Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 10

Ki sa adorasyon an fanmi an ye?

Ki sa adorasyon an fanmi an ye?

Kore disid

Brezil

Ostrali

Gine

Depi nan tan lontan, Jewova te vle pou chak fanmi pase tan ansanm, pou yo vin gen yon pi bon relasyon avè l e pou youn vin gen pi bon relasyon ak lòt (Detewonòm 6:6, 7). Se sa k fè, Temwen Jewova yo rezève tan chak semèn pou yo adore Jewova an fanmi, pou yo pale de bagay espirityèl ki gen rapò ak bezwen yo, e yo fè sa nan yon anbyans ki rilaks. Menmsi w ap viv poukont ou, tan w pran pou w etidye yon sijè biblik ki enterese w ba w yon bèl okazyon pou w pase tan ak Bondye.

Se yon moman pou n vin pi pwòch Jewova. Bib la di: “Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou.” (Jak 4:8). Nou vin pi byen konnen Jewova lè n chèche konnen kèk detay sou pèsonalite l e sou aksyon l te fè. N ap jwenn detay sa yo nan Bib la. Yon bon fason pou nou kòmanse yon adorasyon an fanmi, se lè n pase tan ap li Labib awotvwa ansanm. Nou ka suiv pwogram lekti Labib yo bay pou reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a. Nou ka bay chak moun nan fanmi an yon pati pou yo li alavans, epi, nou tout ka pale sou sa n te aprann nan vèsè sa yo.

Se yon moman pou moun nan fanmi an vin pi pwòch youn ak lòt. Lè mari ak madanm, paran ak pitit etidye Labib ansanm, sa fè relasyon yo gen youn ak lòt vin pi solid. Se yon moman ki dwe bay kè kontan, yon moman pezib, yon moman nan semèn nan tout moun nan fanmi an ap tann avèk enpasyans. Selon laj timoun yo ak sitiyasyon yo, nou ka chwazi sijè k ap pi bon pou yo. Nou ka itilize kèk ribrik ki parèt nan Toudegad ak Réveillez-vous! oswa sou sit nou an ki se jw.org. Nou ka pale sou yon pwoblèm timoun yo te rankontre nan lekòl yo e sou fason pou yo fè fas ak sitiyasyon an. Nou ka gade yon pwogram Tele JW (tv.pr418.com) epi fè yon ti pale sou li. Nou ka chante kantik yo pral chante nan reyinyon yo, nou ka pran yon ti rafrechisman lè adorasyon an fanmi an fini e sa ap fè tout moun kontan.

Moman espesyal sa a nou pase ansanm chak semèn, kote n ap adore Jewova a, ap ede tout fanmi an pran plezi nan Pawòl Bondye a e Jewova ap beni nou anpil pou tout efò nou fè. — Sòm 1:1-3.

  • Poukisa nou rezève tan pou nou fè adorasyon an fanmi?

  • Ki jan paran yo ka fè moman sa a pot kè kontan pou tout fanmi an?