Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 12

Kòman nou òganize travay predikasyon an?

Kòman nou òganize travay predikasyon an?

Espay

Belaris

Ong Kong

Pewou

Men sa Jezi te anonse yon ti tan anvan l te mouri: “Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan Wayòm nan sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon. Apre sa, lafen an ap vini.” (Matye 24:14). Men, ki jan n rive fè travay predikasyon an sou tout tè a? Nou fè sa lè n suiv egzanp Jezi te kite pou nou pandan l te sou tè a. — Lik 8:1.

Nou fè efò pou nou jwenn moun yo lakay yo. Jezi te bay disip li yo fòmasyon pou yo preche bon nouvèl la kay an kay (Matye 10:11-13; Travay 5:42; 20:20). Nan premye syèk la, Jezi te bay evanjelizatè sa yo tèritwa pou yo preche (Matye 10:5, 6; 2 Korentyen 10:13). Menm jan an tou jodi a, nou byen òganize travay predikasyon an, chak kongregasyon gen tèritwa pa yo. Sa pèmèt nou obeyi kòmandman Jezi te bay pou nou “preche pèp la e pou nou bay yon temwayaj konplè”. — Travay 10:42.

Nou fè tout sa n kapab pou n rankontre moun yo kèlkeswa kote yo ye. Jezi t al preche kote li t ap jwenn moun, tankou bò lanmè oswa bò pi dlo. Konsa li kite yon bèl egzanp pou nou (Mak 4:1; Jan 4:5-15). Nou menm tou, nou pale de Bib la ak moun yo tout kote n jwenn yo, nan lari, nan biznis, sou plas piblik, oubyen nan telefòn. Anplis de sa, nou preche vwazen nou, kòlèg travay nou, elèv lekòl parèy nou ak fanmi nou lè n jwenn yon bon okazyon pou sa. Grasa tout efò sa yo, plizyè milyon moun sou tout tè a rive tande “bon nouvèl delivrans” lan. — Sòm 96:2.

Èske gen yon moun ou ta renmen pale avè l sou bon nouvèl Wayòm Bondye a, e w ta renmen fè l konnen efè bon nouvèl sa a ka gen sou avni l? Pa kenbe mesaj sa a pou ou, se yon mesaj ki bay espwa. Pataje sa w aprann yo ak lòt moun osito sa posib!

  • Ki “bon nouvèl” nou dwe preche?

  • Ki jan Temwen Jewova yo suiv egzanp Jezi nan fason yo preche?