Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 13

Ki sa yon pyonye ye?

Ki sa yon pyonye ye?

Kanada

Kay an kay.

Etid biblik.

Etid pèsonèl.

Byen souvan, yo itilize mo “pyonye” a pou pale de moun ki dekouvri yon tèritwa an premye e ki ouvri pòt pou lòt moun. Nan sans sa a Jezi te yon pyonye, piske Jewova te voye l sou tè a pou l bay lavi l pou nou e pou l ban nou posiblite pou nou sove (Matye 20:28). Jodi a, disip li yo imite l lè yo pase plis tan posib nan travay “fè disip” la (Matye 28:19, 20). Gen ladan yo ki gen posiblite patisipe nan yon aktivite nou rele sèvis pyonye.

Se yon moun k ap preche aplentan. Tout Temwen Jewova yo se pwoklamatè bon nouvèl la. Men, gen kèk ladan yo ki fè aranjman pou yo sèvi kòm pyonye pèmanan e yo pase 70 èdtan chak mwa nan travay predikasyon an. Pou yo fè sa, anpil ladan yo chwazi pa travay aplentan. Gen lòt menm yo nome pyonye espesyal nan zòn yo bezwen plis pwoklamatè bon nouvèl la. Yo pase 130 èdtan oswa plis nan travay predikasyon an chak mwa. Pyonye yo kontan mennen yon vi senp. Yo gen konfyans Jewova ap ba yo tout sa k nesesè pou yo viv (Matye 6:31-33; 1 Timote 6:6-8). Moun ki pa ka sèvi aplentan kòm pyonye ka sèvi kòm pyonye oksilyè lè yo gen posiblite pou sa e konsa, yo ka ogmante patisipasyon yo nan travay predikasyon an lè yo pase 30 oswa 50 èdtan nan travay sa a pandan yon mwa.

Se yon moun lanmou l gen pou Bondye ak pwochen l fè l preche plis. Menm jan ak Jezi, jodi a nou remake moun yo sanzespwa, se pa ti bezwen yo bezwen aprann konnen Bondye ak objektif li (Mak 6:34)! Men, nou gen konesans k ap pèmèt nou ede yo depi kounye a, e konsa yo ka vin gen bonjan espwa pou lavni. Lanmou yon pyonye gen pou pwochen l pouse l bay tan l ak enèji l san rezèv pou l ede yo vin gen bon relasyon ak Bondye (Matye 22:39; 1 Tesalonisyen 2:8). Konsa, lafwa pyonye a vin pi solid, li vin pi pwòch ak Bondye e li viv ak plis kè kontan. — Travay 20:35.

  • Ki moun ou t ap di yon pyonye ye?

  • Sa k pouse kèk moun sèvi aplentan kòm pyonye?