Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 6

Ki byenfè nou jwenn lè nou reyini ak kretyen parèy nou?

Ki byenfè nou jwenn lè nou reyini ak kretyen parèy nou?

Madagaska

Nòvèj

Liban

Itali

Menmsi n oblije travèse gwo forè, oswa n oblije mache anpil nan move wout, e menmsi n oblije fè fas ak klima ki difisil, nou asiste reyinyon regilyèman. Malgre tout pwoblèm ki gen nan lavi a e malgre fatig ki gen apre yon jounen travay, poukisa Temwen Jewova yo fè tout efò sa a pou yo reyini ansanm ak kwayan parèy yo?

Nou santi nou byen. Men sa apot Pòl te ekri konsènan moun ki reyini ansanm avè n nan kongregasyon an: “Annou voye je youn sou lòt.” (Ebre 10:24). Ekspresyon sa a siyifi “panse anpil ak” yon moun, sa vle di pou youn aprann konn lòt. Donk, apot la te ankouraje nou pou n enterese ak lòt moun nan kongregasyon an. Lè n chèche konn lòt fanmi ki kretyen, nou rann nou kont gen kèk nan yo ki te venk gwo obstak ki sanble ak obstak n ap rankontre yo e yo ka ede n venk obstak nou yo tou.

Nou jwenn bon zanmi. Nan reyinyon yo, nou reyini ansanm, nou pa fè sa tankou nou annik konn youn lòt, men, nou tankou bon zanmi. Nan lòt okazyon, nou konn pase bon ti moman ansanm. Ki byenfè nou jwenn lè konsa? Nou vin gen plis apresyasyon youn pou lòt, e nou vin gen plis lanmou youn pou lòt. Epi, lè konpayon nou yo gen pwoblèm, nou kouri ede yo paske se bon zanmi nou yo ye (Pwovèb 17:17). Lè n reyini ak tout moun nan kongregasyon an, nou montre nou “gen sousi youn pou lòt.” — 1 Korentyen 12:25, 26.

Nou ankouraje w fè zanmi ak moun k ap fè volonte Bondye. W ap jwenn zanmi sa yo pami Temwen Jewova yo. Tanpri, pa kite anyen anpeche w vin reyini avèk nou.

  • Poukisa li bon pou n reyini ansanm ak kretyen parèy nou?

  • Ki lè w ap vin nan reyinyon pou w ka pi byen konnen nou?