Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 1

Ki kalite moun Temwen Jewova yo ye?

Ki kalite moun Temwen Jewova yo ye?

Dànmak

Taywann

Venezyela

End

Konbyen Temwen Jewova ou konnen? Kèk nan nou ka vwazen w, kòlèg travay ou, kamarad lekòl ou, oswa n ka konn pale avè w sou Labib. Men, ki kalite moun nou ye toutbon e poukisa n ap fè moun konnen nan ki sa n kwè?

Nou se moun tankou tout moun. Nou soti nan divès ras ak tout kalite kouch sosyal. Gen kèk nan nou ki te nan yon lòt relijyon e gen lòt ki pa t kwè nan Bondye. Sepandan, anvan nou te vin Temwen Jewova, nou tout te pran tan pou n byen egzamine ansèyman ki nan Bib la (Travay 17:11). Nou dakò ak sa n aprann yo, e konsa, nou chwazi adore Jewova Dye.

Nou jwenn byenfè lefètke n etidye Labib. Menm jan ak tout lòt moun, n ap fè fas ak tout kalite pwoblèm e n gen pwòp feblès pa nou. Men, lefètke n fè efò pou n aplike prensip ki nan Bib la nan lavi nou chak jou, nou vin gen gwo amelyorasyon nan kalite lavi n ap mennen (Sòm 128:1, 2). Sa se youn nan rezon ki fè n ap fè lòt moun konnen bon bagay nou aprann nan Bib la.

Nou viv ann amoni ak prensip Bondye yo. Prensip sa yo, jan Bondye anseye yo nan Bib la, ankouraje n viv byen ak lòt moun epi demontre respè anvè yo. Pami prensip sa yo gen onètete ak bonte. Prensip sa yo ede n vin moun ki djanm, ki itil sosyete n ap viv la e yo ankouraje fanmi n viv nan inite e pou yo gen bon prensip moral. Piske n kwè “Bondye pa gen patipri”, nou vin fòme yon fanmi entènasyonal frè ak sè kote pa gen pwoblèm ras ak pwoblèm politik ki divize nou. Menmsi pèsonèlman, nou se moun tankou tout moun, nou se yon pèp ki pa gen parèy. — Travay 4:13; 10:34, 35.

  • Ki sa k fè Temwen Jewova yo se moun tankou tout moun?

  • Ki prensip Temwen Jewova yo aprann grasa etid yo fè nan Bib la?