Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Sa k fè l pa bon pou m bwè twòp alkòl?

Sa k fè l pa bon pou m bwè twòp alkòl?

CHAPIT 34

Sa k fè l pa bon pou m bwè twòp alkòl?

Ki jan w t ap reponn kesyon ki vin apre yo? Mete ti siy tcheke a ✔ bò kot repons ou chwazi a.

Èske gen jèn parèy ou ki bwè alkòl alòske yo pa gen laj pou sa oswa ki bwè twòp?

□ Wi □ Non

Èske jèn parèy ou konn fè presyon sou ou pou w bwè alkòl?

□ Wi □ Non

Èske sa rive w deja pou w bwè twòp alkòl?

□ Wi □ Non

KI LÈ yon moun bwè twòp? Gen kèk moun ki di se lè yon moun bwè jiskaske l sou. Gen yon enstiti ameriken (U.S. National Institute on Alcohol Abuse and Alcoholism) ki bay plis eklèsisman sou kesyon an. Nan yon rapò li te bay, li fè konnen yo detèmine ki lè yon moun bwè twòp, se lè “yon gason bwè 5 bwason ki gen alkòl youn dèyè lòt oswa plis e yon fi bwè 4 bwason ki gen alkòl youn dèyè lòt oswa plis.”

Si w konn anvi fè eksè nan bwè alkòl oswa bwè bwason ki gen alkòl malgre ou poko gen laj pou sa, konnen se pa ou menm sèl ki konsa. Gen anpil jèn ki tonbe nan bwè alkòl *. Men, mande tèt ou: ‘Èske m vrèman konnen rezon ki fè mwen vle bwè e ki efè alkòl ka genyen sou mwen?’ Pa egzanp, ki repons ou t ap bay pou kesyon ki annapre yo? Mete ti siy tcheke a ✔ nan kare ki mache ak repons ou a epi gade ki sa ki reyalite a.

a. Jèn yo bwè paske yo renmen gou alkòl.

□ Wi □ Non

b. Kòm yo jèn e yo gen bon sante, move efè alkòl gen sou granmoun li pa genyen l sou yo.

□ Wi □ Non

c. Ou pap mouri si w bwè twòp.

□ Wi □ Non

d. Labib pa dakò pou moun bwè alkòl ditou.

□ Wi □ Non

e. Si m bwè twòp, sèl move efè l ap genyen sèke mwen pap gen yon bon sante.

□ Wi □ Non

a. Jèn yo bwè paske yo renmen gou alkòl. Repons: Non. Nan yon sondaj yo te fè ann Ostrali sou alkòl, yo te jwenn gen 36 pousan jèn ki di premye rezon ki fè yo bwè a se pou yo fè menm jan ak lòt jèn lè yo nan fèt. Nan yon sondaj yo te fè Ozetazini, yo jwenn gen 66 pousan jèn ki di yo bwè paske lòt jèn fè presyon sou yo. Men, plis pase mwatye nan jèn yo fè konnen yo bwè pou yo ka bliye pwoblèm yo.

b. Kòm yo jèn e yo gen bon sante, move efè alkòl gen sou granmoun li pa genyen l sou yo. Repons: Non. Men sa nou li nan yon atik yon jounal ki rele Discover: “Selon dènye rechèch ki fèt yo, yo jwenn jèn ki bwè yo mete sante yo an danje.” Sa k fè sa? Atik la kontinye pou l di: “Lè jèn yo bwè anpil alkòl, sa kapab detwi yon bon pati nan kapasite mantal yo.”

Lè yo bwè alkòl anpil sa ka lakòz yo vin gen plis bouton, po yo ap plise anvan lè, y ap pran pwa, y ap vin esklav alkòl ak dwòg. Epitou li ka andomaje sistèm nè ki nan sèvo yo, fwa yo ak kè yo.

c. Ou pap mouri si w bwè twòp. Repons: Non. Gwo kantite alkòl anpeche sèvo a jwenn kantite oksijèn li bezwen pou l byen fonksyone, ògàn ki pou fè kò a rete vivan yo kapab kòmanse ap fonksyone an ralanti. Moun nan ka gen yon seri sentòm tankou vomisman, pèdi konesans, respirasyon l ka ralanti oswa li ka pa respire byen. Nan kèk ka li ka menm mouri.

d. Labib pa dakò pou moun bwè alkòl ditou. Repons: Non. Labib pa kondane pou moun bwè alkòl, nitou li pa kondane pou jèn pran plezi yo (Sòm 104:15; Eklezyas 10:19). Natirèlman, si peyi kote w ap viv la bay a ki laj yon jèn ka kòmanse bwè alkòl, ou dwe ret tann ou gen laj la pou w bwè bwason ki gen alkòl. — Women 13:1.

