Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 14

Ki fòmasyon pyonye yo resevwa?

Ki fòmasyon pyonye yo resevwa?

Etazini

Lekòl Galaad, nan Patèsonn, Nouyòk.

Panama

Depi lontan, yo rekonèt Temwen Jewova yo kòm moun ki resevwa bonjan fòmasyon. Yo òganize yon seri lekòl espesyal kote moun k ap preche aplentan yo kapab jwenn fòmasyon pou yo ‘akonpli sèvis yo nèt’. — 2 Timote 4:5.

Lekòl Pyonye. Lè yon frè oswa yon sè fin pase premye ane l kòm pyonye pèmanan, li ka asiste yon lekòl k ap dire sis jou ki ka fèt nan yon Sal Wayòm nan zòn li abite a. Objektif lekòl sa a se ede pyonye yo vin gen pi pwòch ak Jewova, pou yo vin pi efikas nan tout aspè travay predikasyon an, epi kontinye nan sèvis la.

Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan. Se yon lekòl ki dire de mwa e objektif li se fòme pyonye ki gen eksperyans e ki dispoze kite kote yo ye a pou y al sèvi kote ki gen bezwen. Se kòmsi pyonye sa yo di: “Men mwen! Voye m”. Konsa, yo imite Jezi Kris, pi gwo Evanjelizatè ki te pase sou tè a (Ezayi 6:8; Jan 7:29). Pou yon moun viv lwen peyi l, sa ka mande pou l adapte l ak yon vi ki pi senp parapò ak vi l t ap mennen an. Kilti moun nan zòn nan, tanperati zòn nan ak manje nan zòn nan ka diferan nèt ak sa l te konnen. Li ka menm bezwen aprann yon lòt lang. Lekòl sa a ede frè ak sè ki selibatè ansanm ak koup marye, ki gen ant 23 ak 65 an, pou yo devlope bèl kalite espirityèl k ap ede yo nan asiyasyon yo ak yon seri kapasite k ap pèmèt yo itil Jewova ak òganizasyon l lan plis toujou.

Lekòl Galaad. Mo ebre lè yo tradui l ki bay “Galaad” la vle di “gwo temwayaj”. Depi lè Lekòl Galaad te fonde an 1943, plis pase 8 000 moun pase ladan l. Yo te voye yo kòm misyonè pou bay temwayaj “jis nan dènye bout tè a” e yo jwenn bon rezilta (Travay 13:47). Premye fwa yo te voye moun ki fèk sot nan Lekòl sa a Pewou, pa t gen kongregasyon nan peyi a. Kounye a, gen plis pase 1 000 kongregasyon. Premye fwa yo te voye misyonè nan peyi Japon, yo pa t menm jwenn dis pwoklamatè nan peyi a. Kounye a, gen plis pase 200 000. Elèv k ap asiste Lekòl Galaad yo pase senk mwa ap etidye Pawòl Bondye a afon. Se pyonye espesyal, oswa misyonè, moun k ap travay nan biwo filyal, oswa moun ki nan sèvis sikonskripsyon yo envite nan lekòl sa a pou yo jwenn fòmasyon k ap pèmèt yo bay travay predikasyon an jarèt toupatou sou tè a.

  • Ki objektif lekòl pyonye a?

  • Pou kiyès yo fè Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan?