Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki jan m ka rive libere anba dwòg?

Ki jan m ka rive libere anba dwòg?

CHAPIT 35

Ki jan m ka rive libere anba dwòg?

ÈSKE W esklav dwòg? Petèt ou konnen sa ka gen domaj sou sèvo w ak kò w. Petèt menm ou te deja eseye kite pran dwòg men ou tonbe ladan l ankò. Si sa rive w, pa dekouraje. Gen lòt moun ki te esklav dwòg ki rive libere tèt yo anba l, ou ka rive tou! Pa egzanp, ann konsidere sa twa moun di ki te ede yo sispann pran dwòg.

NON Marta

VI M TE KONN MENNEN Manman m pa t marye lè l te fè m, se sa k fè mwen menm ak sè m nan grandi san papa. Lè m te gen anviwon 12 an, mwen te kòmanse al nan bal ak yon matant mwen ki te renmen danse. Mwen pa t timid ditou e sa pa t pran tan pou m te vin zanmi ak yon seri moun ki pa t gen bon konduit. Mwen te kòmanse pran dwòg lè m te gen 13 an. E m te kòmanse pran kokayin tou. Okòmansman, mwen te byen renmen pran dwòg. Men, apre yon ti tan, dwòg la te kòmanse wè yon seri bagay ki pa reyèl e mwen te vin pè tout bagay. E lè efè dwòg la pase, mwen te konn anvi touye tèt mwen. Mwen te vle kite pran dwòg men mwen pa t gen fòs pou sa.

FASON M TE RIVE LIBERE Mwen te kòmanse panse ak Bondye, e mwen te menm al legliz kèk fwa. Men, mwen te konn santi m pi dekouraje. Lè m te gen 18 an, mwen t al plase ak mennaj mwen e mwen te vin gen yon pitit gason. Lefètke mwen te vin gen pitit, sa te plis fè m anvi chanje fason m ap viv. Gen yon ansyen zanmi fi ki te vin ret anfas lakay la. Li te vin wè m e lè l te mande m kòman m ye mwen te vide kè m ba li. Li di m li se Temwen Jewova kounye a e li te ofri m pou l etidye Labib avè m. Mwen te dakò.

Mwen te vin aprann fason m ap viv la pa fè Bondye plezi e mwen te dwe sispann pran dwòg epi sispann fimen. Men, li pa t fasil pou m sispann pran dwòg. Mwen te sipliye Jewova plizyè fwa pa jou pou l ede m kite move abitid mwen te genyen yo. Mwen te vle fè l plezi (Pwovèb 27:11). Apre sis mwa mwen te fè ap etidye Labib epi al nan reyinyon Temwen Jewova yo fè yo, mwen te rive sispann pran dwòg. Kounye a, lavi m gen plis sans. Mwen pa deprime tout tan ankò. Mwen te vin rankontre yon bon frè e nou te vin marye. Mwen te leve pitit gason m nan selon prensip ki nan Bib la. Mwen vrèman gen Jewova rekonesans paske li te koute priyè m yo e li te ede m!

NON Marcio

VI M TE KONN MENNEN Mwen grandi nan zòn andeyò vil Santo Andre, yon vil ki te chaje moun nan eta Sawo Polo nan peyi Brezil. Depi m te toupiti, mwen te kòmanse pran tabak, dwòg e mwen te konn vòlè. Anpil nan zanmi m yo te konn vòlè machin e yo te fè trafik dwòg. Gen youn ladan yo ki te konn bay timoun yo nan zòn nan dwòg gratis. E kou timoun yo vin esklav dwòg, yo te konn oblije achte dwòg nan men misye.

Lapolis te toujou ap fè patwouy nan zòn nan, e yo te arete m plizyè fwa pou kèk ti bagay ki pa twò grav e yon fwa, yo te arete m paske yo te sispèk mwen fè trafik dwòg. Plizyè fwa mwen te sere zam ak bagay gang te vòlè lakay mwen.

Moun te pè m. Je m te wouj. Mwen pa t janm souri. Anfèt, mwen te bay min yon asasen. Yo te ban m yon ti non jwèt ki vle di tifon (gwo siklòn) paske tout kote m te konn pase, mwen te bay pwoblèm. Mwen te konn bwè anpil e mwen t ap mennen yon vi ki imoral. Anpil nan zanmi m yo swa mouri swa nan prizon. Mwen te tèlman dekouraje, mwen te mare yon kòd nan branch yon pyebwa pou m pann tèt mwen.

FASON M TE RIVE LIBERE Mwen te priye Bondye pou l ede m. Epi, mwen te vin rankontre Temwen Jewova yo e mwen te kòmanse etidye Labib. Mwen te aprann Bondye gen yon non, li rele Jewova, li gen sousi pou nou e li ede moun ki fè gwo efò pou yo suiv prensip li yo (Sòm 83:18; 1 Pyè 5:6, 7). Mwen te gen anpil chanjman pou m fè. Youn nan chanjman ki te pi difisil pou mwen se te aprann souri.

