi tikras pa tikras, ou kòmanse renmen moun nan pou sa w konnen sou li e ou kòmanse gen yon seri santiman ou pa t janm genyen anvan sa.” — Judith.

Lanmou baze sou bonjan konesans ou genyen sou yon moun, sa vle di pwen fò l ak pwen fèb li. Se sa k fè nou pa sezi lefètke Labib pale de lanmou kòm plis pase yon santiman. Li di lanmou “gen pasyans ak byenveyans. [...] Li sipòte tout bagay, li kwè tout bagay, li espere tout bagay, li andire tout bagay. Lanmou pa janm fayi”. (1 Korentyen 13:4, 7, 8.) E sa yo se sèlman kèk nan bagay Labib di sou lanmou. Lanmou fè yon moun aji selon sa l konnen sou lòt moun nan, li pa aji san konprann oswa je fèmen.

Yon egzanp lanmou toutbon

Istwa nou jwenn nan Bib la konsènan Jakòb ak Rachèl se yon istwa ki montre sa lanmou toutbon an ye yon fason ki vivan. Mesyedam yo te rankontre bò yon pi kote Rachèl te vin pran dlo pou mouton papa l yo. Rachèl te atire Jakòb tousuit. Sa k fè sa? Youn nan rezon yo sèke, Rachèl te “gen bèl fòm kò, li te bèl anpil”. — Jenèz 29:17, Bib la.

Men, sonje lanmou toutbon an pa sèlman baze sou aparans. Jakòb te wè Rachèl gen bèl kalite anplis bèl li te bèl la. Anfèt, Labib fè konnen sa pa t pran lontan anvan Jakòb te “tonbe damou pou Rachèl”. — Jenèz 29:18.

Èske istwa damou sa a te tou fini la? Now, te vin gen lòt bagay ankò ki te pase. Papa Rachèl te fè Jakòb tann setan anvan Jakòb marye ak Rachèl. Kit sa bon kit sa pa bon, gen bagay ki te pase ki te mete lanmou Jakòb aleprèv. Si se te yon senp santiman Jakòb te genyen, Jakòb pa t ap fè tout tan sa a ap travay pou Rachèl. Se sèl lanmou toutbon an k ap rete malgre tan pase. Donk, ki sa k te pase? Bib la di: “Jakòb te travay pandan setan pou Rachèl. Men, pou li, se te tankou kèk jou sèlman paske li te renmen Rachèl.” — Jenèz 29:20.

Ki sa nou ka aprann nan istwa Jakòb ak Rachèl la? Lanmou rete malgre tan ki pase. Epitou, li pa baze sèlman sou aparans. Anfèt, moun w ap marye avè l la gendwa pa yon moun ki atiran premye fwa w wè l. Pa egzanp, Barbara te rankontre yon jèn gason ki pa t atire l okòmansman. Li di: “Men, lè m te kòmanse konnen Stephen pi byen, mwen te wè li se yon moun ki gen sousi pou lòt moun e ki toujou mete enterè lòt moun anvan pa l. Se yon seri kalite mwen konnen yon moun bezwen pou l yon bon mari. Li te vin atire m e mwen te kòmanse renmen l.” Yo te vin marye e maryaj yo byen solid.

Si w gen laj pou w marye, ki jan w ka fè konnen si w jwenn lanmou toutbon an? Pa suiv kè w, men suiv konsyans ou ki baze sou Bib la. Aprann konnen kiyès moun nan ye toutbon. Bay relasyon an tan pou l vin djanm. Sonje yon senp santiman la pou yon ti tan. Men, tank tan ap pase vrè lanmou an vin pi djanm, e “li se yon chenn ki ini moun yon fason ki san fay”. — Kolosyen 3:14.

Ou mèt gen asirans ou ka jwenn lanmou toutbon an, si w aprann ale pi lwen pase senp atirans (sa w wè) ak senp santiman (sa w santi). Twa paj ki vin apre yo ap ede w fè sa.

LI PLIS BAGAY SOU SIJÈ SA A NAN VOLIM 2, CHAPIT 1 AK 3.

NAN LÒT CHAPIT LA

Ann sipoze ou jwenn vrè lanmou an. Ki jan w ap fè konnen si w pare pou w marye?

VÈSÈ KLE

“Okenn gwo dlo pa ka etenn lanmou, Ni okenn rivyè pa ka pote l ale.” — Chante Salomon an 8:7.

MEN YON IDE

Pou w rive wè si w byen konnen yon moun ki atire w, reponn kesyon ki nan fich aktivite ki nan Volim 2 a, nan paj 39 (pou medam yo) e nan paj 40 (pou mesye yo).

ÈSKE W TE KONNEN?

Jèn ki nan plede renmen epi kite san rezon, se kòmsi se “pratik” y ap fè pou yo divòse lè yo marye.

SA M KONTE FÈ

Men sa m konte fè pou ede m wè si sa m santi pou yon moun se yon senp santiman oswa si se lanmou ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

● Poukisa Bondye kreye lèzòm ak gwo santiman ki fè moun lòt sèks atire yo?

● Sa k fè anpil nan renmen moun fè pandan yo adolesan toujou kraze?

[Antrefilè nan paj 207]

“Lanmou ka reziste devan pwoblèm, alòske senp santiman gen tandans disparèt depi gen chanjman oswa pwoblèm. Sa pran anpil tan pou vrè lanmou an devlope.” — Daniella.

[Kare nan paj 209]

Fich aktivite

Ki sa ou menm ou t ap fè?

Michael ak Judy gen twa mwa depi y ap soti ansanm, e Judy fè konnen li “damou fou”. Michael toujou ap chouchoute Judy, li menm rive di l ki rad pou l mete e ak kiyès pou l fè zanmi. Li te konn trete l tankou yon prensès jiska semèn pase a. Michael bay Judy yon kalòt paske misye te “kenbe l” k ap pale ak yon lòt gason.

Misye di: “Judy konnen byen mwen vrèman pè pèdi l. Dayè, panse m panse yon lòt gason ta ka pran l nan men m sa fè m prèske fou! Mwen santi m mal poutèt mwen te bay Judy kalòt la. Men, mwen te fè sa paske mwen pa ka sipòte wè l k ap gade yon lòt gason. Epitou, mwen mande l padon!”

Manmzèl di: “Paran m di Mike ap eseye kontwole lavi m, men se jis paske li gen anpil prensip. Bon, li pa janm eseye fòse m fè anyen ki mal nan domèn seksyèl. Epi, lè l te ban m kalòt la, mwen pa t di paran m sa, dayè mwen t ap pale ak yon tigason vre. Epitou, lefètke Mike fè jalouzi pou mwen, pafwa sa fè m plezi. Antouka, li mande m padon e li pwomèt mwen li pap janm fè sa ankò.”

Sa w di: Èske w wè kèk siy ki montre gen yon bagay ki dwòl nan relasyon sa a? Si se wi, ki siy ou wè? ․․․․․

Ki sa Judy ta dwe fè? ․․․․․

Ki sa w t ap fè? ․․․․․

[Kare nan paj 210]

Fich aktivite

Ki sa ou menm ou t ap fè?

Sa fè de mwa depi Ethan ap soti ak Alyssa, e misye gentan wè Alyssa renmen fè diskisyon, sitou ak paran l. Anfèt, Alyssa toujou ap fè diskisyon ak paran l, e byen souvan se li ki genyen. Li fò nan sa, li kenbe sa l di a jiskaske paran l bouke epi yo ba l sa l vle a. Alyssa te fyè pou l fè Ethan konnen li fè paran l mache “ès ès”.

Misye di: “Alyssa toujou di sa l panse. Li pa soumèt devan pèsonn, menm devan paran l. Papa l yon ti jan annuiyan, e Alyssa gen rezon fache sou li. Men se pa rele sèlman Alyssa rele sou paran l. Lè l bezwen yon bagay nan men yo, li kriye, li fè grimas oswa li pran pòz bon timoun li.”

Manmzèl di: “Mwen pa pè pale dirèk ak kèlkeswa moun nan e m ap di w bagay la jan l ye a. Ethan, mennaj mwen an, konnen se konsa m ye. Li wè ki jan m aji ak paran m.”

Sa w di: Èske w wè kèk siy ki montre gen yon bagay ki dwòl nan relasyon sa a? Si se wi, ki siy ou wè? ․․․․․

Ki sa Ethan ta dwe fè? ․․․․․

Ki sa w t ap fè? ․․․․․

[Kare nan paj 211]

Fich aktivite

Èske se lanmou oswa èske se yon senp santiman?

Nan espas ki vid yo mete mo ki pou fè fraz la konplè. Mete mo lanmou an oswa ekspresyon senp santiman an.

1. “․․․․․ avèg e se konsa li vle ye. Li pa vle wè reyalite a.” — Calvin.

2. “Si m oblije chanje pèsonalite m lè m avèk yon fi ki atire m, se ․․․․․.” — Thomas.

3. “Yon bagay kapab deranje w lakay moun nan. Men si se ․․․․․ , ou toujou vle ret ak moun nan e w vle travay sou pwoblèm nan.” — Ryan.

4. “Lè se ․․․․․, sèl bagay ou remake se bagay ki sanble nou gen lakay nou.” — Claudia.

5. “Lè se ․․․․․, ou pa eseye kache ki moun ou ye.” — Eve.

6. “․․․․․ se yon fason pou w jwenn sa w vle a san w pa konsidere santiman lòt moun nan, petèt jis pou w gen yon mennaj.” — Allison.

7. “․․․․․ rekonèt fot ak defo ki lakay moun nan men li kapab viv avèk yo kanmenm.” — April.

8. “Lè se ․․․․․, ou pa konn sa k atire w lakay moun nan, ou jis santi w atire.” — David.

9. “Lè se ․․․․․, ou pa panse moun nan ka fè anyen ki mal.” — Chelsea.

10. “Lè se ․․․․․, ou pa wè moun ki pa menm sèks avè w menm jan an ankò, paske kounye a ou santi ou dwe fidèl.” — Daniel.

Repons: Senp santiman: 1, 2, 4, 6, 8, 9. Lanmou: 3, 5, 7, 10.

[Foto nan paj 206, 207]

Senp santiman an menm jan ak yon kay ki fèt ak sab, anvan w bat je w li pa la ankò.