Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 4

Poukisa nou fè Tradiksyon monn nouvo a?

Poukisa nou fè Tradiksyon monn nouvo a?

Kongo (Kinchasa)

Wannda

Yon pati nan woulo Simakis la ki gen non Bondye ladan l nan Sòm 69:31, li la depi twazyèm oubyen katriyèm syèk epòk nou an.

Pandan plizyè dizèn ane, Temwen Jewova yo te sèvi ak divès tradiksyon Labib, yo te enprime yo e yo te distribye yo. Men, nou te vin wè l nesesè pou n fè yon nouvo tradiksyon Labib ki t ap ede tout moun yo vin gen “konesans egzak sou laverite”, jan Bondye vle sa (1 Timote 2:3, 4). Konsa, an 1950, nou te kòmanse pibliye kèk pati nan Tradiksyon monn nouvo a nan yon langaj ki fasil pou moun konprann jodi a. Tradiksyon sa a fidèl, li egzak e li nan plis pase 130 lang.

Nou te bezwen yon tradiksyon Labib ki fasil pou moun konprann. Rive yon lè, fason yon moun pale yon lang konn chanje, epi gen anpil tradiksyon Labib ki itilize ekspresyon ki pa klè oswa ki pa alamòd e ki difisil pou moun konprann. Anplis de sa, yo vin dekouvri kèk ansyen maniskri ki pi egzak, ki pi ann amoni ak tèks orijinal la ki ede moun pi byen konprann lang yo te itilize pou ekri Bib la, anpalan de lang ebre, arameyen ak grèk.

Nou te bezwen yon tradiksyon Labib ki fidèl ak Pawòl Bondye a. Olye tradiktè Labib yo chanje Pawòl Bondye te fè ekri a lè y ap tradui l, yo dwe fidèl ak tèks orijinal la pito. Men, nan pifò tradiksyon Labib, yo pa itilize non Bondye ki se Jewova nan Ekriti sakre yo.

Nou te bezwen yon tradiksyon Labib ki ede moun rekonèt Sila a ki te fè ekri Bib la. (2 Samyèl 23:2). Nan Tradiksyon monn nouvo a, nou remete non Jewova tout kote l parèt nan anviwon 7 000 fwa nan maniskri Labib ki pi ansyen yo jan n ka wè sa nan foto ki pi ba a (Sòm 83:18). Apre tradiktè yo fin pase plizyè ane ap fè bonjan rechèch, yo fè yon tradiksyon Labib moun renmen li paske panse Bondye yo parèt byen klè ladan l. Kit ou gen Tradiksyon monn nouvo a nan lang pa w, kit ou pa genyen l, nou ankouraje w pran bon abitid li Pawòl Jewova a chak jou. — Jozye 1:8; Sòm 1:2, 3.

  • Poukisa n te vin wè l nesesè pou n gen yon nouvo tradiksyon Labib?

  • Ki bon abitid yon moun ki ta renmen konn volonte Bondye ta dwe pran?