Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 17

Kòman siveyan sikonskripsyon yo ede nou?

Kòman siveyan sikonskripsyon yo ede nou?

Malawi

Yo fè soti predikasyon.

Yo preche avè n.

Yo fè reyinyon ak ansyen yo.

Ekriti grèk yo pale souvan de Banabas ak apot Pòl. Mesye sa yo te yon seri siveyan ki te konn vizite kongregasyon nan premye syèk la. Poukisa yo te konn al vizite kongregasyon yo? Yo te gen bonjan sousi pou byennèt frè ak sè nan kongregasyon yo. Pòl te di li vle “tounen al vizite frè yo” pou l te ka wè ki jan yo ye. Li te dispoze vwayaje sou plizyè santèn kilomèt pou l te ka fòtifye yo (Travay 15:36). Se menm dezi sa a siveyan k ap vizite kongregasyon yo genyen jodi a.

Yo vizite nou pou yo ankouraje nou. Chak siveyan sikonskripsyon vizite anviwon 20 kongregasyon e li pase yon semèn nan chak kongregasyon sa yo de fwa chak ane. Eksperyans frè sa yo fè ka itil nou anpil, e si yo marye, eksperyans madanm yo fè ka itil nou tou. Yo fè tout sa yo kapab pou yo konnen ni jèn ni granmoun e yo byen kontan preche ansanm ak nou epi akonpaye nou nan etid biblik nou genyen. Siveyan sa yo al fè vizit pastoral ak ansyen yo e yo bay diskou ki ankourajan ni nan reyinyon yo ni nan asanble yo pou yo ka fòtifye nou. — Travay 15:35.

Yo enterese nan tout moun. Siveyan sikonskripsyon yo enterese anpil nan kondisyon espirityèl kongregasyon yo. Yo reyini ak ansyen yo ak asistan ministeryèl yo pou yo egzamine pwogrè kongregasyon an fè e pou yo ba yo konsèy pratik k ap ede yo byen ranpli responsablite yo. Yo ede pyonye yo vin pi efikas nan travay predikasyon an e yo kontan rankontre nouvo yo pou yo tande pwogrè espirityèl yo fè. Frè sa yo dispoze “travay ansanm avè [n] nan enterè nou”. (2 Korentyen 8:23). Nou dwe imite lafwa yo ak atachman yo gen pou Bondye. — Ebre 13:7.

  • Pou ki rezon siveyan sikonskripsyon yo vizite kongregasyon yo?

  • Ki sa w ka fè pou w byen pwofite vizit siveyan yo?