Men, Labib avèti nou sou kesyon bwè twòp la. Pwovèb 20 vèsè 1 di: “Diven fè yon moun aji yon fason ki dwòl, bwason ki gen alkòl fè yon moun aji san kontwòl. Moun ki kite yo fè yo pèdi wout yo pa gen sajès.” Alkòl ka fè w aji yon fason ki dwòl. Se vre ou ka santi w byen pandan yon tan, men si w bwè twòp, l ap “mòde tankou yon sèpan”, sa vle di l ap kite w ak anpil pwoblèm. — Pwovèb 23:32.

e. Si m bwè twòp, sèl move efè l ap genyen sèke mwen pap gen yon bon sante. Repons: Non. Si w vin sou, ou nan yon sitiyasyon kote li pi fasil pou moun atake w e yo ka menm vyole w. Anmenmtan tou, ou ka vin yon danje pou lòt moun, paske w ap aji yon fason ki pa nòmal. Labib fè konnen si w bwè twòp, “ou pap kapab reflechi oswa pale klè”. (Pwovèb 23:33, Today’s English Version.) An gwo, w ap vin pase pou yon moun ki sòt. Lòt konsekans ki genyen lè w bwè twòp sèke sa ka kraze amitye w ak lòt moun, ou pap ka travay byen lekòl oswa nan travay, ou ka vin annafè ak lapolis e w ka vin pòv. — Pwovèb 23:21.

Sa k pi enpòtan an, gade ki efè sa ka genyen sou relasyon w ak Bondye. Jewova vle w sèvi l “ak tout lespri” w, li pa vle w sèvi l ak yon sèvo alkòl domaje (Matye 22:37). Pawòl Bondye a kondane ni lè w “bwè twòp bwason ki gen alkòl” poukont ou, ni lè w fè “gagòt bwason”, sa vle di lè moun ap fè konpetisyon pou wè kiyès k ap bwè plis bwason ki gen alkòl (1 Pyè 4:3). Donk, lè w bwè twòp bwason ki gen alkòl sa pa ann amoni ak volonte Sila ki kreye w la e sa ap anpeche w gen yon relasyon sere sere avè l.

Ki desizyon w ap pran?

Èske w ap annik fè menm bagay ak lòt jèn ki tonbe nan bwè bwason ki gen alkòl? Labib di: “Èske nou pa konnen si nou kontinye prezante tèt nou bay yon moun kòm esklav pou nou obeyi l, nou se esklav moun sa a paske nou obeyi l.” (Women 6:16). Èske w vrèman vle vin esklav jèn parèy ou yo oswa vin esklav alkòl?

Men e si w deja tonbe nan bwè twòp? Pale ak paran w oswa yon zanmi ki gen matirite tousuit pou w jwenn èd. Priye Jewova, e sipliye l pou l ede w. Dayè, “nou ka jwenn èd li byen fasil nan moman difisil yo”. (Sòm 46:1.) Etandone, byen souvan se presyon lòt jèn fè sou yon jèn ki konn fè l bwè twòp oswa bwè menm lè li pa gen laj pou sa, petèt ou ka bezwen fè gwo chanjman nan kalite moun ki zanmi w *. Li pap fasil pou w fè chanjman sa yo, men Jewova ap ede w reyisi.

NAN LÒT CHAPIT LA

Gade pou w wè ki jan ou ka rive libere tèt ou si w esklav dwòg.

[Nòt anba paj]

^ § 11 Gade kare ki gen tit “ Ki moun ki fè sa?” ki nan paj 249.

^ § 32 Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 8 ak 9 nan liv sa a ansanm ak chapit 15, Volim 2 a.

VÈSÈ KLE

“Bwasonyè [...] se ranyon y ap met sou yo.” — Pwovèb 23:21.

MEN YON IDE

Idantifye rezon ki fè w anvi bwè bwason ki gen alkòl. Epi eseye reflechi sou lòt fason, ki pap nui sante w, ou ka pwofite lavi w oswa kalme tèt ou.

ÈSKE W TE KONNEN?

Selon yon etid yo te fè Ozetazini, yo wè “moun ki bwè twòp bwason ki gen alkòl souvan yo gen uit fwa plis chans pou yo rate kou lekòl, pa rive fè tout devwa yo, blese oswa fè tèt yo mal, epi andomaje kay oswa bilding”.

SA M KONTE FÈ

Men sa m ap di zanmi m yo si yo vle pou m bwè twòp alkòl ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

● Poukisa zanmi w yo vle pou gen lòt moun ki bwè alkòl avè yo?

● Èske w panse lè w bwè bwason ki gen twòp alkòl, sa ap fè moun ki pa gen menm sèks avè w renmen w? Poukisa se konsa w santi w?

[Antrefilè nan paj 250]

“Lè elèv yo nan lekòl la ofri m alkòl, mwen di yo mwen pa bezwen bwè pou m pran plezi m.” — Mark.

[Kare nan paj 249]

 Ki moun ki fè sa?

Selon yon etid yo te fè nan lekòl segondè ann Angletè, ann Ekòs ak peyi Gal, sou chak kat timoun ki gen ant 13 e 14 an, gen youn ki “fè konnen li te bwè omwen senk bwason ki gen alkòl youn dèyè lòt”. Anviwon mwatye nan timoun ki gen ant 15 e 16 an yo te fè menm bagay la. Selon yon etid ki te fèt Ozetazini (U.S. Department of Health and Human Services), “gen anviwon 10,4 milyon ki gen ant 12 e 20 an ki konn bwè alkòl. Pami jèn sa yo, gen 5,1 milyon ki bwè twòp e pami yo gen 2,3 milyon ki bwè pou sou omwen senk fwa nan yon mwa”. Gen yon etid ki fèt ann Ostrali ki fè konnen gen plis fi pase gason nan peyi sa a ki bwè twòp bwason ki gen alkòl, yo bwè ant 13 e 30 bwason ki gen alkòl youn dèyè lòt!

[Foto nan paj 251]

Alkòl ka mòde tankou yon sèpan.