Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 18

Ki sa n fè pou n ede frè nou yo lè gen katastwòf?

Ki sa n fè pou n ede frè nou yo lè gen katastwòf?

Repiblik dominikèn

Japon

Ayiti

Lè gen katastwòf, Temwen Jewova yo òganize yo byen vit pou yo pote frè ak sè ki nan pwoblèm yo sekou. Efò sa yo montre jan n gen lanmou toutbon youn pou lòt (Jan 13:34, 35; 1 Jan 3:17, 18). Ki sa n fè pou n ede yo?

Nou bay lajan kòm ofrann. Nan premye syèk la, lè te gen yon gwo grangou nan Jide, kretyen ki t ap viv nan vil Antyòch yo te voye lajan pou frè ak sè yo (Travay 11:27-30). Menm jan an tou, lè n tande frè ak sè n yo nan lòt peyi gen gwo pwoblèm, nou bay ofrann nan kongregasyon nou e yo voye ofrann sa yo ale pou ede frè sa yo ki nan gwo bezwen. — 2 Korentyen 8:13-15.

Nou ba yo èd nou yon fason ki pratik. Ansyen ki nan zòn ki gen katastwòf la chèche pran kontak ak chak moun ki nan kongregasyon yo pou yo asire yo tout moun la e yo an sekirite. Yo konn fòme yon komite sekou pou kowòdone travay k ap fèt yo, tankou distribye manje, bay moun dlo pou yo bwè, bay moun rad, bay moun kote pou yo rete. Epi yo ede moun jwenn swen medikal. Gen anpil Temwen ki pratike yon metye yo gen bezwen nan moman an ki pote yo volontè pou patisipe nan travay sekou a oswa ki ede nan travay reparasyon kay ak Sal Wayòm ki andomaje. Pou volontè sa yo deplase, se kòb yo yo itilize pou yo peye vwayaj yo. Lefètke nou gen inite nan òganizasyon an e nou gen anpil eksperyans paske nou abitye travay ansanm, sa fè n òganize nou byen vit lè gen katastwòf. Se vre, nou ede “moun ki fanmi nou nan lafwa”, men lè sa posib, nou ede lòt moun tou kèlkeswa relijyon yo. — Galat 6:10.

Nou ba yo èd espirityèl ak konsolasyon. Se moun ki viktim anba katastwòf yo sitou ki bezwen konsolasyon. Nan moman sa yo, nou chèche jwenn fòs nan men Jewova, “Bondye tout konsolasyon an”. (2 Korentyen 1:3, 4.) Nou kontan fè moun ki sanzespwa yo konnen pwomès ki nan Bib la, e n ede yo gen konfyans nan Wayòm Bondye a piske talè konsa li pral retire tout pwoblèm ki fè yo nan lapenn e ki lakòz y ap soufri. — Revelasyon 21:4.

  • Sa k fè Temwen Jewova yo ka aji byen vit lè gen katastwòf?

  • Ki vèsè nan Bib la nou ka itilize pou nou konsole moun yo?