Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa Bondye vle?

Ki sa Bondye vle?

Bondye vle pou n viv anpè ak kè kontan nan yon paradi sou tè a pou toutan!

Petèt ou ka di tèt ou: Men ‘ki jan sa pral rive fèt?’ Bib la di se Wayòm Bondye a ki pral fè sa posib e se volonte Bondye pou tout moun aprann konnen Wayòm li an ak objektif Li gen pou nou. — Sòm 37:11, 29; Ezayi 9:7.

Bondye vle byen pou nou.

Menm jan ak yon bon papa ki vle sa ki pi bon pou pitit li, Papa nou ki nan syèl la vle pou n gen kè kontan pou toutan (Ezayi 48:17, 18). Li pwomèt tout ‘moun ki fè volonte l ap rete pou toutan’ sou tè a. — 1 Jan 2:17.

Bondye vle nou mache nan wout li yo.

Bib la di Kreyatè nou an vle “fè nou konnen wout li yo” yon fason pou nou ka “mache nan chemen l yo”. (Ezayi 2:2, 3.) Jewova òganize “yon pèp pou non l”, pou l ka fè moun toupatou sou tè a konnen volonte l. — Travay 15:14.

Bondye vle nou ini nan adorasyon n ap ba li a.

Olye pou adorasyon ki pwòp n ap bay Jewova a fè n divize, li ini nou e l fè n gen vrè lanmou an youn pou lòt (Jan 13:35). Jodi a, kiyès k ap anseye gason kou fi, toupatou sou tè a, fason pou yo sèvi Bondye nan tèt ansanm? W ap jwenn repons kesyon sa a nan bwochi sa a.