Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske mwen esklav aparèy elektwonik?

Èske mwen esklav aparèy elektwonik?

CHAPIT 36

Èske mwen esklav aparèy elektwonik?

“Mwen vrèman renmen voye mesaj tèks! M panse se pi bèl bagay ki genyen. Yon moun ka di voye mesaj kontwole lavi m.” — Alan.

LÈ PARAN W te adolesan, se sitou radyo ak televizyon ki te egziste. Nan epòk sa a, telefòn te la sèlman pou fè apèl e li te konekte nan yon priz nan yon mi. Sa sanble yon bagay ki vrèman demode, pa vre? Gen yon jèn fi ki rele Anna ki dakò ak sa, li di: “Nan epòk paran m t ap grandi, teknoloji a pa t avanse jan l ye kounye a. Se kounye a yo resi ap aprann sèvi ak kèk opsyon ki gen nan selilè yo genyen yo.”

Jounen jodi a, avèk yon sèl aparèy ki ka antre nan pòch ou, ou ka: fè apèl, tande mizik, gade videyo, jwe, voye imel, fè foto epi al sou Entènèt. Lefètke depi w tou piti ou konn sèvi ak òdinatè, telefòn selilè, televizyon ak Entènèt, ou ka pa wè ki pwoblèm ki genyen pou w sèvi ak bagay sa yo toutan. Men, paran w ka santi ou esklav bagay sa yo. Si yo fè w konn sa, pa voye sa yo di w la jete paske w panse yo pa konn reyalite a. Men sa wa Salomon te di: “Yon moun ki kouri reponn anvan l tande sa yo di a, sa l fè a se bagay moun sòt.” — Pwovèb 18:13.

Siman w ap mande tèt ou poukisa paran w ap enkyete yo. Reponn kesyon ki pi ba yo pou w ka wè si w pa kòmanse esklav kèk aparèy elektwonik.

Egzamine tèt ou: ‘Èske m esklav?’

Gen yon ansiklopedi ki fè konnen yon moun esklav yon bagay lè “li fè bagay la toutan avèk eksè e li pa vle oswa li pa kapab sispann fè l malgre l konnen move konsekans sa ka genyen”. Annou egzamine chak pati nan definisyon sa a. Li sitasyon yo, epi gade si w te di oswa fè yon bagay menm jan an. Epi bay repons pa w.

Fè yon bagay avèk eksè. “Mwen konn pase plizyè èdtan ap jwe jwèt elektwonik. Yo anpeche m dòmi e lè m ak lòt moun se sou sa sèlman mwen vle pale. Lè m lakay mwen, m rete apa e lespri m toujou sou jwèt m te jwe yo.” — Andrew.

Dapre ou menm, konbyen tan ki rezonab pou yon moun pase chak jou ap sèvi ak aparèy elektwonik? ․․․․․

Konbyen tan paran w panse ou ta dwe pase ladan yo? ․․․․․

Konbyen tan antou ou pase chak jou ap voye mesaj tèks, ap gade tele, jwe jwèt videyo mete foto sou Entènèt epi fè kòmantè, eksetera ․․․․․

Lè w fin gade repons ou bay yo, èske w t ap di ou fè eksè nan fason w sèvi ak aparèy elektwonik?

□ Wi □ Non

Pa vle oswa pa kapab sispann. “Paran m toujou wè m ap voye mesaj tèks e yo di m mwen fè sa twòp. Men, lòt timoun yo voye plis mesaj tèks lontan pase m. Bon, se vre m voye plis mesaj tèks pase paran m. Men, nou pa ka konpare mwen menm ak paran m, mwen gen 15 an e yo gen 40 an!” — Alan.

Èske paran w oswa zanmi w di w ou pase twòp tan ap sèvi ak yon aparèy elektwonik?

□ Wi □ Non

Èske w pa kapab limite kantite tan w ap fè ap sèvi ak yon aparèy elektwonik oswa èske w pa vle fè sa?

□ Wi □ Non

Move konsekans. “Zanmi m yo toujou ap tèks, menm lè y ap kondui. Sa vrèman danjere!” — Julie.

“Lè m te fèk gen telefòn selilè, mwen te toujou ap rele yon moun oswa tèks yon moun. Se sèlman sa m te konn fè. Sa te gen efè sou relasyon m ak fanmi m e menm ak kèk nan zanmi m yo. Kounye a, m rann mwen kont, lè m ak zanmi m yo epi n ap pale, yo toujou ap kanpe konvèsasyon an epi y ap di: ‘Fè yon ti tann, fò m reponn mesaj sa a.’ Se youn nan rezon ki fè m pa twò pwòch zanmi sa yo.” — Shirley.

Èske sa konn rive pou w ap li mesaj oswa voye mesaj pandan w ap kondui, lè w nan klas oswa lè w nan reyinyon?

□ Wi □ Non

Lè w ap pale ak moun nan fanmi w oswa ak zanmi w, èske w toujou ap kanpe konvèsasyon an pou w reponn apèl, voye imel oswa mesaj?

□ Wi □ Non

Èske aparèy elektwonik pran nan kantite tan w dwe dòmi oswa li anpeche w etidye?