Mwen te toujou ap mande Jewova ede m, e mwen te fè sa Bib la di. Pa egzanp, mwen te sispann byen ak ansyen “zanmi m” yo e mwen te evite ale kote moun ap bwè oswa pran dwòg. Mwen te pito byen ak moun ki t ap suiv prensip ki nan Bib la. Sa te difisil, men, mwen pa yon vòlè ankò e mwen te sispann lakòz pwoblèm. E sa gen plis pase dizan kounye a depi mwen pa pran dwòg ankò.

NON Craig

VI M TE KONN MENNEN Mwen te grandi nan yon fèm nan sid peyi Ostrali. Papa m te yon tafyatè, e li menm ak manman m te separe lè m te gen uit an. Manman m te vin marye ak yon lòt moun, e mwen te rete avèk yo jis mwen te gen 17 an. Ane ki te fè m 17 an an, mwen te aprann tonn mouton e mwen te kòmanse travay ak mesye ki te tonn mouton e ki te konn deplase toupatou nan peyi a pou yo jwenn travay. Mwen te kòmanse pran plizyè kalite dwòg e mwen te konn bwè anpil. Mwen te kite cheve m vin long, mwen te trese yo e mwen te mete madyòk ladan yo. Mwen te vin yon moun ki jalou, ki mal boule ak moun e mwen te vin gen yon vye tanperaman. Yo te mete m nan prizon plizyè fwa.

Mwen te deplase al viv nan yon ti vil nan lwès Ostrali e mwen te plase ak mennaj mwen an, ki t ap travay nan yon otèl kòm moun k ap sèvi bwason. Nou toude te konn fimen, nou te konn bwè e nou te fè pwòp jaden mariwana nou.

FASON M TE RIVE LIBERE Nou te fèk fin rekòlte mariwana lè Temwen Jewova yo te vin frape nan pòt vye kay kote nou te ye a. Mwen pa t sèlman aksepte sa yo te di yo, men, avèk letan mwen te konvenk tèt mwen sa Bib la di yo se laverite. Tikras pa tikras, mwen te rive fè fas ak chak pwoblèm mwen te genyen yo.

Mwen te vin aprann byen vit fò m sispann fimen mariwana. Ki sa sa t ap mande pou m fè? Bon, mwen te fè anpil efò pou m rive gen jaden mariwana a, donk, mwen te panse bay li. Men, mwen te vin rann mwen kont se pa t yon bon ide e mwen te detwi jaden an pito. Lapriyè te ede m anpil nan lit mwen t ap mennen pou m sispann pran dwòg e pou m sispann bwè twòp la. Mwen te mande Bondye pou l ban m lespri l pou l ede m lite e pou m reyisi. Epitou, mwen te sispann byen ak moun ki te konn ankouraje m nan move abitid mwen yo. Plis mwen t ap aprann prensip ki nan Bib la e plis mwen t ap aplike yo, se plis mwen te vin gen konfyans ki te nesesè pou m rive konbat defo mwen te genyen yo. Mennaj mwen an t ap etidye Labib tou, e li te chanje ni abitid li te genyen ni fason l te konn viv. Nou te vin marye. Sa fè 21 an kounye a depi n ap viv an sante, e nou te byen kontan leve de pitit. Mwen tranble chak fwa mwen panse ak fason lavi m t ap ye si Jewova pa t ede m chanje fason m t ap viv la.

VÈSÈ KLE

“Jewova, se fòs mwen, li se pisans mwen.” — Ezayi 12:2.

MEN YON IDE

Si sa posib, evite ni moun ni kote ni bagay ki ka fè w sonje lè w te konn pran dwòg. Rechèch ki fèt yo montre, annik wè bagay sa yo oswa moun sa yo ka fè w vin anvi pran dwòg ankò.

ÈSKE W TE KONNEN?

Lè w pran dwòg sa ka chanje fason sèvo w fèt, sa ki ka fè l pa byen fonksyone.

SA M KONTE FÈ

Men sa m ap fè si m ta tonbe nan pran dwòg ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

● Ki sa yon moun ka bezwen si l vle fè gwo chanjman nan lavi l pou l ka sispann esklav dwòg?

● Ki jan lè w aprann konn laverite sou Bondye sa ka ede w?

[Antrefilè nan paj 253]

“Lefètke mwen suiv prensip wo nivo ki nan Bib la, kounye a mwen gen kè kontan e lavi m gen sans.” — Marta.

[Foto nan paj 256]

Lè w rive libere anba dwòg se kòmsi w te rive chape kite yon kay k ap boule, w ap kite kèk bagay dèyè, men w ap sove lavi w