□ Wi □ Non

Èske w wè ou bezwen fè kèk chanjman? Si se wi, gade pwen yo bay pi ba yo.

Fason pou w jwenn ekilib la

Si w sèvi ak kèk aparèy elektwonik, tankou òdinatè, telefòn selilè oswa lòt aparèy, poze tèt ou kat kesyon ki pi ba yo. Lè w suiv konsèy ki baze sou Bib la e w suiv kèk sijesyon senp ki pi ba yo, sa ap ede w byen sèvi ak aparèy elektwonik.

Mesaj la. “Mete lide nou sou bagay ki bon, ki merite lwanj: bagay ki vre, ki kòrèk, ki dwat, ki bèl, ki pap fè nou wont.” — Filipyen 4:8, Bib la.

✔ Se pou w kenbe kontak ak zanmi ak fanmi, epi pataje nouvèl ak panse ki ka ankouraje yo. — Pwovèb 25:25; Efezyen 4:29.

X Pa gaye tripotay, pa voye mesaj oswa foto ki imoral, oswa pa gade videyo oswa pwogram ki imoral. — Kolosyen 3:5; 1 Pyè 4:15.

Ki lè pou m sèvi avè l? “Gen yon lè pou tout bagay.” — Eklezyas 3:1.

✔ Se pou w fikse limit sou kantite tan w ap pase ap fè apèl e resevwa apèl, voye e resevwa mesaj tèks, gade videyo oswa jwe jwèt.

X Pa kite kantite tan ou pase ap sèvi ak aparèy elektwonik pran sou tan ou te gen pou w pase ak zanmi w, fanmi w, oswa tan ou te gen pou w etidye oswa fè aktivite ou genyen antanke kretyen. — Efezyen 5:15-17; Filipyen 2:4.

Kiyès ki zanmi m? “Pinga nou twonpe tèt nou. Move frekantasyon fè moun pèdi bon abitid yo genyen.” — 1 Korentyen 15:33.

✔ Se pou w sèvi ak aparèy elektwonik yo pou w vin pi pwòch moun k ap ankouraje w vin gen bon abitid. — Pwovèb 22:17.

X Pa twonpe tèt ou, w ap vin gen menm prensip, menm langaj, menm panse ak moun ou chwazi pase tan avè yo kit se nan voye imel, voye tèks, nan gad televizyon oswa videyo, oswa navige sou Entènèt. — Pwovèb 13:20.

Ki kantite tan mwen pase? “Rekonèt bagay ki pi enpòtan yo.” — Filipyen 1:10.

✔ Se pou w note kantite tan ou pase ap sèvi ak aparèy elektwonik.

X Pa minimize kòmantè zanmi w fè oswa konsèy paran w ba ou konsènan kantite tan ou pase ap sèvi ak aparèy elektwonik, sa vle di si yo di w ou pase twòp tan ladan yo. — Pwovèb 26:12.

Pandan n ap pale sou kesyon byen sèvi ak aparèy elektwonik yo, men sa Andrew, nou te pale de li pi wo a, di: “Aparèy elektwonik yo enteresan, men se sèlman lè w pa pase twòp tan ladan yo. Mwen te vin aprann pou m pa kite teknoloji separe m ak fanmi m e ak zanmi m.”

LI PLIS BAGAY SOU SIJÈ SA A NAN VOLIM 2, CHAPIT 30.

NAN LÒT CHAPIT LA

Ki jan w ka konvenk paran w pou yo kite w pran ti detant ou?

VÈSÈ KLE

“Pinga w konte sou sajès ou genyen, gen lakrentif pou Jewova e vire do bay sa ki mal.” — Pwovèb 3:7.

MEN YON IDE

Pou w byen itilize tan w nan fason w sèvi ak telefòn, fè zanmi w yo konnen gen moman ou pap ka pran apèl, ou pap ka reponn mesaj tèks oswa imel.

ÈSKE W TE KONNEN?

Nenpòt moun k ap gen pou l ba w travay, oswa nenpòt lòt moun, ap toujou kapab wè kèlkeswa foto w oswa kòmantè ou fè sou Entènèt menmsi gen plizyè ane ki pase depi ou te mete bagay sa yo.

SA M KONTE FÈ

Si m vin gen difikilte pou m kontwole fason m sèvi ak ․․․․․, m pran detèminasyon pou m pase sèlman ․․․․․, chak semèn ap sèvi ak aparèy sa a.

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

● Ki sa k ka fè l difisil pou w rann ou kont ou esklav yon aparèy elektwonik?

● Ki sa k ka pase si w pa rive kontwole fason w sèvi ak aparèy elektwonik?

[Antrefilè nan paj 262]

“Gen plizyè bagay ki ede m sispann esklav televizyon. Mwen te fòse tèt mwen limite kantite tan mwen pase ap gade l. Mwen te toujou ap pale ak manman m sou pwoblèm nan e mwen te priye anpil tou.” — Kathleen.

[Foto nan paj 263]

Èske se ou ki gen kontwòl aparèy elektwonik yo oswa se yo ki gen kontwòl ou?